Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8

Èske Bondye koute priyè nou yo?

Èske Bondye koute priyè nou yo?

Èske w konn mande tèt ou si Bondye koute w lè w ap priye? Si wi, se pa ou menm sèl ki konn mande sa. Anpil moun konn priye Bondye pou kèk pwoblèm, men pwoblèm yo toujou la. Èske sa vle di Bondye pa enterese nan priyè nou yo? Non. Labib ban nou asirans Bondye koute nou lè nou priye l fason ki kòrèk la. Ann gade ki sa Bib la di sou sa.

BONDYE KOUTE PRIYÈ.

“O ou menm ki tande lapriyè, tout kalite moun gen pou yo vin devan w.” — Sòm 65:2.

Gen kèk moun ki priye paske yo di sa fè yo santi yo byen, menmsi yo pa kwè gen yon moun ki vrèman ap koute yo. Men, lapriyè se pa jis yon bagay nou fè pou n ka santi nou byen yon fason pou n fè fas ak pwoblèm nou yo. Labib ban nou asirans “Jewova * toupre tout moun ki rele l, li toupre tout moun ki rele l avèk senserite. [...] li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd”. — Sòm 145:18, 19.

Se sa k fè, nou kapab gen asirans, Jewova Dye koute priyè moun k ap adore l yo. Avèk lanmou, men sa li di: “Nou gen pou nou rele m, pou nou vin jwenn mwen e pou nou priye m, e mwen menm m ap koute nou.” — Jeremi 29:12.

BONDYE VLE W PRIYE L.

“Pèsevere nan lapriyè.” — Women 12:12.

Nou jwenn ankourajman nan Bib la pou nou “kontinye priye” e pou nou “kontinye priye nan tout okazyon”. Sa klè, Jewova vle nou priye l. — Matye 26:41; Efezyen 6:18.

Poukisa Bondye vle nou priye l? Ann pran yon egzanp: Ki papa ki pa t ap kontan tande tipitit li di l: “Papa, ede m”? Se vre, yon papa ka deja konnen sa pitit li bezwen e ki sa l santi, men, lè l tande pitit li k ap mande l èd, sa fè l wè pitit la gen konfyans nan li e li pwòch avè l. Menm jan an tou, lè nou priye Jewova, nou montre l nou fè l konfyans e nou vle pwoche bò kote l. — Pwovèb 15:8; Jak 4:8.

BONDYE VRÈMAN GEN SOUSI POU OU.

“Toutpandan n ap lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

Bondye vle nou priye l paske li renmen nou e li gen sousi pou nou. Li byen konnen tout pwoblèm ak enkyetid nou yo e li vle ede nou.

Pandan tout lavi wa David, li te priye Jewova pou l mande l èd e pou l di l sa l panse ak sa l santi (Sòm 23:1-6). Ki jan Bondye te santi l parapò ak David? Bondye te renmen David e li te koute tout priyè David te fè yo (Travay 13:22). Menm jan an tou, Bondye koute priyè nou yo paske l gen sousi pou nou.

“MWEN RENMEN JEWOVA PASKE LI TANDE VWA M”

Sa se pawòl youn nan moun ki te ekri sòm yo te di. Li te gen konviksyon Bondye te koute priyè l, e sa te ede l anpil. Li te santi l pi pwòch ak Bondye e li te jwenn fòs lè l t ap soufri anpil e lè l te nan gwo lapenn. — Sòm 116:1-9.

Lè nou gen asirans Bondye koute priyè nou yo, n ap kontinye priye l. Ann pran egzanp Pedro k ap viv nan nò peyi Espay. Li te pèdi yon pitit gason l ki te gen 19 an nan yon aksidan machin. Pandan Pedro te nan lapenn, li te di Bondye egzakteman sa l te santi e l te kontinye priye pou l jwenn konsolasyon ak sipò. Ki sa k te rive? Men sa Pedro di: “Jewova te reponn priyè m yo pa mwayen èd ak konsolasyon kretyen parèy nou yo te bay madanm mwen avè m.”

Souvan, Bondye konn ban nou repons priyè nou yo pa mwayen sipò ak konsolasyon zanmi nou yo ki renmen nou ban nou.

Byenke lapriyè pa t fè pitit gason l lan vin vivan ankò, men sa te ede Pedro ak fanmi l anpil. Madanm li, María Carmen, di: “Lapriyè te ede m andire lè m t ap soufri anpil. M te konnen Jewova te konprann mwen paske lè m te priye l, m te santi m anpè e m te vin kalm.”

Bib la ak eksperyans lòt moun fè nan lavi yo montre byen klè Bondye konn koute priyè. Men, sa klè tou, Bondye pa koute tout priyè. Poukisa Bondye reponn kèk priyè, tandiske gen lòt li pa reponn?

^ § 5 Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.