Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

• Kiyès Olivétan te ye, e poukisa nou ta dwe enterese nan travay li a?

Se sou non sa a yo te konnen yon fransè yo te rele Pierre Robert. Pandan Refòm nan, ki te fèt nan 16yèm syèk epòk nou an, li te tradui Bib la an fransè. Nan tradiksyon l lan, li te prefere mete “siveyan” nan plas “evèk” e “kongregasyon” nan plas “legliz”. Gen kèk kote nan tradiksyon sa a li te mete “Jewova” lè l t ap tradui non Bondye. — 1/9-F, paj 18-20.

• Ki sa Bondye te vle di lè l te di Levit yo se li menm “ki tout” yo?

Chak tribi nan peyi Izrayèl te gen yon pòsyon tè, men se Jewova ki te “tout” bagay pou Levit yo (Nonb 18:20). Yo pa t resevwa yon pòsyon tè nan peyi a, men yo te resevwa yon privilèj espesyal. Malgre sa, Jewova te ba yo tout sa yo bezwen nan domèn materyèl. Jodi a, moun ki gen privilèj pou yo fè enterè Wayòm nan avanse kapab gen konfyans Bondye ap ba yo sa yo bezwen pou yo viv. — 15/9, paj 7-8, 13.

• Ki jan nou fè konnen ki lè vil Jerizalèm tan lontan an te tonbe anba men Babilonyen yo?

Konsènan wa babilonyen yo ak epòk wa sa yo t ap dirije, istoryen yo pa bay menm enfòmasyon. Sepandan, gen moun ki fè anpil rechèch ki dakò Siris II te pran Babilòn nan ane 539 anvan epòk nou an. Dat sa a se yon dat ki enpòtan nan listwa. Juif yo te jwenn libète yo e yo te gentan retounen nan peyi yo nan ane 537 anvan epòk nou an. Bib la fè konnen egzil la te dire 70 an. Sa vle di Jerizalèm dwe te tonbe an 607 anvan epòk nou an (2 Kwo. 36:21, 22; Jer. 29:10; Dàn. 9:1, 2). — 1/10-F, paj 26-31.

• Ki sa ki ka ede yon kretyen konnen si wi ou non yon detant bon pou li?

Pou yon kretyen konnen si yon detant bon pou li e si detant sa a bon nan je Jewova, l ap bon pou l poze tèt li kesyon sa yo: Ki sa ki gen nan detant sa a? Ki lè m ap patisipe ladan l? Ak kiyès m ap detann mwen? — 15/10, paj 9-12.

• Poukisa li pa bon pou yon fi jete pitit?

Se paske lavi sakre pou Bondye, e pou li yon tibebe ki nan vant se yon moun ki vivan (Sòm 139:16). Lè yon moun touye yon tibebe anvan l fèt, se yon zak asasinay. Lwa Moyiz la montre sa, paske selon Lwa sa a, si yon moun ta frape yon timoun ki nan vant manman l e yon bagay ta rive timoun nan, moun nan t ap peye pou sa (Egz. 21:22, 23). — 1/11-F, paj 6.

• Ki jan Pwovèb 7:6-23 ede nou pou nou pa gade pònografi?

Nan vèsè sa yo, yo pale de yon jennonm k al mache yon kote li konnen gen yon pwostitye k ap viv la epi pwostitye a pran tèt li. Jodi a, l ap bon pou nou pa kite tantasyon fè n al sou sit Entènèt ki gen imaj chokan sou yo, e li enpòtan pou n priye Bondye anvan tantasyon fè n al gade imaj sa yo sou Entènèt. — 15/11, paj 9-10.

• Ki jan nou fè konnen tè a ap toujou la apre 2012?

Gen moun ki panse lafendimonn ap rive nan ane 2012 dapre sa yo dekouvri nan yon ansyen kalandriye maya. Men, sa pa posib, paske Jewova te kreye tè a pou moun rete sou li. Bib la di tè a ap la pou tan endefini (Ekl. 1:4, NW; Eza. (Iza.) 45:18). — 1/12-F, paj 10.

• Ki moun ki te patisipe nan ekri Bib la ki te la nan Pannkòt ane 33 epòk nou an?

Sanble gen sis nan moun ki te ekri Liv ki te ekri an grèk yo ki te la. Gen twa apot ki te la: Matye, Jan ak Pyè. De nan frè Jezi te gen bò kot manman yo, Jak ak Jid, te la tou. E sanble Mak, ki te yon jèn gason, te la. — 1/12-F, paj 22.