Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun ki aje yo gen anpil valè nan fanmi nou fòme antanke kretyen an

Moun ki aje yo gen anpil valè nan fanmi nou fòme antanke kretyen an

Moun ki aje yo gen anpil valè nan fanmi nou fòme antanke kretyen an

“ Sa yo ki plante nan mezon Jewova [...] ap fleri. Y ap kontinye pwospere pandan cheve yo gri. ” —SÒM 92:13, 14.

1. Ki jan anpil moun konsidere moun ki aje yo ?

JEWOVA renmen tout sèvitè fidèl li yo, e moun aje yo ladan yo tou. Sepandan, dapre yon estimasyon ki fèt Ozetazini, chak ane, nan peyi sa a, gen prèske demi milyon moun aje yo maltrete oswa yo neglije. Gen rapò menm jan an ki soti nan lemonnantye ki montre afè maltrete moun aje a se yon pwoblèm entènasyonal. Selon sa yon òganizasyon di, rasin pwoblèm nan “ se lide ki gaye nan mitan anpil moun [...] ki fè kwè moun ki aje yo pa itil ankò, yo pa ka pwodui e yo depann twòp de lòt moun ”.

2. a) Ki jan Jewova konsidere sèvitè aje li yo ki fidèl ? b) Ki pawòl rekonfòtan nou jwenn nan Sòm 92:12-15 ?

2 Jewova Dye cheri sèvitè aje li yo ki fidèl. Sa ki kapte atansyon l se “ moun nou ye pa anndan ” an, kondisyon espirityèl nou, se pa limit nou genyen nan domèn fizik (2 Korentyen 4:16). Nan Pawòl li, Labib, nou jwenn pawòl sa yo ki rekonfòtan e ki ban nou asirans : “ Moun ki jis la ap fleri tankou yon pye dat, l ap grandi tankou yon pye sèd nan peyi Liban. Sa yo ki plante nan mezon Jewova, nan lakou Bondye nou an, y ap fleri. Y ap kontinye pwospere pandan cheve yo gri, y ap toujou gra e y ap toujou fre pou yo anonse Jewova dwat. ” ​(Sòm 92:12-15). Egzamen nou pral fè sou vèsè sa yo pral montre kèk aspè nan kontribisyon enpòtan, ou menm moun ki aje, ou ka pote nan fanmi nou fòme antanke kretyen an.

“ Y ap kontinye pwospere pandan cheve yo gri ”

3. a) Poukisa yo konpare moun ki jis la ak pye dat ? b) Ki fason moun ki aje yo ka “ kontinye pwospere pandan cheve yo gri ” ?

3 Salmis lan konpare moun ki jis yo ak pye dat ki ‘ plante nan lakou Bondye nou an ’. Yo “ kontinye pwospere pandan cheve yo gri ”. Gen yon lòt tradiksyon ki mete : “ Yo te mèt granmoun, y’ap donnen. ” ​(Bib la). Èske w pa dakò pawòl sa yo se pawòl ki ankourajan ? Li te kouran pou bèl pye dat leve nan lakou moun, ann Oryan, nan tan biblik. Yo te gen anpil valè paske, nonsèlman yo te gen aspè dekoratif, men tou yo te konn bay anpil fwi. Gen kèk nan yo ki te konn pwodui fwi pandan plis pase yon syèk. * Se menm jan an tou, si w rete plante byen djanm nan vrè adorasyon an, w ap “ kontinye pote fwi nan tout zèv ki bon ”. — Kolosyen 1:10.

4, 5. a) Ki fwi enpòtan kretyen yo dwe pwodui ? b) Bay kèk egzanp biblik moun ki aje ki te pwodui “ fwi ki sot nan bouch ” yo.

4 Jewova atann aske kretyen yo pwodui “ fwi ki sot nan bouch ” yo, pawòl ki fè louwanj pou li ak pou pwogram li (Ebre 13:15). Èske pawòl sa yo aplikab pou ou antanke moun ki aje ? Asireman wi.

