Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè nou pwofite tout okazyon nou jwenn, sa bay bon rezilta

Lè nou pwofite tout okazyon nou jwenn, sa bay bon rezilta

Lè nou pwofite tout okazyon nou jwenn, sa bay bon rezilta

ÈSKE W pwofite tout okazyon w jwenn pou w preche nan tèritwa kongregasyon w? Frè nou yo ki nan vil Turku, yon vil ki la lontan e ki gen yon pò ladan l, nan peyi Fenlann, fè sa. E lefètke yo pwofite tout okazyon yo jwenn, sa fè yo jwenn bon rezilta.

Sa gen yon ti tan, frè nan Turku yo te remake yon gwoup moun ki soti ann Azi te antre nan vil la pou yo te ka fini travay yo t ap fè nan yon gwo bato yo t ap konstwi nan vil la. Annapre, gen yon frè ki te dekouvri nan ki otèl etranje ki te vin travay yo rete. Li te aprann tou chak maten byen bonè, yo kite otèl kote yo rete yo pou y al sou waf la. Tousuit, li te fè frè yo ki nan kongregasyon ki pale anglè a ki nan Turku konn sa.

Ansyen nan kongregasyon sa a te konprann prezans tout etranje sa yo te ba yo yon okazyon sanzatann pou yo pataje mesaj bon nouvèl la avèk yo, e san pran tan, yo te òganize yo pou yo preche moun sa yo. Nan dimanch nan semèn nan, dis pwoklamatè te reyini bò kote travayè yo pran bis la a setè dimaten. Lè yo te fèk rive, pa t gen okenn nan travayè yo ki te parèt. Frè yo t ap poze tèt yo kesyon sa yo: ‘Èske nou vin twò ta? Èske yo gentan kite Turku?’ Sepandan, annapre, youn nan travayè yo, ki te tou abiye ak rad travay li, te vin parèt. Ansuit, yon lòt vin parèt, epi anpil lòt ankò vin parèt. Sa pa t pran lontan pou yon pakèt travayè te rasanble toupre estasyon bis la. Pwoklamatè yo te kòmanse preche. Yo pwoche bò kote travayè yo pou yo ofri yo piblikasyon yo gen ann anglè. Anvan tout travayè yo te pran plas yo nan bis yo, te gen anviwon inèdtan ki te pase. Erezman, paske sa te bay frè yo ase tan pou yo pale ak pifò nan yo. Lè bis yo te pati, frè yo te gentan kite 126 bwochi ak 329 peryodik nan men travayè yo.

Bon rezilta frè yo te jwenn te ankouraje yo refè efò espesyal sa a pou yo preche moun yo nan semèn apre a, pandan vizit siveyan sikonskripsyon an. Yon jou pandan lapli t ap tonbe, apre siveyan sikonskripsyon an te fin kondui reyinyon predikasyon an a sizè edmi dimaten, gen 24 pwoklamatè ki t al nan estasyon bis la. Lè sa a, yo t al ak piblikasyon nan lang Tagalòg tou, paske yo te remake anpil nan etranje yo te soti Filipin. Jou maten sa a, lè bis yo t aprale sou waf la, frè ak sè yo te kite 7 liv, 69 bwochi, 479 peryodik nan men travayè yo. Se pa ti kontan frè ak sè ki te patisipe nan moman predikasyon sa a te kontan!

Anvan travayè sa yo tounen nan peyi yo, frè yo te gentan vizite plizyè ladan yo nan otèl kote yo te rete yo e yo te ba yo plis enfòmasyon sou mesaj Wayòm nan. Gen kèk nan travayè sa yo ki di yo konn pale ak Temwen Jewova deja nan lòt peyi nan monn nan. Yo te montre yo vrèman apresye efò frè yo te fè pou yo chèche pale avèk yo pandan tan yo t ap pase Fenlann nan.

Èske w pwofite tout okazyon w jwenn pou w preche nan tèritwa kongregasyon w? Èske w pran inisyativ pou w preche moun tout ras? Si w fè sa, petèt ou menm tou ou ka fè menm eksperyans ak frè ak sè nan Turku yo.

[Kat jeyografik/Foto nan paj 32]

(Gade peryodik la)

FENLANN

HELSINKI

Turku