Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou kapab “reyisi nan chemen w”! Ki jan?

Ou kapab “reyisi nan chemen w”! Ki jan?

Ou kapab “reyisi nan chemen w”! Ki jan?

MO “REYISI” a se yon mo ki kapte atansyon moun. Gen kèk moun ki vin gen gwo djòb, ki reyisi vin rich e ki reyisi gen gwo renome. Gen lòt menm ki te swete reyisi nan lavi yo, men sa pa janm fèt.

Pou yon moun reyisi, sa depann anpil de sa li bay priyorite nan lavi l. De lòt bagay ki enpòtan ankò, se fason l itilize tan l ak enèji l e èske l se yon moun ki pran inisyativ.

Gen anpil kretyen ki jwenn bonjan satisfaksyon lè yo bay tout yo menm nan ministè a. Tout moun ki chwazi rete nan sèvis aplentan, kit yo jèn kit yo granmoun, reyisi nan lavi yo. Sepandan, gen kèk moun ki gendwa pa pran plezi nan sèvis y ap bay Jewova a, e yo bay lòt bagay plis enpòtans pase sèvis sa a. Ki sa k ka fè sa? Ki sa w kapab fè pou w kite je w fikse sou sa ki vrèman enpòtan? E ki jan w ka “reyisi nan chemen w”? — Joz. 1:8, NW.

Detant ak aktivite ki fèt nan lekòl yo

Jèn ki kretyen yo bezwen fè bonjan ekilib ant sèvis y ap bay vrè Dye a ak lòt aktivite. Jèn ki fè sa yo sou wout pou yo reyisi nan lavi yo e yo merite bonjan felisitasyon.

Sepandan, gen kèk jèn ki rantre twò fon nan aktivite ki fèt nan lekòl yo e ki pase twòp tan ap detann yo. Gendwa pa gen anyen ki mal nan aktivite sa yo, men, jèn ki kretyen yo dwe mande tèt yo: ‘Konbyen tan m pase nan aktivite sa yo? Ak ki moun mwen pran kontak? Ki enfliyans moun sa yo gen sou mwen? Èske aktivite sa yo ka vin tounen bagay ki pi enpòtan nan lavi m?’ Petèt ou rann ou kont yon moun ka vin tèlman ap pase tan nan aktivite sa yo, li pa ret ase tan oswa enèji pou l kenbe relasyon l ak Bondye. Kidonk, ou kapab konprann poukisa li enpòtan pou yon moun gen priyorite — Efe. 5:15-17.

Men sa yon frè ki rele Viktò * di: “Lè m te gen 12 an, mwen te nan yon klèb volebòl. Avèk letan, mwen te vin gen anpil prim e m te kapab vin selèb.” Avèk letan, Viktò te kòmanse santi l gen pwoblèm akoz efè jwèt sa a te gen sou relasyon l ak Jewova. Yon jou, dòmi te pran l pandan li t ap eseye li Labib. Epitou, li te rann li kont li pa t tèlman pran plezi nan preche kay an kay. Men sa l te kontinye pou l di: “Jwèt sa a te pran tout fòs mwen, e m pa t pran tan pou m reyalize li te kòmanse fè m pèdi zèl mwen nan sèvis Jewova a. Mwen te konnen mwen pa t fè tout sa m te kapab nan sèvis li.”

Gwo etid

Selon Labib, yon kretyen gen obligasyon pou l pran swen fanmi l, sa ki mande tou pou l ba yo sa yo bezwen nan domèn materyèl (1 Tim. 5:8). Men, èske yon kretyen vrèman bezwen yon diplòm nan yon inivèsite pou l rive fè sa?

Li ta bon pou nou reflechi sou enpak gwo etid ka genyen sou relasyon nou ak Jewova. Ann pran yon egzanp nan Bib la k ap ede nou konprann sa.

Bawouk te sekretè pwofèt Jeremi. Rive yon lè, olye pou Bawouk te konsantre l sou privilèj li te genyen pou l sèvi Jewova, li te kòmanse vin gen anbisyon. Jewova te wè sa e li te itilize Jeremi pou l avèti Bawouk. Men sa Jewova te di l: “Ou kontinye ap chèche gwo bagay pou tèt ou. Pa kontinye chèche.” — Jer. 45:5, NW.

Ki “gwo bagay” konsa Bawouk te kontinye ap chèche? Petèt li t ap eseye vin gen yon gwo renome nan sistèm juif la. Oswa, li te gendwa ap chèche vin posede anpil bagay materyèl. Kèlkeswa sa Bawouk t ap chèche a, bagay sa a te fè l sispann bay bagay ki pi enpòtan yo premye plas nan lavi l, bagay ki te kapab ede l rete pwòch ak Jewova (Fil. 1:10). Sepandan, Bawouk te koute avètisman Jewova te ba li pa mwayen Jeremi an, e konsa, li te sove lavi l. — Jer. 43:6.