5 Bib la rapòte egzanp moun ki aje ki pa t pè bay temwayaj konsènan non Jewova, konsènan pwogram li. Pa egzanp, Moyiz te gentan depase “ swasanndizan ” lè Jewova te nome l pwofèt e li te chwazi l pou l reprezante l (Sòm 90:10 ; Egzòd 4:10-17). Pwofèt Danyèl pa t kite laj anpeche l bay temwayaj avèk kran konsènan souvrènte Jewova. Petèt, li te gen plis pase 90 an lè Bèlchatza te konvoke l pou l vin entèprete ekriti ki te sou mi an, yon ekriti ki te yon mistè (Danyèl, chapit 5). E apot Jan menm ki te fin granmoun, ki sa nou ta di pou li ? Li te konsakre tout vi l nan sèvis Bondye e lè l te rive nan vye jou l, li te twouve l nan prizon, sou zile Patmòs, ‘ poutèt li t ap pale de Bondye e li t ap rann temwayaj konsènan Jezi ’. (Revelasyon 1:9.) Siman, ou sonje yon bann lòt pèsonaj nan Bib la ki te pwodui “ fwi ki sot nan bouch ” yo nan vyeyès yo. — 1 Samyèl 8:1, 10 ; 12:2 ; 1 Wa 14:4, 5 ; Lik 1:7, 67-79 ; 2:22-32.

6. Ki fason Jewova sèvi ak “ granmoun yo ” pou yo pwofetize nan dènye jou n ap viv la ?

6 Apot Pyè te site pawòl Yowèl, yon pwofèt ebre, li te deklare : “ Bondye di ‘ nan dènye jou yo, m ava simaye yon pòsyon nan lespri m sou tout kalite chè, [“ granmoun yo ” ladan l tou], [...] epi yo va pwofetize. ’ ” ​(Travay 2:17, 18 ; Yowèl 2:28). Se poutèt sa, nan dènye jou n ap viv la, Jewova sèvi ak moun ki aje ni nan klas wen an ni pami “ lòt mouton yo ” pou yo anonse pwogram li (Jan 10:16). Gen kèk nan yo k ap pwodui fwi Wayòm nan avèk fidelite depi plizyè dizèn ane.

7. Bay yon egzanp pou montre jan moun ki aje yo kontinye pwodui fwi Wayòm nan malgre yo limite fizikman.

7 Ann pran egzanp Sonia, ki te vin pwoklamatè Wayòm nan a plen tan an 1941. Malgre li te fè lontan ap konbat yon maladi kwonik, li te kondui etid biblik lakay li regilyèman. Li esplike : “ Preche bon nouvèl la fè pati lavi m. An reyalite li se lavi m. Mwen pa vle pran retrèt ladan l. ” Pa gen lontan de sa, Sonia ansanm ak sè l, Olive, te pale de esperans ki nan Bib la ak Janet, yon moun ki nan dènye faz maladi l yo te rankontre nan sal d atant yon lopital. Manman Janet, yon fèvan katolik, te tèlman enpresyone lè li te wè lanmou ak enterè sè yo te manifeste anvè pitit li a, li te aksepte etid biblik yo te pwopoze l la. Kounye a l ap fè bon pwogrè. Èske nou ka pwofite okazyon konsa pou nou pwodui fwi Wayòm nan ?

