Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Paran — Anseye pitit ou depi yo toupiti

Paran — Anseye pitit ou depi yo toupiti

MEN sa Bib la di: “Gade! Pitit gason se yon eritaj Jewova bay, fwi ki sot nan vant se yon rekonpans.” (Sòm 127:3, NW). Se sa k fè, nou pa sezi wè jan paran yo kontan anpil lè yo fèk gen yon timoun.

Se vre, lè yon timoun fèk fèt sa pote lajwa, men, sa mache ak anpil responsablite tou. Yon timoun bezwen jwenn manje ki gen vitamin regilyèman pou l ka grandi, e apre sa, pou l ret an sante. Pou timoun nan ka pran pozisyon fèm pou vrè adorasyon an, li bezwen pou paran l yo, k ap fè gwo efò pou antre prensip Bondye yo nan lespri l, fè l jwenn manje espirityèl epi ba l konsèy (Pwo. 1:8). Ki lè ansèyman sa a dwe kòmanse, e ki sa l dwe gen ladan l?

 PARAN YO BEZWEN ENSTRIKSYON

Ann konsidere egzanp Manowa, yon moun ki te soti nan tribi Dàn e ki t ap viv nan vil Zora, nan Izrayèl tan lontan an. Zanj Jewova a te fè madanm Manowa, ki pa t ka fè pitit, konnen li t apral fè yon pitit gason (Jij 13:2, 3). Pa gen dout nan sa, ni Manowa, yon moun ki te fidèl, ni madanm li te kontan anpil lè yo te tande nouvèl sa a. Sepandan, yo te enkyè anpil tou. Se sa k fè, Manowa te priye konsa: “Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.” (Jij 13:8). Manowa ak madanm li te enkyete yo pou edikasyon pitit yo a. Pa gen dout nan sa, yo te anseye pitit gason yo a, ki te rele Samson, lwa Bondye yo, e sa klè, efò yo te fè yo te pote bon rezilta. Bib la fè konnen ‘lespri Senyè a te kòmanse travay nan Samson’. Kòm rezilta, antanke jij nan peyi Izrayèl, Samson te fè anpil gwo aksyon. — Jij 13:25; 14:5, 6; 15:14, 15.

Manowa te priye Jewova pou l jwenn enstriksyon sou fason pou l leve pitit li t apral genyen an.

Ki lè nou ta dwe kòmanse anseye timoun nou yo? Timote te aprann “sa ki ekri nan liv sakre yo” nan men manman l Enis, ak granmè l Loyis, “depi [lè l te] toupiti”. (2 Tim. 1:5; 3:15.) Vrèmanvre, Timote te kòmanse aprann sa ki nan Ekriti yo depi lè l te toupiti.

Li bon pou paran ki kretyen yo priye Jewova pou yo jwenn direksyon l, epi pou yo prepare yo alavans pou yo ka kòmanse anseye timoun yo “depi [yo] toupiti”. Bib la fè konnen: “Plan yon moun ki dilijan ap pote avantaj san mank.” (Pwo. 21:5, NW). Se sèten paran yo fè bonjan preparasyon anvan timoun nan fèt. Yo gendwa menm gen yon lis kèk bagay tibebe a ap bezwen. Li enpòtan tou pou yo planifye pou yo fè kèk aktivite espirityèl ak timoun nan. Yo dwe gen objektif pou yo kòmanse anseye timoun nan byen bonè nan lavi l.

Men sa yon liv fè konnen: “Se nan mwa ki vini tousuit apre timoun nan fin fèt la sèvo l kòmanse devlope. Pandan tan sa a, kantite sinaps yo, anpalan de koneksyon ant selil yo ki pèmèt timoun nan kòmanse aprann yo, vin 20 fwa plis pase kantite yo te ye anvan.” (Early Childhood Counts — A Programming Guide on Early Childhood Care for Development). Se pa ti saj li saj pou paran yo pwofite ti tan tou kout sa a kote kapasite mantal timoun yo ap devlope a pou yo kòmanse aprann timoun yo konnen Jewova ansanm ak prensip li yo!

