Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Kontinye veye ” paske lè jijman an rive !

“ Kontinye veye ” paske lè jijman an rive !

“ Kontinye veye ” paske lè jijman an rive !

Enfòmasyon ki nan atik etid sa a baze sou bwochi Kontinye veye ! a ki te parèt nan kongrè distri ki te fèt toupatou sou tè a pandan ane 2004/2005 yo.

“ Kontinye veye, paske nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini. ” — MATYE 24:42.

1, 2. Ak ki sa Jezi te konpare vini l lan ?

KI SA w t ap fè si w ta konnen gen yon vòlè ki alawonyay nan katye kote w rete a, l ap kase kay ? Pou w pwoteje moun lakay ou ansanm ak byen w genyen, ou t ap rete je klè, wi ou t ap veye. Dayè, vòlè pa janm voye lèt pou yo anonse ki lè y ap vini. Okontrè, yo vini an chatpent nan moman moun pi pa atann nan.

2 Jezi te konn itilize fason vòlè aji pou l bay egzanp (Lik 10:30 ; Jan 10:10). Men ki avètisman li te bay anrapò ak evènman ki gen pou rive nan tan lafen an e ki pral debouche sou jijman li pral egzekite a : “ Kontinye veye, paske nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini. Men, gen yon bagay pou nou konnen : si mèt kay la te konnen nan ki vèy vòlè a t ap vini, li t ap rete je klè e li pa t ap kite yo kase kay li. ” ​(Matye 24:42, 43). Donk, Jezi konpare vini l lan ak lè yon vòlè ap vini, yon bagay ki rive sanzatann.

3, 4. a) Ki sa koute avètisman Jezi te bay konsènan vini l lan enplike ? b) Ki kesyon sa soulve ?

3 Egzanp lan tonbe daplon, paske moun pa t ap konnen dat egzak Jezi ap vini. Anvan sa, nan menm pwofesi sa a, Jezi te di : “ Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la ni Pitit la, men se sèlman Papa a ki konnen yo. ” ​(Matye 24:36). Se poutèt sa, li egzòte moun ki t ap koute l yo pou yo ‘ montre yo pare ’. (Matye 24:44.) Moun ki koute avètisman Jezi yo t ap pare, sa vle di yo t ap konpòte yo yon fason ki kòrèk, kèlkeswa lè li ta vini pou l egzekite jijman Jewova a.

4 Gen kèk kesyon enpòtan ki soulve, tankou : èske se sèlman pou moun nan monn nan Jezi te bay avètisman sa a, oubyen èske vrè kretyen yo tou yo bezwen “ kontinye veye ” ? Poukisa li ijan pou nou “ kontinye veye ”, e ki sa sa enplike ?

Avètisman pou kiyès ?

5. Ki jan nou fè konnen avètisman ki di “ kontinye veye ” a konsène vrè kretyen yo ?

5 Pa gen dout sou sa, Seyè a ap vini tankou yon vòlè pou moun nan monn nan ki bouche zòrèy yo pou yo pa tande avètisman konsènan kalamite k ap vini yo (2 Pyè 3:3-7). Men, e vrè kretyen yo ? Men sa apot Pòl te ekri kwayan parèy li yo : “ Nou menm, nou konn sa trè byen : jou Jewova a ap vini egzakteman tankou yon vòlè ki vini lannuit. ” ​(1 Tesalonisyen 5:2). Nou pa gen dout nan lespri nou, nou sèten “ jou Jewova a ap vini ”. Men èske sa diminye nesesite pou nou kontinye veye ? Yon bagay pou nou remake, sèke Jezi se avèk disip li yo menm li t ap pale lè l te di : “ Se nan yon lè nou pa panse Pitit gason lòm nan ap vini. ” ​(Matye 24:44). Anvan sa, lè Jezi t ap egzòte disip li yo pou yo kontinye chèche Wayòm nan, men ki ankourajman li te ba yo : “ Se pou nou toujou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit Gason lòm nan ap vini. ” ​(Lik 12:31, 40). Èske li pa klè, lè Jezi t ap bay avètisman ki di “ kontinye veye ” a, se disip li yo ki te nan lespri l ?