8. Ki jan Kalèb, yon granmoun, te demontre konfyans li nan Jewova, e ki jan kretyen ki aje yo ka imite egzanp li ?

8 Lè kretyen ki aje yo kontinye pèsevere nan travay predikasyon Wayòm nan avèk kouraj, malgre limit yo akoz anpil laj yo genyen, yo montre y ap suiv egzanp Kalèb, yon Izrayelit fidèl ki te akonpaye Moyiz nan dezè a pandan karant an. Kalèb te gen 79 an lè li te travèse rivyè Jouden an pou li rantre nan Latè pwomiz. Apre li te fin konbat nan lame Izrayelit yo, e yo te ranpòte viktwa sou viktwa pandan sizan, li te ka chita chita l, li pa fè anyen ankò. Men non, se pa t sa li te fè. Avèk kouraj, li te mande pou yo ba l misyon pou l al pran “ gwo vil fòtifye ” ki nan rejyon ki gen mòn nan peyi Jida yo, zòn kote Anakim yo te rete, yon seri de mesye ki gen yon wotè estrawòdinè. E grasa èd Jewova, Kalèb te rive “ pran yo nan men yo, jan Jewova te pwomèt sa ”. (Jozye 14:9-14 ; 15:13, 14.) Nou mèt sèten, Jewova avèk nou, menm jan li te avèk Kalèb, toutpandan n ap kontinye pwodui fwi Wayòm nan pandan vyeyès nou. E, si nou rete fidèl, l ap ban nou yon plas nan monn nouvo li pwomèt la. — Izayi 40:29-31 ; 2 Pyè 3:13.

“ Y ap toujou gra e y ap toujou fre ”

9, 10. Ki sa kretyen aje yo ka fè pou yo rete solid nan lafwa e pou yo kenbe vigè espirityèl yo (gade kare ki nan paj 11 la) ?

9 Pou salmis lan atire atansyon sou bon rezilta sèvitè Jewova ki aje yo jwenn, men sa li te di nan yon chante : “ Moun ki jis la ap fleri tankou yon pye dat, l ap grandi tankou yon pye sèd nan peyi Liban. Y ap kontinye pwospere pandan cheve yo gri, y ap toujou gra e y ap toujou fre. ” — Sòm 92:12, 14.

10 Ki sa w ka fè pou w kenbe vigè espirityèl ou malgre w gen anpil laj ? Sekrè ki fè yon pye dat rete toujou bèl san l pa janm fennen se dlo li jwenn toutan, san rete. Menm jan an tou, ou kapab jwenn sa w bezwen pou w rete solid, nan dlo verite ki nan Bib la, lè w etidye Pawòl Bondye a epi w rete atache ak òganizasyon l lan (Sòm 1:1-3 ; Jeremi 17:7, 8). Vigè espirityèl ou fè w vin yon atou ki gen anpil valè pou lòt kwayan yo. Ann egzamine jan sa te vre nan ka yon gran prèt aje ki te rele Yewoyada.

11, 12. a) Ki wòl enpòtan Yewoyada te jwe nan istwa wayòm Jida a ? b) Ki jan Yewoyada te sèvi ak enfliyans li pou l soutni vrè adorasyon an ?

11 Petèt, Yewoyada te gen plis pase santan lè rèn Atali, yon rèn ki gen anbisyon, te touye pwòp pitit pitit li epi li pran pouvwa a nan peyi Jida. Ki sa Yewoyada, yon granmoun konsa te ka fè ? Ebyen, pandan sizan, li menm ak madanm li te sere Yewoach nan tanp lan, li menm ki te sèl eritye wa a ki pa t mouri. Apre sa, Yewoyada te bay yon kou siprann, li te pwoklame Yewoach, ki te gen setan, wa e li te fè egzekite Atali. — 2 Kwonik 22:10-12 ; 23:1-3, 15, 21.

12 Antanke pwotektè wa a, Yewoyada te sèvi ak enfliyans li pou l soutni vrè adorasyon an. Li “ te fè yon alyans ant li menm, tout pèp la ansanm ak wa a, dapre alyans sa a, yo t ap kontinye rete pèp Jewova ”. Sou lòd Yewoyada, pèp la te detwi mezon fo dye Baal la, yo te kraze otèl yo, imaj yo e yo te touye prèt li a. Se sou direksyon Yewoyada, Yewoach te retabli sèvis nan tanp lan e li te fè reparasyon ladan l, yon reparasyon ki te nesesè anpil. “ E Yewoach te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova pandan tout jou Yewoyada, prèt la, t ap enstwi l. ” ​(2 Kwonik 23:11, 16-19 ; 24:11-14 ; 2 Wa 12:2). Lè Yewoyada te mouri, li te gen 130 an, li te gen gwo onè pou yo te antere l menm kote ak wa yo paske “ li te fè sa ki byen ni ann Izrayèl, ni pou vrè Dye a, ni pou mezon ” vrè Dye a. — 2 Kwonik 24:15, 16.

