Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, ki sa n ap fè ak lavi nou?

Jèn, ki sa n ap fè ak lavi nou?

Jèn, ki sa n ap fè ak lavi nou?

“M ap tire kou m yo yon fason pou se pa nan lib mwen tire yo.” —1 KOR. 9:26.

1, 2. Ofiramezi w ap grandi pou w vin granmoun, ki sa w bezwen genyen si w vle reyisi nan lavi a?

SI YON moun ta deside vwayaje sou yon wout li pa konnen, petèt li ta gendwa pote yon kat jeyografi ansanm ak yon bousòl. Kat la t ap ede l wè ki kote l ye e li t ap ede l deside ki wout pou l pran. Bousòl la t ap pèmèt li jwenn wout li san pwoblèm. Sepandan, ni kat la, ni bousòl la pa t ap itil li anyen si l pa konnen kote l prale. Pou l pa plede ap vire tounen, li t ap bezwen konnen egzakteman kote l prale.

2 Ofiramezi w ap grandi pou w vin granmoun, se nan yon sitiyasyon konsa w ye. Nonsèlman ou gen yon kat ki fyab, men tou ou gen yon bousòl. Bib la se kat ki kapab ede w konnen wout pou w pran an (Pwo. 3:5, 6). Si w byen fòme konsyans ou, l ap yon gwo èd k ap fè w rete sou bon wout la (Wom. 2:15). Li kapab sèvi kòm bousòl ou. Sepandan, pou w reyisi nan lavi a, ou bezwen konnen kote w prale tou. Ou bezwen gen objektif ki byen klè nan lespri w.

3. Dapre 1 Korentyen 9:26, ki byenfè Pòl te di yon moun ap jwenn lè li gen objektif?

3 Apot Pòl te montre avantaj ki genyen lè yon moun fikse objektif e l fè tout sa l kapab pou l atenn yo. Men sa l te di: “Mwen pap kouri san m pa konn kote m prale. M ap tire kou m yo yon fason pou se pa nan lib mwen tire yo.” ​(1 Kor. 9:26). Si w gen objektif, w ap ka kouri ak kè poze paske w konn kote w prale. Talè konsa, ou pral bezwen pran kèk gwo desizyon anrapò ak adorasyon w ap bay Jewova a, travay, maryaj ak fanmi, ak lòt ankò. Pafwa, ou gendwa santi w gen yon bann chwa devan w e w pa konn ki desizyon pou w pran. Sepandan, si w deside alavans ki wout ou vle fè e w baze desizyon w sou verite ak prensip ou jwenn nan Pawòl Bondye a, ou pap anvi ale nan yon move direksyon. —2 Tim. 4:4, 5.

4, 5. a) Ki sa ki ka rive si w pa gen objektif? b) Poukisa w ta dwe kite dezi w genyen pou w fè Bondye plezi gide w nan desizyon w ap pran?

4 Si w pa gen objektif, li posib pou jèn parèy ou yo ak pwofesè w enfliyanse w pou w fè sa yo panse ki bon pou ou. Natirèlman, menmsi ou gen objektif ki byen klè nan lespri w, gen moun k ap toujou vle ba w opinyon pa yo. Lè y ap ba w yon sijesyon, mande tèt ou: ‘Èske objektif yo mete devan m yo ap ede m sonje Kreyatè m nan pandan m jèn oubyen y ap anpeche m fè sa?’ —Li Eklezyas 12:1.

5 Poukisa w ta dwe kite dezi w genyen pou w sèvi Jewova gide w nan desizyon w ap pran? Yon rezon pou sa, se paske se Jewova ki ban nou tout bon bagay nou genyen (Jak 1:17). An reyalite, nou tout nou dwe gen Jewova rekonesans (Rev. 4:11). Pa gen pi bon fason pou n montre rekonesans nou anvè Jewova pase lè nou pa bliye l lè n ap fikse objektif pou tèt nou. Ann wè ki objektif ki ta bon pou w genyen e ki sa w ka fè pou w atenn yo.

Ki objektif ou kapab fikse?

6. Ki objektif enpòtan ou kapab fikse, e poukisa objektif sa a esansyèl?

Jan yo te di sa nan atik anvan an, yon objektif enpòtan ou kapab fikse, se konvenk tèt ou sa Bib la di yo se verite (Wom. 12:2; 2 Kor. 13:5). Jèn parèy ou yo kapab kwè nan evolisyon oswa nan divès fo doktrin fo relijyon yo anseye paske lòt moun di yo se sa pou yo kwè. Sepandan, ou pa dwe kwè yon bagay tou senpleman paske se sa lòt moun vle w kwè. Pa bliye sa, Jewova vle pou w sèvi l ak tout lespri w. (Li Matye 22:36, 37.) Papa nou ki nan syèl la vle pou w bati lafwa w sou verite ki nan Bib la. —Ebre 11:1.