6. Poukisa nou dwe “ kontinye veye ” ?

6 Poukisa nou dwe “ kontinye veye ” e poukisa nou dwe “ toujou pare ” ? Men esplikasyon Jezi te bay : “ De mesye ap nan jaden, y ap pran youn, y ap kite lòt la. De fi ap moulen nan yon moulen a men, y ap pran youn, y ap kite lòt la. ” ​(Matye 24:40, 41). Moun ki montre yo pare, y ap “ pran ” yo, sa vle di y ap sove lè monn ki pa gen respè pou Bondye a ap detwi. Gen lòt moun menm, yo pral “ abandone ” yo pou destriksyon paske yo t ap pousuiv pwòp vi egoyis yo. Ladan yo, kapab byen gen moun ki pa kontinye veye apre yo te fin wè laverite klè.

7. Lefètke nou pa konnen ki lè lafen an ap vini, ki okazyon sa ban nou ?

7 Lefètke nou pa konnen ki jou egzakteman fen sistèm sa a ki la depi lontan an ap rive, sa ban nou opòtinite pou nou demontre n ap sèvi Jewova avèk yon bon mobil. Sa k fè nou di sa ? Ebyen, lafen an ka sanble l ap pran anpil tan pou l rive. Malerezman, gen kèk kretyen ki reflechi konsa, ki kite zèl yo te genyen nan sèvis Jewova rafredi. Poutan, se volontèman nou te vwe tèt nou san rezèv bay Jewova pou nou sèvi l. Moun ki konnen Jewova rann yo kont, si se aladènyè minit yon moun montre li zele, sa pap enpresyone Jewova. Li wè nan ki kondisyon kè a ye. — 1 Samyèl 16:7.

8. Ki jan lanmou pou Jewova motive nou pou nou kontinye veye ?

8 Piske nou renmen Jewova toutbonvre, se pa ti plezi nou pran pou nou fè volonte l (Sòm 40:8 ; Matye 26:39). E nou ta renmen sèvi Jewova pou toutan. Se pa paske nou oblije ret tann yon ti tan anplis de sa petèt nou te panse ki fè esperans sa a vin gen mwens valè. Anplis de tout sa, n ap kontinye veye paske nou anvi wè ki sa jou Jewova a pral reprezante nan akonplisman objektif li yo. Dezi sensè nou genyen pou nou fè Bondye plezi pouse nou aplike konsèy nou jwenn nan Pawòl li a e pou nou mete Wayòm li an nan premye plas nan lavi nou (Matye 6:33 ; 1 Jan 5:3). Kounye a, annou egzamine ki jan lè nou kontinye veye sa ta dwe enfliyanse desizyon n ap pran ak fason n ap viv chak jou.

Nan ki direksyon vi w prale ?

9. Poukisa li ijan pou moun nan monn nan reveye yo pou yo ka konprann siyifikasyon epòk n ap viv la ?

9 Anpil moun jodi a admèt gen pwoblèm grav ak evènman chokan k ap rive chak jou, e petèt yo pa satisfè ak direksyon pwòp vi yo ap pran an. Sepandan, èske yo konnen vrè siyifikasyon sa k ap pase nan monn nan ? Èske yo rann yo kont n ap viv nan “ konklizyon sistèm de choz la ” ? (Matye 24:3.) Èske yo rekonèt lefètke lèzòm vin pi egoyis, yo vin pi vyolan, yo pa gen respè ata pou Bondye, se yon prèv ki montre nou nan “ dènye jou yo ” ? (2 Timote 3:1-5.) Li ijan pou yo reveye yo pou yo ka konprann siyifikasyon tout bagay sa yo e pou yo egzamine nan ki direksyon vi yo prale.

