Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Selil ledven an trè konplike. ADN ki nan nwayo yon selil ledven vrèman byen òganize e l gen yon seri ti “machin” nou pa ka wè ak je nou k ap mete lòd, k ap fè transpò e k ap chanje molekil yo, yon seri etap enpòtan pou pèmèt ti kreyati sa a kontinye viv.

Ki sa lavi aprann nou?

Ki sa lavi aprann nou?

Tout sa ki vivan grandi, yo fè mouvman e yo repwodui toutotou nou. Yo fè planèt nou an ki san parèy vrèman bèl. E jodi a, lèzòm gen plis konesans sou sa ki vivan yo pase sa yo te janm genyen anvan sa. Ki sa sa ki vivan yo aprann nou sou orijin lavi? Ann konsidere pwen ki vin apre yo.

Sa ki vivan yo montre se kreye yo te kreye yo. Yo rele selil yo blòk ki konstwi lavi. Yo tankou yon seri ti faktori k ap fè plizyè milye travay ki difisil anpil pou fè lavi posib e pou repwodui l. Nou ka wè pwosesis konplike sa a prèske toupatou. Ann konsidere pa egzanp, ledven yo fè pen an, ki se yon selil toupiti ki egziste. Lè nou konpare l ak selil ki nan kò lèzòm, selil ledven an ka parèt senp. Men, li trè konplike. ADN ki nan nwayo selil ledven yo vrèman byen òganize. Yo gen yon seri ti “machin” nou pa ka wè ak je nou k ap mete lòd, k ap fè transpò e k ap chanje molekil yo, yon seri etap enpòtan pou pèmèt ti kreyati sa yo kontinye viv. Lè yon selil ledven pa jwenn manje, li deklannche yon pwosesis chimik sofistike ki fè l ralanti sou aktivite l. Sa pèmèt ledven yo fè pen yo, ret vivan nan yon kizin, menmsi yo sanble ap dòmi, jiskaske yo kòmanse fè pen avèk yo.

Sa fè plizyè dizèn ane depi syantifik yo ap etidye selil ledven yo yon fason pou yo ka pi byen konprann selil ki nan kò lèzòm yo. Men yo gen anpil bagay pou yo etidye toujou. Men ki sa Ross King, yon pwofesè k ap travay nan yon inivèsite nan peyi Lasyèd admèt: “Nou jis pa gen ase byolojis pami nou pou fè tout eksperyans nou ta vle fè pou n rive konprann ata fason ledven fonksyone.” ​(Chalmers University of Technology).

Ki sa w panse? Èske jan ti selil ledven an konplike a pa ban nou prèv gen yon moun ki kreye l? Èske pa gen yon moun ki fè l jan l ye a?

Lavi ka soti sèlman nan sa ki vivan. ADN nan fèt ak yon seri molekil yo rele nikleyotid. Chak selil ki nan kò yon moun gen 3.2 milya nikleyotid. Konpozan sa yo ranje yon fason byen presi ki pèmèt selil la fabrike anzim ak pwoteyin.

Dapre kalkil yo fè, posiblite pou menm yon ti gwoup nikleyotid ta fèt e pou yo ta ranje yon fason presi konsa t ap egal a 1 sou 1 ki gen 150 zewo dèyè l. Yon evènman konsa t ap prèske enposib.

An reyalite, pa gen okenn eksperyans syantifik ki te pwouve lavi ka soti bridsoukou nan bagay ki pa vivan.

Lavi lèzòm san parèy. Antanke moun, nou gen yon seri karakteristik ki pèmèt nou pwofite lavi a nèt. E nou fè sa nan yon seri fason okenn lòt espès pa rive fè l. Nou gen yon seri kapasite avanse pou n envante, viv an sosyete ak yon seri santiman lòt espès yo pa genyen. Nou pran anpil plezi nan gou, odè, son, koulè ak sa nou wè. Nou ka planifye avni nou e nou ka chèche sans lavi a.

Ki sa w panse? Èske karakteristik sa yo parèt nan nou paske nou te bezwen yo pou n viv e pou n repwodui? Oswa èske sa montre lavi se kado yon Kreyatè ki gen lanmou?