7, 8. a) Ki objektif ou ka fikse pou w atenn nan yon tan ki kout k ap fòtifye lafwa w? b) Ki sa k ap rive ofiramezi w ap atenn kèk nan objektif sa yo?

7 Pou w ka fòtifye lafwa w, poukisa w pa fikse kèk objektif ou kapab atenn nan yon tan ki kout? Youn nan objektif sa yo se priye chak jou. Pou w pa plede repete menm pawòl yo e pou w ka priye pou bagay byen presi, ou kapab eseye ekri oubyen sonje bagay ki pase nan jounen an ou ta renmen priye sou yo. Nan priyè sa yo, pa pale sèlman de pwoblèm ou te rankontre pandan jounen an, men pale de bon bagay ki te rive w tou (Fil. 4:6). Yon lòt objektif ou kapab genyen, se li Bib la chak jou. Èske w te konnen si w li anviwon kat paj nan Bib la chak jou, w ap fin li l nèt nan yon ane sèlman *? Sòm 1:1, 2 di: ‘Ala bon sa bon pou moun ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k’ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit!’

8 Yon twazyèm objektif ou ka atenn nan yon tan ki kout, se prepare yon kòmantè pou chak reyinyon. Okòmansman, ou kapab li repons lan oswa li yon vèsè. Annapre, ou kapab gen objektif pou w reponn nan pwòp mo pa w. Chak fwa w bay yon kòmantè, se yon kado w fè Jewova (Ebre 13:15). Yonfwa w fin atenn kèk nan objektif sa yo, w ap vin gen plis konfyans nan tèt ou, w ap vin gen plis apresyasyon pou Jewova, e w ap pare pou w fikse objektif w ap kapab atenn alalong.

9. Si w poko yon pwoklamatè Wayòm nan, ki objektif ou ka fikse pou w atenn alalong?

9 Ki objektif ou ka fikse pou w atenn alalong? Si w poko kòmanse preche bon nouvèl la, yon objektif ou kapab fikse pou w atenn alalong se vin yon pwoklamatè Wayòm nan. Lè w rive atenn bèl objektif sa a, bat pou w preche regilyèman, pou w vin efikas, e pou w pa janm pase yon mwa san w pa preche. Epitou, aprann sèvi ak Bib la nan ministè a. Pandan w ap fè sa, sandout w ap remake ou vin pi renmen preche. Apre sa, ou ka ogmante kantite tan ou pase ap preche kay an kay, e w ka menm fè efò pou w gen yon etid biblik. Antanke yon pwoklamatè ki poko batize, pa gen pi bon objektif ou ta ka genyen pase objektif pou w kalifye pou w batize. Konsa, w ap vin yon Temwen Jewova ki vwe lavi l bay Bondye e ki batize.

10, 11. Ki objektif jèn ki batize yo kapab fikse pou yo atenn alalong?

10 Si w deja yon sèvitè Jewova ki batize, men kèk objektif ou kapab fikse pou w atenn alalong. Detanzantan, ou ta kapab al ede kèk kongregasyon preche tèritwa yo pa preche souvan. Yon lòt bagay ou kapab fè tou se itilize fòs ou ak kouraj ou pou w sèvi kòm pyonye oksilyè oswa pyonye pèmanan. Gen plizyè milye pyonye ki gen lajwa nan sèvis la k ap di w kòman sèvis aplentan se yon bon fason pou w montre ou sonje Kreyatè w la pandan w jèn. Ou kapab atenn objektif sa yo pandan w kay paran w. Sa ap bon anpil pou kongregasyon w ladan l lan si w atenn objektif sa yo.

11 Gen lòt objektif ou kapab fikse pou w atenn alalong ki pap sèlman pwofitab pou moun ki nan kongregasyon w lan. Pa egzanp, ou kapab fè aranjman pou w al sèvi nan yon lòt zòn oswa nan yon lòt peyi kote gen plis bezwen. Ou ta gendwa deside patisipe nan konstriksyon Sal Wayòm oswa nan konstriksyon filyal nan lòt peyi. Ou ta kapab menm antre nan Betèl oubyen vin yon misyonè. Natirèlman, premye objektif enpòtan ou bezwen atenn nan se batèm. Apre sa, w ap kapab atenn lòt objektif nou sot mansyone yo alalong. Si w poko batize, ann egzamine ki sa w ka fè pou w atenn objektif enpòtan sa a.

