Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou kapab kwè nan yon paradi sou tè a

Ou kapab kwè nan yon paradi sou tè a

Ou kapab kwè nan yon paradi sou tè a

TOUTOLON listwa, plizyè milyon moun kwè yon jou y ap gen pou yo kite tè a pou y al viv nan syèl. Gen lòt moun ki panse Kreyatè nou an pa t janm gen nan tèt li pou tè a ta yon kote pou n abite pou toutan. Asèt yo menm al pi lwen toujou. Pou anpil ladan yo, tè a ak tout bagay materyèl ki ladan l yo pa bon, se yon baryè ki anpeche nou atenn bonjan objektif espirityèl e ki anpeche nou pwoche kote Bondye.

Moun ki te devlope ide nou sot pale la yo, se swa yo pa t konn anyen sou sa Bondye di sou kesyon yon paradi sou tè a, oswa yo te chwazi inyore sa. Anfèt, jodi a, anpil moun pa montre yo enterese pou yo egzamine sa Bondye enspire lòm pou ekri sou sijè sa a nan Pawòl li, Labib (2 Timote 3:16, 17). Men, èske l pa saj pou nou kwè nan Pawòl Bondye a olye pou nou adopte teyori lèzòm fè (Women 3:4) ? Anfèt, li trèzenpòtan pou nou fè sa, piske Bib la avèti nou gen yon kreyati envizib mechan ki pisan ki vegle je moun yo espirityèlman e kounye a “ k ap twonpe tout latè ki abite ”. — Revelasyon 12:9 ; 2 Korentyen 4:4.

Poukisa gen konfizyon ?

Anpil ide depaman konsènan nanm lage moun nan konfizyon konsènan objektif Bondye gen pou tè a. Anpil moun kwè nou gen yon nanm imòtèl, yon bagay ki detache sot nan kò a e ki kontinye viv lè nou mouri. Gen lòt moun ki kwè nanm nan te egziste anvan yo te kreye kò a. Selon yon ouvraj referans, filozòf grèk Platon panse nanm nan “ fèmen nan kò a kòm pinisyon pou peche l te fè lè l te nan syèl la ”. Nan menm sans lan, gen yon teyolojyen nan twazyèm syèk la ki rele Orijèn ki di pawòl sa yo : “ Nanm nan te peche [nan syèl la] anvan l te fè yon sèl ak kò a ” e li “ nan prizon [nan kò a sou tè a] kòm pinisyon pou peche l yo ”. Plizyè milyon moun kwè kòmkwa tè a se senpleman yon kote pou moun pase anvan y al nan syèl.

Gen tout kalite ide tou sou sa k rive nanm nan lè yon moun mouri. Selon liv Istwa filozofi oksidantal la (anglè), Ejipsyen yo te devlope kwayans sa a ki fè konnen “ nanm moun ki mouri yo desann nan yon monn anba tè a ”. Apre sa, filozòf yo te fè konprann nanm moun ki mouri yo pa desann nan yon monn fènwa ki gen anba tè a, men pito yo monte nan yon monn byen wo kote lespri yo abite. Dapre sa yo rapòte, filozòf grèk Sokrat te kwè lè yon moun mouri, nanm nan “ ale nan yon rejyon envizib [...] e li pase tout rès egzistans li avèk dye yo ”.

Ki sa Labib di ?

Pa gen okenn kote nan Labib, Pawòl enspire Bondye a, ki di lòm gen yon nanm ki imòtèl. Li Jenèz 2:7 pèsonèlman. Men sa l di : “ Jewova Dye fè lòm ak pousyè tè, epi li soufle souf lavi a nan tou nen l, epi lòm vin yon nanm vivan. ” Sa klè e tout moun kapab konprann li. Lè Bondye te kreye Adan, premye òm nan, Li pa t mete yon bagay ki pa fizik anndan l. Non, paske Labib di : “ Lòm vin yon nanm vivan. ” Lòm pa t gen yon nanm anndan l. Li te yon nanm.