Men sa yon manman ki pyonye pèmanan di konsènan pitit fi l la: “Mwen te kòmanse mennen l nan predikasyon depi lè l te gen yon mwa sèlman. Byenke l pa t ka konprann sa k t ap fèt la, mwen ret kwè abitid sa a mwen te ba l byen bonè a te gen yon bon efè sou li. Lè l te vin gen dezan, li pa t pè ofri moun nou rankontre nan predikasyon yo feyè.”

Lè n kòmanse anseye timoun yo byen bonè, sa bay bon rezilta. Sepandan, paran yo rann yo kont se pa yon bagay ki fasil pou enstwi yon timoun nan domèn espirityèl.

“BYEN SÈVI AK TAN NOU”

Yon bagay ki kapab yon gwo defi pou paran yo se lè yon timoun pa ka ret anplas oswa l pa ka ret konsantre pandan lontan. Nan yon bat je, timoun piti yo ka sispann konsantre yo sou yon bagay pou y al konsantre yo sou yon lòt. Dayè, yo kirye anpil e yo toujou ap chèche konnen sa k ap pase toutotou yo. Ki sa paran yo ka fè pou ede pitit yo rete konsantre sou sa y ap fè efò pou anseye yo a?

Ann konsidere pawòl Moyiz te di nou jwenn nan Detewonòm 6:6, 7 (NW). Men sa l te di: “Pawòl sa yo mwen òdone w jodi a dwe nan kè w. Ou dwe fè yo antre nan lespri pitit gason w, e ou dwe pale l de yo lè w chita lakay ou, lè w ap mache sou wout, lè w kouche, e lè w leve.” Ekspresyon “fè yo antre” a vle di repete ansèyman an plizyè fwa pou timoun yo. Yon timoun piti menm jan ak yon ti pyebwa ki bezwen yo wouze l regilyèman. Etandone repetisyon konn ede moun ki pi gran yo pou yo sonje yon seri bagay enpòtan, se sèten l ap ede timoun piti yo tou!

Pou paran yo anseye timoun yo laverite ki nan Pawòl Bondye a, sa mande pou yo pase tan ak yo. Nan monn sa a kote tout bagay prale byen rapid, li kapab difisil pou paran yo jwenn tan pou yo pase ak timoun yo. Men, apot Pòl te egzòte kretyen yo pou yo “byen sèvi ak tan” yo yon fason pou yo jwenn tan pou aktivite ki enpòtan yo (Efe. 5:15, 16). Ki jan yo ka fè sa? Gen yon ansyen, ki gen madanm li ki gen yon pwogram ki chaje antanke pyonye pèmanan, ki twouve l difisil pou l fè ekilib ant anseye yon timoun,  ranpli responsablite teyokratik li ak travay pwofàn li. Ki jan yo te rive jwenn tan pou yo anseye pitit fi yo a? Men sa papa a di: “Mwen menm ak madanm mwen konn li yon pòsyon nan Liv istwa biblik mwen an oswa nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a pou li chak maten anvan m al travay. Nan aswè, nou asire n nou fè lekti pou li anvan l al dòmi, epi nou toujou mennen l avè n lè n pral preche. Nou pa vle rate okazyon pou n anseye l byen bonè nan lavi l.”

‘PITIT GASON YO TANKOU FLÈCH’

Se sèten nou ta renmen wè timoun nou yo grandi pou yo vin moun ki pran responsablite yo oserye. Sepandan, rezon ki pi enpòtan ki fè n dwe anseye yo se pou n ka fè yo vin gen lanmou pou Bondye nan kè yo. — Mak 12:28-30.

Men sa nou li nan Sòm 127:4 (NW): “Pitit gason yon moun fè lè l jèn tankou flèch ki nan men yon gason ki fò.” Konsa, yo konpare timoun yo ak flèch paran yo bezwen byen tire pou l al frape bagay y ap vize a. Yonfwa yon moun ki konn tire flèch fin tire yon flèch, li pap ka fè flèch la retounen nan banza a ankò. Menm jan an tou, timoun yo tankou “flèch” ki nan men paran yo pou sèlman yon ti tan tou kout. Paran yo dwe sèvi ak tan sa a pou yo antre prensip Bondye yo nan lespri timoun yo ak nan kè yo.

Men sa apot Jan te ekri konsènan pitit espirityèl li yo: “Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite.” (3 Jan 4). Paran ki kretyen yo kapab demontre menm rekonesans sa a lè yo wè pitit yo “kontinye ap mache nan laverite”.