Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Kontinye konsantre w sou ansèyman w’

‘Kontinye konsantre w sou ansèyman w’

‘Kontinye konsantre w sou ansèyman w’

“NOU rele m Mèt [“Anseyan”, NW ], nou rele m Senyè. Nou gen rezon, se sa m ye vre.” ​(Jan 13:13). Lè Jezi te di disip li yo pawòl sa yo, li t ap atire atansyon yo sou wòl li genyen antanke anseyan. Yon ti tan anvan Jezi te fin monte nan syèl la, li te bay disip li yo kòmandman sa a: “Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon [...]. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè.” ​(Se nou menm ki mete mo a ann italik; Mat. 28:19, 20). Annapre, apot Pòl te mete aksan sou enpòtans sa genyen pou nou se anseyan Pawòl Bondye a. Li te bay Timote, ki te yon ansyen, egzòtasyon sa a: “Kontinye konsantre w sou lekti an piblik, sou egzòtasyon ak ansèyman w ap bay. [...] Reflechi sou bagay sa yo, plonje nèt nan yo, yon fason pou tout moun ka wè pwogrè w aklè.” —1 Tim. 4:13-15, NW.

Jodi a, menm jan ak lontan, anseye se yon bagay ki gen anpil valè ni nan ministè a ni nan reyinyon kongregasyon an. Ki sa nou kapab fè pou nou konsantre nou sou fason n ap anseye, epi ki jan sa ap ede nou fè pwogrè, antanke anseyan Pawòl Bondye a?

Imite gran Anseyan an

Fason Jezi te anseye te chame moun ki t ap koute l yo. Gade efè pawòl li te di moun ki te nan sinagòg Nazarèt la te genyen. Men sa Lik, youn nan ekriven Bib la, rakonte: “Tout moun t’ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t’ap sòti nan bouch li.” ​(Lik 4:22). Disip Jezi yo te byen suiv egzanp Mèt yo a nan fason yo te konn preche. Anfèt, apot Pòl te ankouraje lòt kretyen parèy li yo pou yo suiv egzanp li. Men sa li te di: “Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.” ​(1 Kor. 11:1). Piske Pòl te imite metòd Jezi yo, li te vin efikas anpil nan ‘anseye moun an piblik epi kay an kay’. —Tra. 20:20, Bib Kreyòl La.

Li te konn anseye “sou plas piblik”

Nou jwenn yon egzanp estrawòdinè anrapò ak ladrès Pòl te demontre lè l t ap anseye an piblik nan Travay chapit 17. Nan chapit sa a, nou aprann Pòl t ap vizite Atèn, nan peyi Lagrès. Kèlkeswa kote Pòl te pase nan vil sa a, li te wè zidòl, kit se te nan lari, kit se te sou plas piblik yo. Nou pa bezwen mande nan ki degre sa te deranje Pòl! Malgre sa, li te metrize tèt li. Li te “rezone nan sinagòg la” avèk moun yo. “E chak jou, li te konn rezone sou plas piblik la ak moun li te rankontre”. (Tra. 17:16, 17, NW.) Ala yon bèl egzanp pou nou! Lè n ap pwoche bò kote kèlkeswa moun nan, nou pap tou jije l, men n ap pwoche bò kote l avèk respè, konsa nou ka bay kèk moun posiblite pou yo koute nou e, rive yon lè, pou yo soti nan esklavaj fo relijyon an mete yo a. —Tra. 10:34, 35; Rev. 18:4.

Anpil moun ki t ap koute Pòl sou plas piblik yo pa t aksepte mesaj li a. Pami yo, genyen ki te filozòf. Pwennvi yo te an kontradiksyon ak verite Pòl t ap preche yo. Menm lè yo te opoze ak Pòl, li te pran an konsiderasyon sa yo te di yo. Genyen ladan yo ki te rele l yon “paladò” ​(nan lang grèk la, sa vle di yon moun ki tankou yon zwazo “k ap teke grenn semans”). Gen lòt ki te di: ‘Gen lè l’ap pale sou yon lòt kalite dye.’ —Tra. 17:18.

Sepandan, Pòl pa t estomake pou vye kòmantè sa yo moun ki t ap koute l yo te fè sou li. Okontrè, lè yo te mande l pou l esplike ansèyman li t ap bay yo, li te pwofite okazyon an pou l bay yon bon diskou ki demontre byen klè li te gen bèl kapasite pou l anseye moun (Tra. 17:19-22; 1 Pyè 3:15). Annou egzamine diskou l te fè a an detay e annou tire kèk leson ladan l ki ka ede nou amelyore kapasite nou genyen pou nou anseye.

Pale sou sijè ki enterese moun yo

Men sa Pòl te di: “Nou menm moun Atèn, mwen wè nou se moun ki renmen relijyon anpil. Mwen di nou sa, paske [...] mwen wè tout kote nou fè sèvis. Epi nan gade konsa, mwen jwenn yon lotèl kote yo ekri: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n’ap sèvi san nou pa konnen l lan, se li menm m’ap fè nou konnen la a.” —Tra. 17:22, 23.

Pòl te byen gade sa k t ap pase nan anviwònman l. E piske li te fè sa, li te aprann anpil bagay sou moun li t ap pale avèk yo. Nou menm tou, nou kapab aprann anpil bagay sou moun ki nan kay n ap preche yo si nou aprann obsève. Pa egzanp, jwèt ki gen nan lakou moun yo ak sa ki ekri sou pòt kay moun yo ka aprann nou anpil bagay sou yo. Si nou gen yon ide sou sitiyasyon moun yo, n ap kapab chwazi avèk swen sa n ap di moun yo e n ap kapab chwazi fason pou nou pale avèk yo tou. —Kol. 4:6.