Atenn objektif ou genyen pou w batize

12. Pou ki rezon kèk moun batize, e sa k fè rezon sa yo pa valab?

12 Ki sa w t ap bay kòm rezon pou yon moun batize? Gen jèn ki gendwa panse batèm nan ap pwoteje yo pou yo pa tonbe nan peche. Gen lòt ki gendwa panse yo ta dwe batize paske lòt jèn parèy yo deja fè sa. Gen lòt jèn ankò ki batize pou yo fè paran yo plezi. Sepandan, batèm pa yon baryè ki anpeche yon moun fè sa l ta renmen fè anba anba, ni se pa yon desizyon yon moun ta dwe pran paske lòt moun ap fè presyon sou li. Ou dwe batize lè w byen konprann sa sa vle di pou yon moun Temwen Jewova e lè w sèten ou pare pou w pran responsablite sa a e ou vle fè sa. —Ekl. 5:4, 5.

13. Pou ki rezon ou ta dwe batize?

13 Yon rezon ki fè w dwe batize se paske Jezi te bay disip li yo lòd pou yo ‘fè disip epi batize yo’. Li te kite yon egzanp pou nou lefètke li menm tou li te batize. (Li Matye 28:19, 20; Mak 1:9.) Anplis, batèm se yon etap enpòtan pou yon moun franchi si l vle sove. Apre Pyè te fin pale de Noye ki te bati lach la e ki antre ladan l ansanm ak fanmi l pou yo te ka rete an vi pandan delij la, li te di: “Sa k te pase a se yon senbòl ki koresponn ak batèm nan k ap sove nou tou kounye a grasa rezirèksyon Jezi Kris.” ​(1 Pyè 3:20, 21). Sepandan, sa pa vle di batèm se tankou yon asirans yon moun pran sizoka yon dezas ta pase. Olye de sa, yon moun batize paske li renmen Jewova e li vle sèvi l ak tout kè l, ak tout nanm li, ak tout lespri l e ak tout fòs li. —Mak 12:29, 30.

14. Poukisa kèk jèn kapab ezite batize, men ki asirans ou genyen?

14 Gen jèn ki gendwa ezite pou yo batize paske yo pè pou yo pa eskominye yo apre sa. Èske w pè sa tou? Si se sa, se pa fòseman yon move bagay. Sa kapab vle di ou konprann gwo responsablite yon moun genyen lè l vin Temwen Jewova. Èske gen yon lòt rezon ki fè w pè? Petèt ou poko fin gen konviksyon li pi bon pou w viv selon prensip Bondye yo. Nan ka sa a, si w reflechi sou sa ki rive moun ki pa viv selon prensip Bondye yo, sa ka ede w pran yon desizyon. Yon lòt bò, ou gendwa renmen prensip Bondye yo, men ou pa panse w ap kapab viv ann amoni ak yo. An reyalite, se gendwa yon bon siy ki montre ou gen imilite. Dayè, Bib la di kè lèzòm trèt paske yo enpafè (Jer. 17:9). Sepandan, ou kapab reyisi viv ann amoni ak prensip Bondye yo si w ‘toujou mache jan Bondye di w mache a’. (Li Sòm 119:9.) Kèlkeswa bagay ki fè w ezite batize a, ou bezwen jwenn yon solisyon pou li *.

15, 16. Ki jan w kapab konnen si w pare pou w batize?

15 Men, ki jan w ka rive konnen si w pare pou w batize? Kesyon ki vin apre yo kapab ede w: ‘Èske w kapab esplike ansèyman biblik de baz yo? Èske w patisipe nan ministè a menmsi paran w pa avè w? Èske w fè tout efò w pou w asiste tout reyinyon yo? Èske w sonje kèk sitiyasyon kote w te reziste anba presyon jèn parèy ou t ap fè sou ou? Èske w ap kontinye sèvi Jewova menmsi paran w ak zanmi w ta sispann fè sa? Èske w konn priye Jewova konsènan relasyon w gen avè l? Èske w deja fè yon priyè kote w te di Bondye ou vwe tèt ou ba li pou w sèvi l ak tout kè w?’