Ki sa nou aprann nan istwa sa a? Konsèy Bawouk te resevwa a montre Bawouk te gen yon pwoblèm: li t ap chèche gwo bagay pou tèt li. Si w deja gen mwayen pou w viv, èske w vrèman bezwen gaspiye tan, lajan ak enèji nan kontinye fè plis etid paske w vle satisfè tèt ou, paran w oswa lòt moun nan fanmi w?

Gregò, yon enfòmatisyen ki konn fè lojisyèl, te kite kòlèg travay li yo enfliyanse l pou l pran yon kou entansif pou l kapab pran plis fòmasyon nan domèn enfòmatik. Anvan l bat je l, li pa t jwenn tan ankò pou bagay ki gen rapò ak relasyon l ak Jewova. Men sa l di: “Mwen te santi m toujou strese. Konsyans mwen t ap kale m paske mwen pa t ka atenn objektif espirityèl mwen te genyen yo.”

Pa kite travay pran tout tan w

Pawòl Bondye a ankouraje vrè kretyen yo pou yo travay di e pou yo responsab, kit y ap travay ak moun, kit yo gen moun k ap travay pou yo. Men sa apot Pòl te ekri: “Kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm nou, tankou se pou Jewova, e non pa pou lèzòm.” ​(Kol. 3:22, 23). Se vre, li bon pou nou travay di, men, nou bezwen gen yon bon relasyon ak Kreyatè nou an tou (Ekl. 12:13). Si yon kretyen kite travay li pran tout tan l, li pap fasil pou l bay aktivite espirityèl yo premye plas nan lavi l.

Lè yon kretyen pase twòp tan ap travay, sa ka fè l santi l twò fatige pou l rete ekilibre nan domèn espirityèl e pou l ede fanmi l nan domèn sa a. Wa Salomon te remake, souvan, lè yon moun “touye tèt [li] ap travay di”, sa “pa rapòte [l] anyen”. Si yon kretyen pase twòp tan ap travay, sa ka fè l rete twò lontan anba gwo strès. Li ka menm rive nan pwen kote li about, li pa kapab ankò, afòs li vin esklav travay li. Lè sa a, èske ‘kè l ap kontan’ toutbon, e èske l ap ‘jwi sa travay li rapòte l’ ​(Ekl. 3:12, 13; 4:6)? Sa ki pi enpòtan toujou, èske l ap gen ase fòs pou l pran responsablite l nan fanmi an e pou l patisipe nan aktivite espirityèl yo?

Janouz ap viv ann Ewòp de Lès e li te kite biznis li te genyen an pran tout tan l. Men sa l di: “Moun nan monn nan te respekte m paske m te gen anpil bèl ide e m te konn fini chak travay yo te konn ban m fè. Men, relasyon m ak Jewova te peye sa, e m te sispann preche. Mwen pa t pran tan pou m sispann asiste reyinyon yo. Mwen te tèlman vin gen ògèy, ata konsèy ansyen yo m pa t koute. Finalman, mwen te abandone kongregasyon an.”

Ou kapab reyisi lavi w

Nou sot wè twa bagay ki ka fè yon moun pèdi relasyon l ak Jewova lè li pase twòp tan ladan yo. Èske gen youn nan bagay sa yo ou pase twòp tan ladan l? Si se ka pa w, kesyon, vèsè ak kòmantè ki vin apre yo ka ede w wè si wi ou non ou sou wout pou w reyisi nan lavi w toutbon.

Detant ak aktivite ki fèt nan lekòl yo: Konbyen tan ou pase nan aktivite sa yo? Èske aktivite sa yo pran tan w te konn rezève pou bagay espirityèl yo? Èske w vin mwens anvi pase tan ak frè ak sè yo? Si w remake sa, poukisa w pa imite egzanp wa David ki te sipliye Jewova pou Jewova ‘moutre l chemen pou l pran an’? — Sòm 143:8.

Gen yon siveyan ki te ede Viktò, frè nou te pale li anvan an. Men sa siveyan an te di l: “Ou vrèman kontan lè w ap pale de volebòl.” Men sa Viktò di: “Pawòl sa yo te souke m. Mwen te rann mwen kont mwen te ale twò lwen. San pèdi tan, mwen te koupe tout kontak ak zanmi m te gen nan klèb la e m te chèche fè zanmi nan kongregasyon an.” Jodi a, Viktò zele nan adorasyon l ap bay Jewova nan kongregasyon an. Men konsèy li bay: “Mande zanmi w, paran w oswa ansyen nan kongregasyon an si yo wè aktivite ou gen nan lekòl ou yo fè w vin pi pwòch Jewova oswa vin lwen l.”

Petèt li t ap bon pou w fè ansyen yo konnen ou ta renmen gen plis privilèj nan kongregasyon an. Èske w kapab ede moun aje yo ki bezwen moun bò kote yo e ki bezwen èd? Petèt ou kapab fè komisyon pou yo, oswa ede yo fè travay lakay yo? Kèlkeswa laj ou, ou ka antre nan sèvis aplentan. Konsa, w ap kapab preche lòt moun bon nouvèl la, yon nouvèl ki bay kè kontan.