13. Ki jan kretyen ki aje yo ka ‘ fè sa ki byen ni pou vrè Dye a ni pou mezon ’ vrè Dye a ?

13 Petèt, pwoblèm sante oubyen lòt sitiyasyon limite sa w ta ka fè pou w soutni vrè adorasyon an. Menmsi se sa vre, ou toujou anmezi pou w ‘ fè sa ki byen ni pou vrè Dye a ni pou mezon l lan ’. Ou ka montre w zele pou mezon espirityèl Jewova a lè w asiste reyinyon kongregasyon an, ou patisipe ladan yo epi ou pwofite tout okazyon pou w patisipe nan predikasyon. Lè w tou prèt pou w aksepte konsèy ki nan Bib la, lè w soutni fidèlman ni “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ni kongregasyon an, sa ap rann fanmi nou fòme antanke kretyen an pi fò (Matye 24:45-47). Anplis, ou ka pouse adoratè parèy ou yo pou yo ‘ gen lanmou, pou yo fè bèl aksyon ’. (Ebre 10:24, 25 ; Filemon 8, 9.) Anfen, w ap yon benediksyon pou lòt moun si w aji ann amoni ak konsèy apot Pòl bay la : “ Se pou granmoun gason yo modere nan abitid yo, pou yo serye, pou yo gen tèt yo anplas, pou yo solid nan lafwa, nan lanmou ak nan andirans. Se pou granmoun fi yo gen yon konduit ki montre gwo respè pou Bondye, pou yo pa ni medizan, ni esklav anpil diven, men pou yo anseye sa ki byen. ” — Tit 2:2-4.

14. Ki sa kretyen ki gen lontan depi y ap sèvi kòm siveyan yo ka fè pou yo soutni vrè adorasyon an ?

14 Èske w ap sèvi antanke ansyen depi plizyè ane ? Men konsèy yon frè ki gen lontan depi l ap sèvi kòm ansyen bay : “ Itilize sajès ou ranmase pandan tout ane sa yo san w pa fè egoyis. Konfye lòt moun responsablite, pataje eksperyans ou ak moun ki vle aprann [...]. Chèche disène kapasite lòt moun genyen. Devlope kapasite sa yo epi kontinye amelyore yo. Poze fondman pou lavni. ” ​(Detewonòm 3:27, 28). Bonjan enterè ou montre pou travay Wayòm nan k ap kontinye etann san rete ap pote anpil benediksyon pou lòt moun nan fanmi nou fòme antanke kretyen an.

“ Anonse Jewova dwat ”

15. Ki jan kretyen ki aje yo “ anonse Jewova dwat ”?

15 Sèvitè Bondye ki aje yo ranpli responsablite yo genyen pou yo “ anonse Jewova dwat ” avèk anpil kè kontan. Si w se yon kretyen ki aje, pawòl ou ak aksyon w ka montre lòt moun ‘ Jewova se mas wòch ou, lakay li pa gen enjistis ’. (Sòm 92:15.) Pye dat la pote temwayaj an silans pou kalite estrawòdinè Kreyatè l la genyen. Men ou menm, Jewova ba w privilèj pou w rann temwayaj pou li devan moun ki anbrase vrè adorasyon an jodi a (Detewonòm 32:7 ; Sòm 71:17, 18 ; Yowèl 1:2, 3). Poukisa se yon bagay ki enpòtan ?