Lè Jewova t ap kreye tè a e lè l t ap kreye lòm, li pa t janm gen nan tèt li pou lòm ta mouri. Objektif Bondye se te pou lòm viv sou tè a pou toutan nan yon paradi. Adan te mouri senpleman akoz li te dezobeyi lwa Bondye (Jenèz 2:8, 15-17 ; 3:1-6 ; Izayi 45:18). Lè premye òm nan te mouri, èske l te ale nan yon swadizan zòn kote lespri yo abite ? Now ! Adan antanke nanm te retounen nan pousyè san vi yo te pran pou yo kreye l la. — Jenèz 3:17-19.

Nou tout nou eritye peche ak lanmò nan men granpapa nou Adan (Women 5:12). Lanmò sa a vle di sispann egziste, jan sa te rive Adan an (Sòm 146:3, 4). Anfèt, nan tout 66 liv ki nan Bib la, pa janm gen lyen ki fèt ant mo “ imòtèl ” oswa mo “ etènèl ” ansanm ak mo “ nanm ” nan. Okontrè, Ekriti yo di klèman nanm nan, sa vle di moun nan, mòtèl. Nanm nan mouri. — Eklezyas 9:5, 10 ; Ezekyèl 18:4.

Èske bagay materyèl yo an yo menm yo pa bon ?

E ide ki fè konprann bagay materyèl yo, san wete tè a, se bagay ki pa bon ? Ide sa a te parèt ak moun ki fè pati mouvman relijye ki rele manicheyis la, yon mouvman yon moun ki te rele Mani te fonde nan peyi Pès diran twazyèm syèk epòk nou an. Men sa yon ansiklopedi (The New Encyclopædia Britannica) deklare : “ Manicheyis la vin parèt akoz touman ki genyen nan sitiyasyon lèzòm ap viv. ” Mani te kwè egziste antanke imen se yon bagay “ ki pa natirèl, ki ensipòtab e ki menm malefik ”. Li panse tou, sèl mwayen pou sot nan “touman” sa a se pou nanm nan ta soti nan kò a, pou l kite tè a, epi pou l abouti nan yon egzistans espirityèl nan monn lespri yo.

Men bò kote pa l, Bib la di nou lè Bondye t ap kreye tè a ansanm ak limanite, selon li menm, ‘ tout sa l te fè te bon nèt ’. (Jenèz 1:31.) Lè sa a, pa t gen okenn baryè ant lòm ak Bondye. Adan ak Èv te gen relasyon sere sere ak Jewova, menm jan Jezi Kris, yon nonm pafè, te gen relasyon entim ak Papa l ki nan syèl la. — Matye 3:17.

Si premye paran nou yo, Adan ak Èv, pa t lage kò yo nan peche, yo t ap kapab genyen yon relasyon sere sere avèk Jewova Dye pou toutan nan yon paradi sou tè a. Dayè yo te kòmanse viv nan Paradi a, paske Ekriti yo di nou : “ Jewova Dye te plante yon jaden ann Edenn, nan zòn lès, epi se la li te mete lòm li te fòme a. ” ​(Jenèz 2:8). Se te nan bèl jaden sa a Èv te fèt. Si Adan ak Èv pa t peche, yo menm ansanm ak desandan pafè yo t ap genyen yo t apral travay ansanm ak kè kontan jiskaske tout tè a ta tounen yon paradi (Jenèz 2:21 ; 3:23, 24). Paradi terès la t apral tounen kote pou limanite abite pou toutan.

Poukisa gen moun ki al nan syèl ?

Petèt ou ka di : ‘ Men, m te kwè Bib la pale de moun ki pral nan syèl ? ’ Se vre. Apre Adan te fin peche, Jewova te pran dispozisyon pou l tabli yon Wayòm nan syèl la, e ladan l t ap gen kèk nan desandan Adan yo ki t apral “ dirije tè a kòm wa ” ansanm ak Jezi Kris (Revelasyon 5:10 ; Women 8:17). Moun sa yo t ap gen pou yo resisite pou yon vi imòtèl nan syèl la. Kantite a se 144 000. Premye nan moun sa yo se te disip fidèl Jezi yo nan premye syèk la. — Lik 12:32 ; 1 Korentyen 15:42-44 ; Revelasyon 14:1-5.