10. Ki sa nou dwe fè pou nou ka sèten n ap kontinye veye ?

10 E nou menm ? Chak jou nou gen desizyon pou nou pran anrapò ak travay nou, sante nou, fanmi nou ak adorasyon n ap bay Bondye. Nou konnen sa Bib la di e nou fè efò pou nou mete yo an pratik. Sepandan, li bon pou nou poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Èske mwen kite enkyetid lavi a fè m kite wout la ? Èske mwen kite filozofi monn nan, panse l yo detèmine chwa m ap fè ? ’ ​(Lik 21:34-36 ; Kolosyen 2:8). Nou bezwen kontinye demontre nou mete konfyans nou nan Jewova ak tout kè nou e nou pa apiye sou pwòp entèlijans nou (Pwovèb 3:5). Konsa, n ap ka kenbe “ lavi toutbon an fèm ”, lavi etènèl nan monn nouvo Bondye a. — 1 Timote 6:12, 19.

11-13. Ki sa nou ka aprann nan sa ki te rive : a) nan epòk Noye a ? b) nan epòk Lòt la ?

11 Labib gen anpil egzanp ladan l ki sèvi avètisman pou ede nou kontinye veye. Annou egzamine sa ki te pase nan epòk Noye a. Byen lontan alavans, Bondye te fè yon jan pou yo avèti moun yo. Men, apa Noye ak moun lakay li, pèsonn moun pa t remake anyen (2 Pyè 2:5). Konsènan sa ki te pase nan epòk sa a, men sa Jezi deklare : “ Menm jan jou Noye yo te ye a, se konsa prezans Pitit Gason lòm nan ap ye. Paske menm jan yo te ye nan jou sa yo anvan delij la, yo t ap manje yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e yo t ap marye medam yo, jis nan jou Noye antre nan lach la, e yo pa t teni kont de anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale, se konsa prezans Pitit Gason lòm nan ap ye. ” ​(Matye 24:37-39). Ki sa sa fè nou konprann ? Si nenpòt nan nou ta kite sousi lavi a, oswa menm aktivite nòmal lavi a, pran pye sou aktivite espirityèl Bondye mande pou nou mete nan premye plas yo, nou bezwen reflechi seryezman sou sitiyasyon nou. — Women 14:17.

12 Annou konsidere tou sa ki te pase nan epòk Lòt la. Vil Sodòm, kote Lòt ak fanmi l t ap viv la, se te yon vil ki te rich materyèlman, men ki te ekstrèmman imoral tou. Jewova voye zanj li al ravaje zòn nan. Zanj yo egzòte Lòt ansanm ak fanmi l pou yo kouri kite Sodòm e pou yo pa vire gad dèyè. Avèk èd zanj yo, yo reyisi kite vil la. Sepandan, li klè madanm Lòt pa t ka sispann panse ak kay li ki te nan vil Sodòm. Donk, li te dezobeyi, li vire gad dèyè, e li peye sa ak vi l (Jenèz 19:15-26). Nan yon sans pwofetik, Jezi bay avètisman sa a ki di : “ Sonje madan Lòt. ” Èske nou aji ann amoni ak avètisman sa a ? — Lik 17:32.

13 Moun ki te koute avètisman Bondye bay yo te chape. Sa te rive nan ka pa Noye ak fanmi l ak nan ka pa Lòt ak pitit fi l yo (2 Pyè 2:9). Toutpandan n ap medite sou avètisman ki gen nan egzanp sa yo, nou tou jwenn ankourajman nan mesaj delivrans yo gen ladan yo pou moun ki renmen jistis. Sa ranpli kè nou ak yon esperans ki sèten konsènan reyalizasyon pwomès Bondye fè pou gen yon “ syèl tounèf ak yon tè tounèf kote jistis ap abite ”. — 2 Pyè 3:13.

‘ Lè jijman an rive ! ’

14, 15. a) Ki sa “ lè ” jijman an gen ladan l ? b) Ki sa sa vle di “ krenn Bondye epi ba li glwa ” ?

