Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki lè lafen an ap rive? Ki sa Jezi te di?

Ki lè lafen an ap rive? Ki sa Jezi te di?

Jan nou te aprann sa nan atik anvan an, lè Bib la ap pale de lafendimonn, sa pa vle di ni tè a ni lèzòm pral disparèt. Olye de sa, li vle pale de lafen sistèm kòwonpi sa a ak tout moun k ap sipòte l yo. Men, èske Bib la di ki lè lafen sistèm mechan sa a ap rive?

ANN EGZAMINE DE DEKLARASYON JEZI TE FÈ KONSÈNAN LAFEN AN:

“Kidonk, kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.” — MATYE 25:13.

“Kontinye veye, rete je klè, paske nou pa konnen ki lè tan ki fikse a ap rive.” — MAK 13:33.

Donk, pa gen yon moun sou tè a ki konnen egzakteman ki lè sistèm sa a ap rive nan bout li. Sepandan, Bondye fikse yon “moman presi”, sa vle di “jou ak lè”, pou lafen an rive (Matye 24:36). Èske sa vle di pa gen okenn fason pou yon moun konnen lè lafen an toupre? Se pa sa ditou. Jezi te di disip li yo pou yo chèche idantifye yon seri evènman ki t apral montre lafen an nan papòt la.

SIY LAN

Evènman sa yo t apral siy “fen sistèm nan.” Men sa Jezi te di: “nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen rate manje ak tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.” ​(Matye 24:3, 7). Li te di tou t apral gen “epidemi” (Lik 21:11). Èske w wè evènman Jezi te anonse yo?

Jodi a moun ap soufri akoz lagè, grangou ak tranblemanntè ansanm ak maladi k ap vini youn apre lòt. Pa egzanp nan ane 2004, yon gwo tranblemanntè te frape Oseyan Endyen an, sa ki te deklannche yon sounami ki te touye anviwon 225 000 moun. Nan plis pase twazan, epidemi COVID-19 la te lakòz anviwon 6.9 milyon moun mouri toupatou sou tè a. Jezi te di evènman tankou evènman sa yo t apral montre fen sistèm nan toupre rive.

“DÈNYE JOU YO”

Bib la rele ti peryòd anvan lafen an “dènye jou yo”. (2 Pyè 3:3, 4.) 2 Timote 3:1-5 fè konnen nan dènye jou yo moun yo t apral degrengole nan domèn moral (Gade kare “ Yon ti tan anvan lafendimonn”). Jodi a, èske w pa wè jan moun yo egoyis, yo ava, yo vyolan e yo pa renmen lòt moun? Sa a tou se prèv klè nou toupre lafendimonn.

Konbyen tan dènye jou yo ap dire? Dapre Labib, se sèlman “yon tikras tan.” Apre sa, Bondye pral “detwi moun k ap detwi tè a.” — Revelasyon 11:15-18, nòt; 12:12.

PARADI A TOUPRE RIVE!

Bondye deja fikse yon jou ak yon lè kote li pral fini ak vye sistèm mechan sa a (Matye 24:36). Anplis de sa, men yon lòt bon nouvèl: “[Bondye] pa ta renmen pèsonn moun detwi.” (2 Pyè 3:9). Li bay lèzòm opòtinite pou yo konfòme lavi yo ak prensip li yo. Poukisa? Paske li vle nou chape lè lafendimonn nan e pou n viv nan nouvo monn li an, lè tè a pral tounen yon paradi.

Bondye mete sou pye yon pwogram ansèyman sou tout tè a pou ede moun yo aprann konnen ki jan yo ka vin fè pati monn nouvo a anba dominasyon Wayòm li an. Jezi te di yo t apral preche bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a “sou tout tè a.” ​(Matye 24:14). Temwen Jewova toupatou sou tè a te pase plizyè milya èdtan ap preche e anseye moun yo mesaj espwa ki nan Bib la. Jezi te di kanpay predikasyon sa a t apral fèt sou tout tè a anvan lafen an vini.

Dominasyon lèzòm nan prèske rive nan bout li. Men bon nouvèl la, sèke w ka chape lè lafendimonn nan e viv nan paradi Bondye pwomèt ki pral gen sou tè a. Atik ki vin apre a pral pale sou fason w ka viv nan monn nouvo sa a.

Pwofesi Jezi te bay konsènan “dènye jou yo” ban nou rezon pou nou gen espwa