16 Batèm se yon etap k ap chanje lavi w, e ou pa dwe pran l alalejè. Èske w gen matirite ase pou w reflechi seryezman sou etap sa a? Gen matirite pa vle di sèlman bay bon diskou sou estrad oswa bay bèl kòmantè pandan reyinyon yo. Sa mande pou w kapab pran desizyon ki baze sou prensip biblik yo. (Li Ebre 5:14.) Si w kapab fè sa deja, kounye a ou ka gen pi gwo privilèj ki egziste a, privilèj pou w sèvi Jewova ak tout kè w epi viv yon fason ki montre ou vwe lavi w ba li toutbonvre.

17. Ki sa k ap ede w fè fas ak eprèv ou ka jwenn apre batèm ou?

17 Tousuit apre w fin batize, ou gendwa santi w vrèman zele pou w sèvi Bondye. Sepandan, li posib pou w jwenn eprèv k ap teste lafwa w ak andirans ou imedyatman apre batèm ou (2 Tim. 3:12). Pinga w panse ou oblije fè fas ak eprèv sa yo poukont ou. Chèche konsèy nan men paran w. Ou kapab mande moun nan kongregasyon an tou ki gen matirite nan domèn espirityèl pou yo ede w. Fè zanmi ak moun k ap soutni w. Pa janm bliye sa, Jewova gen sousi pou ou e l ap ba w fòs ou bezwen pou w fè fas ak nenpòt eprèv ou ka rankontre. —1 Pyè 5:6, 7.

Ki jan w ka atenn objektif ou?

18, 19. Ki pwofi w ap tire lè w egzamine priyorite w?

18 Malgre bon entansyon w genyen, èske w remake w pa janm gen ase tan pou w fè sa w ta renmen fè oswa pou w fè sa w dwe fè? Si w remake sa, ou ta dwe reflechi sou ki sa ki gen priyorite pou ou. Ann pran yon egzanp: Pran yon bokit an plastik epi mete plizyè gwo wòch anndan l. Apre sa, mete sab nan bokit la jiskaske bokit la plen ak wòch ak sab. Ansuit, vide bokit la, men pa jete sab la ak wòch yo. Kounye a, met sab la nan bokit la anvan epi eseye mete wòch yo nan bokit la. W ap wè pa gen ase plas paske w te met sab la anvan.

19 Se menm bagay la tou lè w ap jere tan w. Si w met yon seri bagay tankou detant an premye nan lavi w, w ap toujou wè w pa gen tan pou bagay ki pi enpòtan yo, anpalan de aktivite espirityèl yo. Men, si w suiv konsèy Bib la bay sou enpòtans pou w “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”, w ap wè ou gen ase tan pou w sèvi Bondye e pou w detann ou tou. —Fil. 1:10.

20. Pandan w ap fè efò pou w atenn objektif ou, ki sa w dwe fè lè w gen enkyetid ak dout?

20 Pandan w ap fè efò pou w atenn objektif ou yo, san wete objektif pou w batize, pafwa ou gendwa gen enkyetid ak dout. Lè sa rive, “renmèt sò ou nan men Senyè a, l’a kenbe ou fèm”. (Sòm 55:22.) Jodi a, ou gen posiblite pou w patisipe nan travay ki pi enteresan e ki pi enpòtan k ap fèt nan istwa lèzòm, anpalan de travay predikasyon an ak travay ansèyman an k ap fèt sou tout kò tè a (Tra. 1:8). Ou kapab chwazi chita gade lòt moun ap fè travay sa a, oubyen ou kapab chwazi met men ladan l. Pa ezite sèvi ak talan w nan sèvis Bondye a pou w bay Wayòm nan jarèt. Si w pran desizyon pou w sèvi ‘Bondye ki te kreye w la pandan ou jenn’, ou pap janm regrèt sa. —Ekl. 12:1.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Pou w jwenn èd nan sans sa a, gade liv Les jeunes sinterrogent — Réponses pratiques, volim 2, chapit 34.

Ki repons nou ta bay?

• Poukisa w dwe fikse objektif?

• Bay kèk objektif ki vo lapenn pou w atenn.

• Ki sa w dwe fè pou w atenn objektif pou w batize a?

• Lè w egzamine priyorite w, ki jan sa ka ede w atenn objektif ou?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Èske w gen objektif pou w li Bib la chak jou?

[Foto nan paj 15]

Ki sa k ap ede w atenn objektif ou genyen pou w batize?

[Foto nan paj 16]

Ki leson w aprann nan egzanp sa a?