Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Poukisa Jezi te soufri e li te mouri?

Poukisa Jezi te soufri e li te mouri?

“Akoz yon sèl moun [Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre.” — Women 5:12.

Ki repons ou t ap bay si yo ta mande w: “Èske w vle viv pou toutan?” Sandout, pifò moun t ap di wi yo vle sa, men yo t ap panse se pa yon bagay ki reyalis. Yo panse lanmò se yon bagay nòmal, se yon fason natirèl lavi yon moun fini.

Ann sipoze yo ta vire kesyon an yon lòt jan epi yo mande w: “Èske w ta renmen mouri?” Nan sikonstans nòmal pifò moun t ap di non. Ki sa sa montre? Malgre difikilte ak eprèv n ap rankontre se yon bagay ki nòmal e ki natirèl pou nou anvi viv. Bib la fè nou konnen Bondye te kreye lèzòm ak anvi pou yo viv. Anfèt, men sa li di: “Li menm met lide pou lèzòm viv pou toutan nan kè yo.” — Eklezyas 3:11.

Men, reyalite a sèke lèzòm pa viv pou toutan. Kidonk ki sa k te pase? Anplis de sa, èske Bondye te fè yon bagay pou l rezoud pwoblèm nan? Repons Bib la bay yo ankourajan e yo gen yon rapò dirèk ak rezon ki fè Jezi te soufri e li te mouri.

KI SA K TE PASE?

Jenèz se yon liv ki nan Bib la. Twa premye chapit liv sa a fè nou konnen Bondye te bay de premye moun yo, Adan ak Èv, posiblite pou yo gen lavi ki pap janm fini an, e li te di yo sa pou yo fè pou yo ka jwenn li. Ansuit, liv la fè n konnen jan yo te dezobeyi Bondye, konsa yo te pèdi posiblite sa a. Liv la rakonte istwa a yon fason senp, li tèlman senp gen kèk moun ki pa kwè nan istwa sa a yo kouri pran l pou yon lejann. Men, liv Jenèz la, menm jan ak Evanjil yo, ban nou tout enfòmasyon ki montre istwa yo rakonte yo se laverite *.

Ki rezilta sa te bay lefètke Adan pa t obeyi Bondye? Men ki fason Bib la reponn: “Akoz yon sèl moun [Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” ​(Women 5:12). Lefètke Adan te dezobeyi Bondye, li te peche. Konsa, li te pèdi posiblite li te genyen pou l viv nètale e finalman, li te mouri. Antanke desandan l, nou eritye peche l la. Kòm rezilta, sa fè nou malad, nou vin granmoun epi nou mouri. Esplikasyon sa a sou rezon ki fè nou mouri a tonbe daplon ak sa nou konnen jodi a sou rezon ki fè yon timoun eritye defo, kalite ak mani paran l genyen. Men, èske Bondye te fè yon bagay pou l rezoud pwoblèm nan?

SA BONDYE TE FÈ

Wi, Bondye te pran dispozisyon pou l rachte sa desandan Adan yo te pèdi a, sètadi posiblite pou yo viv pou toutan an. Ki jan Bondye te fè sa?

Men sa Bib la di nan Women 6:23: “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò.” Sa vle di lanmò se konsekans peche. Adan te peche, se sa k fè li mouri. Menm jan an tou, nou peche e se sa k fè nou kapab mouri. Sepandan, se pa nou ki mete tèt nou nan kondisyon sa a, nou fèt tou pechè. Konsa, avèk amou, Bondye te voye Jezi, Pitit li a, vin pran ‘sa nou jwenn pou peche nou fè’ yo. Ki jan sa te fèt?

Lanmò Jezi ban nou posiblite pou nou viv pou toutan ak kè kontan.

Piske se yon moun, Adan ki te pafè, ki te fè vin gen peche ak lanmò akoz dezobeyisans li, li te nesesè pou se yon moun pafè ki obeyisan menm devan lanmò ki vin sove nou anba chay sa a. Men kòman Labib esplike sa: “Menm jan akoz dezobeyisans yon sèl moun anpil moun te vin pechè, se konsa tou grasa obeyisans yon sèl moun anpil moun ap vin jis.” ​(Women 5:19). “Sèl moun” sa a ki obeyisan an se Jezi. Li te kite syèl la, li te vin yon òm pafè *, e li te mouri pou nou. Kòm rezilta, li posib pou Bondye konsidere nou kòm moun ki jis e nou gen posiblite pou n viv pou toutan.