16. Ki egzanp biblik ki montre enpòtans sa genyen pou nou “ anonse Jewova dwat ” ?

16 Lè Jozye, ki te chèf ann Izrayèl, “ te fin granmoun e li te gen anpil laj ”, li te “ rele tout Izrayèl, ansyen yo, chèf yo, jij yo ak tout prepoze yo ” pou l fè yo sonje Jewova toujou aji yon fason ki dwat. Men sa li te di : “ Pa gen yon pawòl nan tout bèl pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. ” ​(Jozye 23:1, 2, 14). Pandan yon sèten tan, pawòl sa yo te ranfòse detèminasyon pèp la te pran pou li rete fidèl. Sepandan, apre lanmò Jozye, “ te gen yon lòt jenerasyon ki te leve, yon jenerasyon ki pa t konnen ni Jewova ni aksyon Li te fè pou Izrayèl. E pitit Izrayèl yo te tonbe fè sa ki mal nan je Jewova e yo te tonbe sèvi Baal yo ”. — Jij 2:8-11.

17. Ki jan Jewova aji ak pèp li a nan epòk nou an ?

17 Entegrite kongregasyon kretyèn nan, nan epòk nou an, pa depann de temwayaj oral sèvitè Bondye ki aje yo. Toutfwa, lafwa nou nan Jewova ak nan pwomès li yo ap fòtifye lè nou tande moun ki te temwen ak je yo ap rakonte “ gwo aksyon ” Jewova fè pou pèp li a nan dènye jou sa yo (Jij 2:7 ; 2 Pyè 1:16-19). Si w fè pati òganizasyon Jewova a depi plizyè ane, petèt ou sonje epòk kote se te kèk grenn pwoklamatè ki te genyen nan zòn ou an oubyen nan peyi w, oubyen epòk kote travay predikasyon an t ap rankontre gwo opozisyon. Avèk letan, ou wè jan Jewova elimine yon seri obstak e li fè akwasman nan kantite pwoklamatè Wayòm nan “ akselere ”. (Izayi 54:17 ; 60:22.) Ou remake eklèsisman ki te fèt sou verite ki nan Bib la e ou temwen jan pati vizib òganizasyon Bondye a rafine tikras pa tikras (Pwovèb 4:18; Izayi 60:17). Èske w chèche ankouraje lòt moun lè w pataje ansanm ak yo eksperyans ou te viv sou jan Jewova aji yon fason ki dwat ? Se pa ti bon efè sa ka genyen sou fanmi nou fòme antanke kretyen an, e sa ka fòtifye nou tou !

18. a) Bay yon egzanp pou montre lè nou “ anonse Jewova dwat ”, alalong, sa gen efè sou lòt moun. b) Ki jan ou menm pèsonèlman ou fè eksperyans Jewova dwat ?

18 Ki sa w ta ka di konsènan kèk okazyon nan lavi pa w kote ou te santi Jewova t ap pran swen w avèk amou, li t ap gide w (Sòm 37:25 ; Matye 6:33 ; 1 Pyè 5:7) ? Gen yon sè aje ki rele Martha ki konn ankouraje lòt moun lè l di yo pawòl sa yo : “ Kèlkeswa sa k rive, pa janm abandone Jewova. L ap toujou soutni w. ” Konsèy sa a te gen yon gwo efè sou Tolmina, youn nan moun ki t ap etidye Labib ak Martha e ki te batize nan kòmansman ane 1960 yo. Men sa Tolmina sonje : “ Lè mari m mouri, mwen te dekouraje anpil, men pawòl sa yo te fè m detèmine pou m pa manke pyès reyinyon. E Jewova te vrèman ban m fòs pou m kontinye. ” Avèk letan, Tolmina te bay anpil moun l ap etidye Labib ak yo menm konsèy la. Vrèman vre, lè nou ankouraje kwayan parèy nou yo, lè nou rakonte yo jan Jewova aji yon fason ki dwat, sa ka kontribye anpil pou bati lafwa yo.

