Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa linivè aprann nou?

Ki sa linivè aprann nou?

Linivè kontinye etone astwonòm yo. E yo toujou ap devlope pi bon zouti pou yo etidye l. Ki sa yo dekouvri?

Linivè byen òganize. Men sa yon atik nan peryodik ki rele Astronomy an fè konnen: “Galaksi yo pa jis gaye nan syèl la konsa, men yo òganize tankou yon twal ki byen tise”. Ki jan sa fè posib? Syantifik yo kwè sekrè a chita nan yon materyèl envizib yo konnen sou non matyè nwa. Yo konsidere la tankou “yon fòm echafo envizib ki kenbe [...] galaksi yo aliyen ak gwoup galaksi yo e ak pi gwo gwoup galaksi yo”.

Ki jan linivè fè vin byen òganize konsa? Èske kalite lòd sa a rive fèt san yon Kreyatè? Gade ki kòmantè Allan Sandage, yon moun yo byen konnen te fè. Yo konsidere l kòm “youn nan pi gran astwonòm, e ki te gen plis enfliyans pandan ventyèm syèk la,” e li te kwè nan Bondye.

Men sa l te di: “Mwen panse li pa posib pou se yon dezòd total ki bay lòd sa a. Dwe gen yon prensip ki pèmèt bagay yo byen òganize.”

Linivè byen fèt pou l jere lavi. Ann konsidere sa syantifik yo rele fòs ki fèb la. Li pèmèt solèy nou an kontinye boule nan yon vitès ki konstan. Si fòs sa a ta pi fèb, solèy la pa t ap janm fòme. Si l ta pi fò, solèy la t ap disparèt lontan deja.

Fòs fèb sa a se jis youn nan pakèt fòs ki byen regle nou depann de yo. Anil Ananthaswamy, yon ekriven syantifik fè konnen si menm youn nan fòs sa yo ta diferan “zetwal yo, planèt yo ak galaksi yo pa t ap janm fòme. Lavi pa t ap ka egziste”.

Linivè gen yon kote ideyal pou lèzòm viv. Tè a gen egzakteman atmosfè li bezwen an, kantite dlo li bezwen an ak yon lalin ki gen gwosè kòrèk la pou kenbe tè a stab. Men sa National Geographic fè konnen: “Twal nou an ki tise ak jeyoloji, ekoloji ak byoloji fè wòch etranj sa a, anpalan de tè a, se sèl kote lèzòm kapab viv.” *

Dapre sa yon ekriven fè konnen sistèm solè nou an “lwen lòt zetwal yo” nan galaksi nou an. Men se distans sa a menm ki rann lavi posib sou tè a. Si nou te viv pre lòt zetwal yo, oswa nan mitan galaksi a oubyen nan youn nan branch galaksi a, reyon yo t ap detwi lavi nou. Olye de sa, n ap viv kote syantifik yo rele “zòn kote lavi posib nan galaksi a.”

Men sa yon fizisyen ki rele Paul Davies te fè konnen dapre konesans li gen sou linivè ak sa k ladan l: “Mwen pa ka kwè egzistans nou nan linivè se jis konsa konsa l parèt, oswa se akoz yon aksidan ki te fèt nan listwa, oswa se yon eksplozyon bridsoukou ki te fèt nan lespas. [...] Nou te vrèman fèt pou nou la.” Davies pa t anseye se Bondye ki te kreye linivè ak lavi, men ki sa w panse? Linivè ak latè sanble te fèt pou rann lavi posib. Èske ta sanble se kreye yo te kreye yo ki fè yo jan yo ye a?

^ § 8 Atik sa ki soti nan National Geographic pa t ap montre se Bondye ki kreye latè ak lèzòm. Okontrè li t ap montre ki jan latè ideyal pou lèzòm abite.