REZON KI FÈ JEZI TE SOUFRI E LI TE MOURI

Men, poukisa l te nesesè pou Jezi mouri pou Bondye te reyalize sa l te vle a? Èske Bondye Toupisan an pa t ka annik bay yon dekrè pou l pèmèt desandan Adan yo viv pou toutan? Se sèten li te gen otorite pou l fè sa. Sepandan, sa t ap montre li pa respekte lwa l te bay ki fè konnen n ap jwenn lanmò pou peche nou fè. Lwa sa a se pa jis yon senp règ li te ka annik anile oubyen li te ka chanje jan l vle. Lwa sa a se baz vrè jistis la. — Sòm 37:28.

Si Bondye te pase sou jistis li nan sitiyasyon sa a, moun te ka ap mande tèt yo si l pap fè sa nan lòt sitiyasyon ankò. Pa egzanp, èske l t ap montre l jis lè l ap deside kiyès nan desandan Adan yo ki kalifye pou gen lavi ki pap janm fini an? Èske yo t ap ka kwè l ap kenbe pwomès li? Lefètke Bondye respekte jistis li nan dispozisyon l pran pou l sove nou, sa ban nou asirans l ap toujou fè sa ki dwat.

Lefètke Bondye te voye Jezi vin bay lavi l kòm sakrifis pou nou, se posiblite Bondye ban nou pou nou jwenn lavi ki pap janm fini nan Paradi sou tè a. Gade sa Jezi te di nan Jan 3:16: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” Donk, lanmò Jezi pa sèlman montre jan jistis Bondye san fay, men sitou, li montre gwo lanmou Bondye gen pou lèzòm.

Sepandan, poukisa Jezi te oblije soufri e li te oblije mouri fason terib sa a, jan Evanjil yo dekri sa? Lefètke Jezi te soumèt li anba pi gwo tès la e li te ret fidèl ak Bondye, li montre byen klè akizasyon Dyab la te fè komkwa lèzòm pa t ap rete fidèl ak Bondye lè yo anba eprèv la se yon manti kri (Jòb 2:4, 5). Akizasyon sa a te ka sanble vrè lè Satan te fè Adan ki te pafè peche. Men, Jezi ki te pafè menm jan ak Adan te kontinye rete obeyisan malgre li te pase anba gwo soufrans (1 Korentyen 15:45). Konsa, li te pwouve Adan te ka obeyi Bondye tou si l te chwazi fè sa. Lefètke Jezi te andire anba eprèv, li kite yon modèl pou nou suiv (1 Pyè 2:21). Bondye te rekonpanse Pitit li a poutèt li te obeyi l yon fason ki pafè, konsa li te bay Jezi lavi imòtèl nan syèl la.

FASON W KA JWENN BYENFÈ

Jezi te mouri vre. Chemen lavi ki pap janm fini an ouvri devan w. Èske w vle viv pou toutan? Jezi te montre sa pou nou fè lè l te di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” — Jan 17:3.

Moun ki pibliye peryodik sa a ankouraje w pou w aprann plis bagay sou Jewova, vrè Dye a, e sou Jezi Kris, Pitit li a. Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou ap kontan ede w. Mete sou sa, ou ka jwenn bonjan enfòmasyon k ap ede w lè w al sou sit Entènèt nou an, www.jw.org/ht.

^ § 8 Gade soutit “Historicité de la Genèse” ki nan liv Étude perspicace des Écritures, volim 1, paj 986. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 13 Jezi, Pitit Bondye a, t ap viv nan syèl la. Lè Bondye te transfere lavi Pitit li a nan vant Mari pou l te devlope, lespri sen Bondye te pwoteje Pitit Bondye a pou l pa t eritye peche nan men Mari. — Lik 1:31, 35.