14 Toutpandan n ap kontinye veye, ki sa nou ka atann ki pral rive ? Liv Revelasyon an dekri fason objektif Bondye pral reyalize etap pa etap. Si nou vle montre nou pare, li esansyèl pou nou aji ann amoni ak sa ki di nan liv Revelasyon an. Pwofesi a dekri yon fason vivan evènman ki ta gen pou rive nan “ jou Seyè a ” ki te kòmanse an 1914, lè Kris te resevwa twòn nan nan syèl la (Revelasyon 1:10). Liv Revelasyon an atire atansyon nou sou yon zanj yo konfye yon “ bon nouvèl etènèl pou l anonse ”. L ap pwoklame byen fò : “ Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive. ” ​(Revelasyon 14:6, 7). “ Lè ” jijman sa a se yon peryòd tou kout, e se pandan peryòd sa a y ap deklare jijman ki dekri nan pwofesi sa a e y ap egzekite l. Se nan peryòd sa a n ap viv kounye a.

15 Kounye a, anvan lè jijman an rive nan bout li, nou jwenn egzòtasyon pou nou ‘ krenn Bondye e pou nou ba l glwa ’. Ki sa sa enplike ? Si nou gen bonjan krent pou Bondye, sa dwe pouse nou vire do bay sa ki pa bon (Pwovèb 8:13). Si n ap onore Bondye, avèk anpil respè, n ap koute sa li di. Nou pap janm twò okipe pou nou li Labib, Pawòl li a, regilyèman. Nou pap janm souzestime konsèy Bondye ban nou pou nou asiste reyinyon yo (Ebre 10:24, 25). N ap cheri privilèj nou genyen pou nou pwoklame bon nouvèl Wayòm mesyanik Bondye a e n ap fè sa avèk zèl. N ap mete konfyans nou nan Jewova toutan e n ap fè sa ak tout kè nou (Sòm 62:8). Lefètke nou rekonèt Jewova se Souvren inivèsèl, nou onore l lè nou soumèt nou volontèman devan l antanke Souvren lavi nou. Èske vrèman ou krenn Bondye epi ou ba li glwa nan tout fason sa yo ?

16. Poukisa nou ka di jijman yo anonse nan Revelasyon 14:8 kont Gran Babilòn nan deja jwenn akonplisman l ?

16 Revelasyon chapit 14 dekri lòt evènman ankò ki t ava rive nan lè jijman an. Yo mansyone Gran Babilòn nan, anpi mondyal fo relijyon an, an premye. Men sa nou li : “ Yon lòt zanj, yon dezyèm, vini apre, li di : ‘ Li tonbe ! Gran Babilòn nan tonbe ! ’ ” ​(Revelasyon 14:8). Wi, nan je Bondye, Gran Babilòn nan gentan tonbe. Nan ane 1919, sèvitè wen Jewova yo te libere anba doktrin ak pratik ki soti nan Babilòn, yon seri doktrin ak pratik k ap dirije lavi yon bann pèp ak yon bann nasyon depi plizyè milye ane (Revelasyon 17:1, 15). Depi lè sa a, yo bay tout yo menm pou soutni vrè adorasyon an. Kòm rezilta, travay mondyal predikasyon bon nouvèl Wayòm Bondye a ap akonpli tout kote nan monn nan. — Matye 24:14.

17. Pou yon moun soti nan Gran Babilòn nan, ki sa sa enplike ?

17 Se pa sa sèlman jijman Bondye ap fè kont Gran Babilòn nan gen ladan l. Destriksyon final li pral vini talè konsa (Revelasyon 18:21). Se sa k fè, Bib la gen rezon lè l bay moun toupatou egzòtasyon sa a ki di : “ Soti ladan l, [nan Gran Babilòn nan] [...] si nou pa vle patisipe avèk li nan peche l yo. ” ​(Revelasyon 18:4, 5). Ki jan nou soti nan Gran Babilòn nan ? Se pa lè nou annik sispann asosye nou avèk fo relijyon sèlman. Nou jwenn enfliyans Babilòn nan plizyè koutim popilè ak fèt popilè. Nou jwenn li tou nan atitid rilaks moun nan monn nan genyen sou kesyon sèks, nan ankouraje y ap ankouraje divètisman ki gen espiritis, e nan anpil lòt bagay. Pou nou kontinye veye, li esansyèl pou nou bay prèv, ni nan aksyon nou, ni nan dezi ki nan kè nou, nou separe ak Gran Babilòn nan toutbonvre nan tout sans.