Gwo etid: Jezi te bay avètisman pou moun pa “chèche pwòp glwa” yo (Jan 7:18). Kèlkeswa nivo etid ou ta renmen fè nan monn nan, èske l pa ta bon pou w “rekonèt [ki] bagay ki pi enpòtan”? — Fil. 1:9, 10.

Gregò, enfòmatisyen nou te mansyone anvan an, te fè kèk chanjman nan lavi l. Men sa l te di: “Mwen te pran konsèy ansyen yo te ban mwen an oserye e mwen te senplifye lavi m. Mwen te rann mwen kont mwen pa t bezwen fè plis etid nan monn nan. Si m te fè sa, mwen t ap gaspiye tan m ak enèji m.” Gregò te kòmanse patisipe plis nan aktivite kongregasyon an. Avèk letan, li te gradye nan lekòl yo rele kounye a Lekòl biblik pou frè selibatè yo. Wi, Gregò te vin “byen sèvi ak tan” l pou l jwenn plis fòmasyon nan òganizasyon Jewova a. — Efe. 5:16.

Travay: Èske w mete bagay espirityèl yo sou kote afòs ou okipe nan travay ou? Èske w pran ase tan pou w pale ak fanmi w? Èske w amelyore patisipasyon w yo nan kongregasyon an? Poukisa w pa pale ak lòt moun yon fason pou w ankouraje yo. Se pou w “gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè.” Konsa, Jewova ap vide benediksyon sou ou e w ap “jwi sa travay ou rapòte ou”. — Ekl. 2:24; 12:13.

Janouz, frè nou te pale de li anvan an, pa t reyisi nan biznis li te genyen an. Anfèt, biznis la te kraze. Janouz te tounen vin jwenn Jewova san travay e l te chaje ak dèt. Li te met tout bagay annòd, e kounye a l ap sèvi antanke pyonye pèmanan e antanke ansyen. Men sa l di: “Lè m kontante m ak sa m genyen, toutpandan m ap itilize fòs mwen nan aktivite espirityèl yo, mwen santi lespri m anpè e kè m poze.” — Fil. 4:6, 7.

Pran yon ti tan pou w egzamine priyorite w yo yon fason ki onèt e mande tèt ou rezon ki fè se priyorite sa yo ou genyen. Lè yon moun sèvi Jewova, sa fè l reyisi nan lavi l. Kidonk, bay sèvis sa a premye plas nan lavi w.

Ou ka bezwen fè kèk chanjman. Ou ka menm bezwen elimine kèk bagay nan lavi w ki pa nesesè yon fason pou w verifye pèsonèlman “sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè”. (Wom. 12:2.) Men, ou kapab “reyisi nan chemen w” si w bay tout ou menm nan sèvis Jewova a.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Gen non moun yo chanje.

[Kare/Foto nan paj 31]

Ki jan w ka reyisi nan chemen w?

Jodi a, gen anpil bagay ki ka pran tan nou. Donk, ki jan nou ka kontinye kenbe je nou fikse sou bagay ki vrèman enpòtan yo? Pran yon ti tan pou w egzamine priyorite w yo ak rezon ki fè ou gen priyorite sa yo. Kesyon ki vin annapre yo ap ede w fè sa.

DETANT AK AKTIVITE KI FÈT NAN LEKÒL YO

▪ Anba ki enfliyans ou mete tèt ou lè w patisipe nan aktivite sa yo?

▪ Konbyen tan w oblije pase ladan yo?

▪ Èske aktivite sa yo pap vin tounen bagay ki pi enpòtan nan lavi w?

▪ Èske aktivite sa yo pran tan w te konn rezève pou aktivite espirityèl yo?

▪ Ak ki moun w ap pran kontak?

▪ Èske w pi pito pase tan ak moun sa yo olye w pase tan ak frè ak sè yo?

GWO ETID

▪ Si w deja gen yon mwayen pou w viv, èske w vrèman bezwen gaspiye tan, lajan ak enèji nan kontinye fè plis etid?

▪ Èske w vrèman bezwen yon diplòm nan yon inivèsite pou w rive pran swen tèt ou?

▪ Èske w ap kapab asiste tout reyinyon yo?

▪ Èske w “rekonèt [ki] bagay ki pi enpòtan”?

▪ Èske w bezwen gen plis konfyans nan kapasite Jewova genyen pou l pran swen w?

TRAVAY

▪ Èske travay ou ‘fè kè w kontan toutbon e èske w jwi sa li rapòte w’?

▪ Èske apre w fin travay ou gen ase fòs pou w pran responsablite w nan fanmi an e pou w patisipe nan aktivite espirityèl yo?

▪ Èske w rezève ase tan pou w pale ak fanmi w?

▪ Èske w tèlman okipe nan travay ou, ou oblije mete aktivite espirityèl yo sou kote?

▪ Èske travay ou gen efè sou kalite patisipasyon w yo nan kongregasyon an?

[Foto nan paj 30]

Jewova te avèti Bawouk pou l pa gen anbisyon.