Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Galat la, liv Efezyen an, liv Filipyen an ak liv Kolosyen an

Pwen enteresan ki nan liv Galat la, liv Efezyen an, liv Filipyen an ak liv Kolosyen an

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Galat la, liv Efezyen an, liv Filipyen an ak liv Kolosyen an

LÈ APOT Pòl te tande gen kèk kretyen ki te vire do bay vrè adorasyon an akoz enfliyans moun ki te rete kole ak relijyon juif la, li te ekri yon lèt ki pisan voye bay kongregasyon ‘ ki nan peyi Galasi ” yo. (Gal. 1:2.) Li te ekri l nan zòn ane 50-52 nan epòk nou an. Nan lèt sa a nou jwenn bonjan konsèy ak bonjan egzòtasyon.

Anviwon dizan apre, Pòl te ekri kongregasyon Efèz, kongregasyon Filip ak kongregasyon Kolòs pou l ba yo bonjan konsèy ak ankourajman ki plen lanmou. Nan moman sa a Pòl te Wòm, li te “ nan prizon poutèt Kris la ”. (Efe. 3:1.) Jodi a, nou ka jwenn byenfè lè nou byen egzamine mesaj nou jwenn nan liv Galat la, liv Efezyen an, liv Filipyen an ak liv Kolosyen an. — Ebre 4:12.

KI JAN ‘ YO DEKLARE NOU JIS ’ ?

(Gal. 1:1–6:18)

Piske moun ki te rete kole ak relijyon juif la t ap chèche mwayen pou yo lage vèni sou do Pòl, li te sèvi ak yon seri detay sou lavi l pou l defann otorite l kòm apot (Gal. 1:11–2:14). Men sa li te di pou l te ka demanti sa yo t ap anseye a : “ Yo pa deklare yon moun jis akoz li fè sa lalwa mande, men se grasa lafwa li nan Kris Jezi. ” — Gal. 2:16, NW.

Pòl di Kris te “ delivre tout moun ki te anba lalwa ” e li te libere yo pou yo ka vin kretyen. Li te bay kretyen Galat yo konsèy dirèk sa a : “ Rete fèm [...]. Veye kò nou pou n’ pa tounen esklav ankò. ” — Gal. 4:4, 5 ; 5:1.

Kesyon biblik ak tout repons :

3:16-18, 28, 29 — Èske alyans Abraram nan gen valè jis kounye a ? Wi. Alyans Lalwa a pa t ranplase alyans Bondye te fè avèk Abraram nan, men, li te sèlman ajoute sou li. Se sa k fè alyans Abraram nan toujou gen valè menm lè Lalwa “ aboli ”. (Efe. 2:15.) Pwomès li yo akonpli sou vrè semans Abraram nan, sètadi Jezi Kris, pati prensipal semans lan, ansanm ak lòt moun ki “ moun Kris ” yo.

6:2 — Ki sa “ lalwa Kris la ” ye ? Lwa sa a gen tout sa Jezi te anseye ak tout sa l te kòmande nou fè. Kòmandman Jezi te bay pou nou “ yonn renmen lòt ” la espesyalman fè pati lwa sa a. — Jan 13:34.

6:8 — Nan ki sans nou “ simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi ” ? Nou fè sa lè nou viv yon fason ki pèmèt lespri Bondye aji sou nou san pwoblèm. Nou “ simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi ”, lè nou patisipe ak tout kè nou nan aktivite ki ka fè lespri a ret nan mitan nou.

Leson pou nou jodi a :

1:6-9. Ansyen yo dwe aji san pèdi tan lè gen yon pwoblèm ki parèt nan kongregasyon an. Lè yo sèvi ak bonjan rezònman e lè yo sèvi ak Ekriti yo, sa ka ede yo rejte fo rezònman.

2:20. Ranson an se yon kado Bondye bay nou chak. Nou ta dwe aprann konsidere l konsa. — Jan 3:16.

5:7-9. Move zanmi ka “ anpeche nou obeyi verite a ”. N ap saj si nou rejte yo.

6:1, 2, 5. Moun ki “ kalifye espirityèlman ” yo ka ede nou pote fado nou, pa egzanp yon bagay ki ban nou pwoblèm oswa yon move konsekans nou jwenn lefètke nou te fè yon fo pa san nou pa t rann nou kont. Sepandan, lè se pou nou pote responsablite espirityèl nou yo, ki se chay pa nou, nou bezwen pote yo poukont nou.