Pòl te pozitif nan mesaj li t ap bay la. Sepandan, li te wè fason moun Atèn yo te vle ‘sèvi Bondye a’ pa t kòrèk ditou. Se sa k fè li te montre yo byen klè ki jan yo kapab adore vrè Dye a (1 Kor. 14:8). Ala enpòtan sa enpòtan pou nou pale yon fason ki klè e ki pozitif lè n ap preche bon nouvèl Wayòm nan!

Montre w gen konsiderasyon pou moun w ap anseye yo e w pa gen patipri

Pòl te kontinye pale pou l di: “Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l, se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo. Li pa bezwen pou moun travay ba l anyen nonplis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay.” —Tra. 17:24, 25.

La a, Pòl te dirije atansyon moun yo sou Jewova antanke Sous lavi a. Li te fè sa avèk konsiderasyon lè l te sèvi ak ekspresyon “Mèt syèl la ak tè a”. Se pa ti gwo privilèj nou genyen pou nou ede moun ki gen bon kè, ki soti nan relijyon ak nan kilti ki diferan, konprann se Jewova Dye ki Sous lavi a! —Sòm 36:9.

Annapre, Pòl te di: “Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout sòti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. Li fè tou sa pou yo ka chache l, pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa.” —Tra. 17:26, 27.

Nan fason n ap anseye, nou kapab montre moun yo ki kalite moun Bondye n ap adore a ye. San patipri, Jewova pèmèt moun nan tout nasyon ‘chache l, pou yo ka rive jwenn li’. Menm jan an tou, nou pale ak tout moun nou rankontre san patipri. Nou fè efò pou nou ede moun ki kwè nan Kreyatè a devlope yon relasyon sere avèk li, sa k ap fè yo jwenn benediksyon pou toutan (Jak 4:8). Men, ki jan nou fè pou nou ede moun ki pa kwè Bondye egziste? Nou suiv egzanp Pòl. Annou gade sa l te di annapre.

“Se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li. Si nou se pitit li, nou pa dwe mete nan tèt nou Bondye tankou yon moso lò, yon moso lajan osinon yon moso wòch.” —Tra. 17:28, 29.

Pòl te site kèk powèt moun Atèn yo te konnen e yo te aksepte pou l te ka fè yo koute l. Nou menm tou, annou chèche pale sou sijè ki enterese moun k ap koute nou yo lè nou rezone sou bagay nou konnen y ap aksepte. Pa egzanp, nan lèt Pòl te voye bay Ebre yo, li te pran yon egzanp ki kapab konvenk moun toujou menm jounen jodi a. Li te di: “Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay.” ​(Ebre 3:4). Si nou mande moun nou rankontre yo pou yo rezone sou egzanp sa a, ki tou senp, sa ka ede yo konprann sa n ap di yo a se verite. Yon lòt bagay nan diskou Pòl la ki te fè ansèyman l lan te efikas se fason li te pouse moun yo aji.

Montre yo yo bezwen aji san pèdi tan

Men sa Pòl te di: “Bondye fèmen je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa.” —Tra. 17:30, 31.

Nan sajès Bondye, li pèmèt lemal egziste toujou yon fason pou l ban nou posiblite pou nou montre sa ki nan kè nou toutbonvre. Li trèzenpòtan pou nou montre moun yo yo bezwen aji san pèdi tan nan epòk n ap viv la e pou nou pale yon fason ki konvenkan konsènan benediksyon Wayòm nan pral pote talè konsa. —2 Tim. 3:1-5.

Moun yo pa reyaji menm jan

“Lè yo tande Pòl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l nan betiz. Gen lòt menm ki t’ap di li: N’a tande koze sa a yon lòt jou. Se konsa Pòl sòti nan mitan yo. Men, atousa, te gen ladan yo ki te dakò pou yo te mache ak Pòl epi ki te kwè.” —Tra. 17:32-34.

Gen moun ki reyaji byen devan ansèyman n ap bay yo san pèdi tan, men gen lòt moun ki gendwa bezwen plis tan pou nou konvenk yo ak rezònman nou fè avèk yo. Men, menm lè se yon sèl moun esplikasyon klè e senp nou bay sou verite yo touche e se yon sèl moun ki vin gen yon konesans egzak sou Jewova, se pa ti rekonesans nou genyen pou Jewova paske li sèvi avèk nou pou l atire moun vin jwenn Pitit li a! —Jan 6:44.

Leson nou ka aprann

Si nou reflechi sou diskou Pòl la, li kapab aprann nou anpil bagay konsènan fason pou nou esplike lòt moun verite ki nan Bib la. Si nou gen privilèj pou nou bay diskou piblik nan kongregasyon an, nou kapab fè efò pou nou imite Pòl lè nou di pawòl ki montre nou gen konsiderasyon pou moun ki pa kwayan yo yon fason pou nou ede yo konprann verite ki nan Bib la e pou yo aksepte yo. Nou vle prezante verite sa yo yon fason ki klè, men n ap veye tou pou nou pa kritike kwayans moun ki pa Temwen ki la yo. Anmenmtan, lè n ap fè travay predikasyon an, n ap fè efò pou nou pale yon fason pou nou konvenk moun yo, men n ap fè sa avèk konsiderasyon. Lè nou fè sa, n ap vrèman suiv konsèy Pòl te bay kote l te mande pou nou ‘konsantre nou sou fason n ap anseye’.

[Foto nan paj 30]

Pòl te anseye yon fason ki klè, ki senp, e li te fè sa avèk konsiderasyon pou lòt moun.

[Foto nan paj 31]

Nou imite Pòl lè nou gen konsiderasyon pou santiman moun n ap preche yo.