18. Anrapò ak sa yo dekri nan Revelasyon 14:9, 10 la, sou ki sa kretyen ki vijilan yo veye ?

18 Nan Revelasyon 14:9, 10, yo dekri yon lòt aspè nan ‘ lè jijman an ’. Gen yon lòt zanj ki deklare : “ Si yon moun adore bèt sovaj la ak imaj li a, e si li resevwa yon mak sou fwon li oswa sou men li, li menm tou li gen pou l bwè diven kòlè Bondye a. ” Poukisa ? “ Bèt sovaj la ak imaj li a ” reprezante dominasyon lèzòm, e dirijan imen sa yo pa rekonèt souvrènte Jewova. Kretyen ki vijilan yo veye pou yo pa ni kite yo enfliyanse yo, ni resevwa mak, kit se nan atitid yo, kit se nan aksyon yo, tankou yo se esklav moun ki refize rekonèt souvrènte siprèm vrè Dye a, Jewova. Kretyen yo konnen Wayòm Bondye a deja etabli nan syèl la. Yo konnen tou li pral fini ak tout dominasyon lèzòm, epi li menm l ap rete pou tan endefini. — Danyèl 2:44.

Nou pa dwe bliye nesesite pou nou aji vit !

19, 20. a) Pandan n ap rantre pi fon nan dènye jou yo, ki sa nou sèten Satan pral eseye fè ? b) Ki sa nou ta dwe detèmine pou nou fè ?

19 Plis n ap antre pi fon nan dènye jou yo, presyon ak tantasyon yo ap vin pi plis toujou. Toutotan n ap viv nan sistèm ki la depi lontan sa a e n ap kwoupi anba enpèfeksyon nou, nou oblije sibi anpil bagay, tankou pwoblèm sante, vyeyès, lanmò moun pa nou, yo ka blese santiman nou, nou ka jwenn desepsyon lè nou fè efò pou nou preche bon nouvèl la epi nou wè moun yo pa byen reyaji, ak anpil lòt bagay ankò. Nou pa dwe janm bliye, nanpwen bagay Satan te ka renmen konsa tankou sèvi ak presyon n ap rankontre pou l fè nou abandone, sa vle di pou l fè nou sispann preche bon nouvèl la oubyen pou l fè nou sispann viv ann akò ak prensip Bondye yo (Efezyen 6:11-13). Kont teni de tan n ap viv la, se pa lemoman pou nou bliye nesesite pou nou aji vit !

20 Jezi te konnen nou t apral jwenn anpil presyon pou nou abandone, se sa k fè men ki konsèy li ban nou : “ Kontinye veye, paske nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini. ” ​(Matye 24:42). Kidonk, annou montre nou pi vijilan toujou pou nou konn ki kote nou ye nan tan k ap pase a. Annou rete sou pinga nou pou nou pa pran nan pyèj Satan yo ki ka fè nou ralanti oswa fè nou abandone. Annou pran rezolisyon pou nou preche bon nouvèl Wayòm Bondye a avèk plis zèl e avèk plis detèminasyon toujou. Annou fè tout sa nou kapab pou nou toujou wè nesesite pou nou aji vit, toutpandan n ap koute avètisman Jezi a ki ankouraje nou pou nou “ kontinye veye ”. Si nou fè sa, n ap onore Jewova e n ap fè pati moun ki gen esperans pou yo jwenn benediksyon etènèl nan men Bondye.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan nou fè konnen avètisman Jezi te bay ki di “ kontinye veye ” a konsène vrè kretyen yo ?

• Ki egzanp ki sèvi avètisman nou jwenn nan Bib la ki kapab ede nou “ kontinye veye ” ?

• Ki sa lè jijman an ye, e ki sa nou jwenn ankourajman pou nou fè anvan lè jijman an rive nan bout li ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Jezi te konpare vini l lan ak lè yon vòlè ap vini.

[Foto nan paj 25]

Destriksyon Gran Babilòn nan toupre.

[Foto nan paj 26]

Annou pran rezolisyon pou nou preche ak plis zèl e ak plis detèminasyon toujou.