Sepandan, sa pa t antre nan pwogram Bondye te genyen okòmansman pou moun ki dwat yo ta kite tè a pou y al nan syèl. Anfèt, lè Jezi te sou tè a, li te deklare : “ Pa gen okenn moun ki monte nan syèl la apa moun ki te desann sot nan syèl la, Pitit lòm nan. ” ​(Jan 3:13). Pa mwayen “ Pitit lòm nan ”, Jezi Kris, Bondye te bay yon ranson ki fè lavi etènèl vin posib pou moun ki montre yo gen lafwa nan sakrifis Jezi a (Women 5:8). Men, ki kote plizyè milyon moun sa yo pral viv pou toutan an ?

Pwogram Bondye te gen okòmansman an pral reyalize

Menmsi Bondye deside pran kèk moun pami lèzòm pou sèvi kòm chèf nan Wayòm selès la avèk Jezi Kris, sa pa vle di tout moun ki bon pral nan syèl. Jewova te kreye tè a pou l vin yon paradi pou lòm abite. Talè konsa, Bondye pral reyalize pwogram li te gen okòmansman an. — Matye 6:9, 10.

Anba dominasyon Jezi Kris ansanm ak dirijan selès ki avèk li yo, lapè ak lajwa pral kouvri tout tè a (Sòm 37:9-11). Moun ki nan memwa Bondye pral resisite e yo pral jwi yon sante pafè (Travay 24:15). Akoz fidelite yo devan Bondye, moun ki obeyisan yo pral benefisye sa premye paran nou yo te pèdi a : lavi etènèl nan lapèfeksyon nan yon paradi sou tè a. — Revelasyon 21:3, 4.

Jewova Dye pa janm echwe nan sa li deside fè. Men sa l deklare pa mwayen pwofèt li Izayi : “ Menm jan gwo lapli, ak lanèj, desann sot nan syèl e li pa retounen kote sa a san li pa byen ranpli tè a e fè l pwodui, fè l jèmen, yon fason pou l bay moun k ap simen an semans e pou l bay moun k ap manje a pen, se konsa sa va ye pou pawòl mwen ki sot nan bouch mwen. Li pap retounen vin jwenn mwen san rezilta, men, se sèten, li va fè sa ki fè m plezi, e l ap reyisi san mank nan sa m voye l fè. ” — Izayi 55:10, 11.

Nan liv nan Bib la ki pote non Izayi a, nou gen yon avangou sou kòman lavi a pral ye nan Paradi sou tè a. Pa gen okenn moun nan Paradi a k ap di : “ Mwen malad. ” ​(Izayi 33:24.) Bèt yo pap reprezante yon danje pou lòm (Izayi 11:6-9). Moun pral bati bèl kay e y ap abite ladan yo, yo pral plante jaden e y ap byen manje (Izayi 65:21-25). Anplis de sa, Bondye “ pral anglouti lanmò pou toutan. Wi, Jewova Souvren Seyè a pral siye dlo nan tout figi ”. — Izayi 25:8.

Talè konsa, moun ki obeyisan yo pral viv nan bonjan kondisyon nou sot pale la yo. Yo ‘ pral libere anba esklavaj koripsyon e yo pral gen libète pitit Bondye yo nan laglwa ’. (Women 8:21.) Ala sa pral bèl pou nou viv pou toutan nan Paradi yo pwomèt k ap gen sou tè a (Lik 23:43) ! Ou kapab la si ou viv ann amoni ak konesans egzak ki gen nan Ekriti yo e si w montre ou gen lafwa nan Jewova ak nan Jezi Kris. E ou mèt sèten, li reyalis pou w kwè nan yon paradi sou tè a.

[Foto nan paj 4]

Adan ak Èv te fèt pou viv pou toutan nan yon paradi sou tè a.

[Liy kredi pou foto nan paj 3]

U.S. Fish & Wildlife Service, Washington, D.C./NASA