Jewova cheri moun aje ki fidèl yo

19, 20. a) Ki jan Jewova konsidere aktivite sèvitè l yo ki aje ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Engratitid ki karakterize monn jodi a fè moun yo prèske pa gen tan pou moun ki aje (2 Timote 3:1, 2). Lè yo sonje moun ki aje yo, byen souvan se pou sa yo te fè lontan, yo pa sonje yo pou sa yo ye, men pito pou sa yo te ye. Tandiske, Bib la di : “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l, dèske nou te sèvi moun ki sen yo e nou kontinye ap sèvi yo. ” ​(Ebre 6:10). Natirèlman, Jewova Dye sonje travay ou te akonpli avèk fidelite nan tan lontan yo. Men li ba w valè tou pou sa w kontinye akonpli nan sèvis li. Wi, li konsidere kretyen aje ki fidèl yo kòm moun ki bay bon rannman, moun ki gen bon sante espirityèl, li konsidere yo kòm kretyen ki gen vigè, kòm yon temwayaj vivan pou fòs li genyen. — Filipyen 4:13.

20 Èske nou wè moun ki aje nan fanmi nou fòme antanke kretyen an menm jan Jewova wè yo ? Si nou wè yo konsa, n ap anvi demontre lanmou nou pou yo (1 Jan 3:18). Atik ki vin apre a pral egzamine kèk fason pratik pou nou demontre lanmou nou pou yo lè nou pran swen yo.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Chak grap dat ka gen yon milye fwi ladan l e li ka peze uit kilo, li ka menm peze plis. Gen yon ekriven ki estime “ chak pye [dat], pandan egzistans li, bay mèt li de oswa twa tòn dat ”.

Ki jan nou ta reponn ?

• Ki jan moun ki aje yo “ pwodui fwi ” ?

• Poukisa vigè espirityèl kretyen ki aje yo se yon atou ki gen anpil valè ?

• Ki jan moun ki aje yo ka “ anonse Jewova dwat ” ?

• Poukisa Jewova cheri moun k ap sèvi l depi lontan yo ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 11]

Sa yo te fè pou yo rete solid nan lafwa

Ki sa ki te ede kèk moun ki kretyen depi lontan rete solid nan lafwa, e ki sa ki te ede yo kenbe vigè yo nan domèn espirityèl ? Men sa kèk nan yo di :

“ Lè nou li vèsè nan Bib la ki mete anpil aksan sou relasyon nou avèk Jewova, sa trèzenpòtan. Prèske chak swa mwen resite Sòm 23 ak Sòm 91. ” — Olive, batize an 1930.

“ Mwen veye pou m toujou la nan tout diskou batèm, pou m toujou ap koute avèk atansyon, tankou se te batèm pa m. Yon bagay enpòtan ki ede m rete fidèl se kenbe mwen toujou kenbe ve mwen te fè a frèch nan lespri. — Harry, batize an 1946.

“ Lapriyè chak jou trèzenpòtan. Toujou mande Jewova èd li, mande l pwoteksyon l ak benediksyon l, ‘ nan tout wout nou, sonje li la.’ ” ​(Pwovèb 3:5, 6). — Antônio, batize an 1951.

“ Koute eksperyans moun ki toujou ap sèvi Jewova avèk fidelite depi anpil ane te ranfòse detèminasyon m pou m rete fidèl devan l. ” — Joan, batize an 1954.

“ Li enpòtan pou nou pa twò panse ak tèt nou. Tout sa nou genyen se grasa favè Bondye nou pa merite a nou genyen yo. Si nou gen yon pwennvi konsa, sa ap ede nou chèche manje espirityèl nou bezwen pou nou andire jiska lafen an, nan bon kote a. ” — Arlene, batize an 1954.

[Foto nan paj 9]

Moun ki aje yo pwodui fwi Wayòm ki gen anpil enpòtans.

[Foto nan paj 12]

Vigè espirityèl moun ki aje yo se yon atou ki gen anpil valè.