‘ BONDYE METE TOUT BAGAY ANSANM ANBA KRIS LA ’

(Efe. 1:1–6:24)

Nan lèt Pòl te ekri Efezyen yo, li te mete aksan sou inite ki gen nan mitan kretyen yo lè l te pale de ‘ yon administrasyon nan dènye limit tan fikse yo [...] pou reyini tout bagay ansanm ankò nan Kris la, bagay yo ki nan syèl ak bagay yo ki sou tè a ’. (NW) Kris te bay “ gason kòm kado ” (NW) pou ede nou tout fè “ yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ”. — Efe. 1:10 ; 4:8, 13.

Pou kretyen yo ka onore Bondye e pou yo ka favorize inite, yo bezwen “ vin yon lòt kalite moun ”, yo bezwen “ pou yonn soumèt devan lòt pa respè pou Kris la ” e yo bezwen “ kenbe tèt anba riz Satan ” lè yo mete tout ekipman konba espirityèl la sou yo. — Efe. 4:24 ; 5:21 ; 6:11.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:4-7 — Nan ki sans Bondye te deside davans pou l adopte kretyen wen yo depi anvan yo fèt ? Depi davans Jewova te deside adopte yo antanke gwoup oswa antanke klas, men se pa t depi davans li te adopte yo chak pèsonèlman. Li te deside adopte yo depi anvan monn sa a kote lèzòm fèt nan peche a egziste. Depi anvan te gen yon moun ki fèt nan peche, Jewova te deja pwononse pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan. E se nan pwofesi sa a nou jwenn objektif Bondye genyen pou gen nan disip Kris yo k al dirije avèk Kris nan syèl la. — Gal. 3:16, 29.

2:2 — Nan ki sans lespri monn nan menm jan ak lè a, e ki jan li fè gen otorite sou monn nan ? “ Lespri k’ap travay nan moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn lan ”, sètadi lespri endepandans ak lespri dezobeyisans lan, gaye tout kote menm jan ak lè n ap respire a (1 Kor. 2:12). Li gen pouvwa oswa otorite sou moun yo paske li enfliyanse yo, e enfliyans sa a toujou la.

2:6 — Nan ki sans kretyen wen yo “ chita jouk anwo nan syèl la ” pandan yo sou tè a toujou ? La a, mo “ syèl ” la pa fè referans ak eritaj Bondye te pwomèt yo nan syèl la. Men, li gen rapò ak pozisyon espirityèl elve yo genyen dèske yo te ‘ make yo ak letanp Bondye e li ba yo Sentespri li te pwomèt la ’. — Efe. 1:13, 14.

Leson pou nou jodi a :

4:8, 11-15. Jezi Kris “ mennen anpil prizonye ak li ”, sa vle di li pran yon seri mesye anba men Satan pou l sèvi ak yo kòm kado pou bati kongregasyon kretyen an. “ Avèk renmen nan kè nou ”, nou ka “ grandi nan tout sans nan Kris la ” lè nou montre nou obeyisan, lè nou soumèt devan moun ki pran latèt nan mitan nou yo e lè nou suiv dispozisyon yo pran nan kongregasyon an. — Ebre 13:7, 17.

5:22-24, 33. Nonsèlman yon madanm dwe soumèt devan mari l, men tou li dwe respekte l. L ap fè sa lè l demontre “ yon karaktè dou, yon karaktè poze ”, lè l fè efò pou l onore l nan fason li pale an byen de li e nan fason l soutni desizyon l pran pou desizyon sa yo ka reyisi. — 1 Pyè 3:3, 4 ; Tit 2:3-5.

5:25, 28, 29. Menm jan yon mari ‘ bay tèt li manje ’, se konsa tou li dwe bay madanm li sa l bezwen ni nan domèn fizik, ni nan domèn afektif, ni nan domèn espirityèl. Li ta dwe demontre li renmen l tou lè l pase ase tan ansanm avèk li e lè l trete l avèk tandrès nan pawòl li ak nan aksyon l.

6:10-13. Si nou vle reziste devan fòs demon yo, nou bezwen fè tout efò nou pou nou mete ekipman konba Bondye ban nou an.

“ KONTINYE MACHE ANNÒD ”

(Fil. 1:1–4:23)

Nan lèt Pòl te voye bay Filipyen yo, li mete aksan anpil sou lanmou. Men sa l te di : “ Lè m’ap lapriyè Bondye, mwen mande l’ pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay. ” Li te ba yo konsèy pou yo ‘ toujou fè jefò pou yo ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li ’, yon fason pou yo te ka evite tonbe nan pyèj pou yo kwè nan tèt yo twòp. — Fil. 1:9 ; 2:12.

Pòl te ankouraje moun ki gen matirite yo pou yo kontinye ‘ kouri dwat devan yo sou mak kote yo prale a, pou yo ka jwenn rekonpans Bondye rele yo vin resevwa nan syèl la ’. Men sa l di : “ Nenpòt jan sa ye [kèlkeswa degre nou rive nan pwogrè nou], ann mache toujou jan n’ te konmanse a. ” — Fil. 3:14-16.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:23 ak nòt anba paj la — Ki “ de ” bagay ki te mete Pòl anba presyon, e ki sa l te anvi fè ? Akoz sitiyasyon Pòl, sa vle di lefètke li te gen de chwa devan l, sa te mete l anba presyon. De chwa sa yo se te lavi oswa lanmò (Fil. 1:21). Byenke l pa t di sa l t ap chwazi, li te fè konnen li prefere ‘ pou l libere e pou l ansanm avè Kris la ’. (Fil. 3:20, 21 ; 1 Tes. 4:16.) Sa te rive vre nan moman prezans Kris la lè li te resevwa rekonpans Jewova te prepare pou li a. — Mat. 24:3.

2:12, 13 — Nan ki sans Bondye “ ban nou anvi fè sa ki pou fè l’ plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè l’ vre ” ? Lespri sen Jewova ka aji sou kè nou e sou lespri nou pou fè nou plis anvi fè tout sa nou kapab fè nan sèvis li. Se sa k fè nou jwenn èd toutpandan nou ‘ toujou ap fè jefò pou nou ka fin sove nèt ’.

Leson pou nou jodi a :

1:3-5. Byenke Filipyen yo te pòv nan domèn materyèl, yo kite yon bon egzanp pou nou nan fason yo te montre yo donan. — 2 Kor. 8:1-6.

2:5-11. Jan nou wè sa nan egzanp Jezi, imilite se pa yon siy feblès, men li montre yon moun gen fòs moral. Anplis, Jewova leve moun ki enb yo. — Pwo. 22:4.

3:13. Bagay “ ki dèyè ” yo se kapab yon gwo karyè, se kapab sekirite materyèl paske nou te fèt nan yon fanmi rich, oubyen se kapab kèk peche grav nou te fè, nou repanti pou yo deja e “ Bondye lave nou ”. (1 Kor. 6:11, Bib Kreyòl La.) Nou ta dwe bliye bagay sa yo, sa vle di nou pa ta dwe kite yo trakase nou ankò e nou ta dwe ‘ fè jefò pou nou mete men sou sa ki devan nou ’.

“ KENBE PI FÈM TOUJOU NAN KONFYANS NOU GEN NAN LI ”

(Kol. 1:1–4:18)

Nan lèt Pòl te ekri Kolosyen yo, li demanti move pwennvi fo anseyan yo te genyen. Li te montre pou yon moun sove, li pa bezwen fè sa Lalwa mande, men li bezwen kontinye ‘ rete fèm nan konfyans li ’. Pòl te bay Kolosyen yo ankourajman sa a : “ Se pou nou anrasinen nan [Kris], se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li. ” Lè yo te kenbe fèm nan konfyans yo, ki efè sa te gen sou yo ? — Kol. 1:23 ; 2:6, 7.

Men sa Pòl ekri : “ Anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k’ap mare nou ansanm yonn ak lòt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l’ la. ” Men sa apot la te di yo ankò : “ Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l’ ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t’ap travay, men pou Seyè a. ” — Kol. 3:14, 15, 23 ; 4:5.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:8 — Kont ki “ bagay preliminè ” ​(Bib Kreyòl la) ki gen nan monn nan Pòl te bay avètisman ? Li te bay avètisman kont bagay oswa prensip fondamantal ki gen nan monn Satan an. Se yo ki gide monn sa a oswa ki pouse l aji (1 Jan 2:16). Pami bagay sa yo, gen filozofi, materyalis ak fo relijyon ki gen nan monn sa a.

4:16 — Poukisa lèt Pòl te ekri Lawodiseyen yo pa fè pati Bib la ? Petèt se paske lèt sa a pa t gen enfòmasyon ki itil pou jodi a. Oubyen se kapab paske li repete sa ki di nan lòt lèt ki nan Bib la.

Leson pou nou jodi a :

1:2, 20. Ranson an se yon dispozisyon Bondye te pran grasa bonte ki plen lanmou li genyen. Li ka fè nou pa santi nou koupab ankò akoz move konsyans nou te genyen e li ka ban nou lapè nan lespri nou.

2:18, 23. Gen moun ki gen yon “ swadizan imilite ” (Bib Kreyòl La), e ki demontre yo “ gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo ”. Yo pran pòz yo enb, petèt lè yo rejte bagay materyèl oubyen lè yo aji di avèk kò yo, pou yo ka fè moun wè.