Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

1 Èske se Bondye ki lakòz soufrans nou yo?

1 Èske se Bondye ki lakòz soufrans nou yo?

Rezon ki fè sa enpòtan

Anpil moun pa vle adore Bondye paske yo di se li ki lakòz soufrans.

Fè yon ti reflechi

Swa dirèkteman, swa endirèkteman, anpil chèf relijye anseye se Bondye ki lakòz soufrans nou yo. Pa egzanp, kèk nan yo fè konnen:

  • Bondye lakòz katastwòf natirèl yo yon fason pou l pini nou.

  • Se paske Bondye bezwen plis zanj nan syèl la ki fè timoun yo mouri.

  • Bondye soutni moun k ap fè lagè, yon bagay ki lakòz yon bann ak yon pakèt soufrans.

Men, èske sa ta posib pou chèf relijye yo bay manti sou Bondye? E si Bondye pa dakò avèk yo?

CHÈCHE KONN PLIS

Gade videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? ki disponib sou jw.org/ht.

Men sa Bib la di

Bondye pa responsab soufrans nou yo.

Si l te responsab soufrans nou yo, sa t ap depaman nèt ak kalite Bondye yo, jan Bib la fè nou konn sa. Pa egzanp:

“Tout chemen [Bondye] yo se jistis. [...] Se yon Bondye ki dwat e ki jis.” — DETEWONÒM 32:4.

“Li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste, pou Toupisan an fè sa ki mal!” — JÒB 34:10.

“Toupisan an pa detounen sa ki jis.” — JÒB 34:12.

Bondye kondane tout relijyon k ap bay manti sou li.

Sa gen ladan l ni relijyon ki fè konnen Bondye responsab soufrans nou yo, ni relijyon ki dakò ak lagè ak vyolans.

“Sa pwofèt yo ap di nan non [Bondye] yo se manti. Mwen pa t voye yo vre, mwen pa t ba yo lòd ni mwen pa t pale avèk yo. [...] Se manti yo wè nan vizyon, se bagay nou pa ka fè konfyans yo jwenn nan fè divinò e se manti ki sot nan kè yo.” — JEREMI 14:14.

Jezi te devwale ipokrizi relijyon yo genyen.

“Se pa tout moun k ap di m: ‘Seyè, Seyè’, k ap antre nan Wayòm syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre ladan l. Jou sa a, anpil moun pral di m: ‘Seyè, Seyè, èske se pa nan non w nou te pwofetize? Èske se pa nan non w nou te chase demon? Èske se pa nan non w nou te fè anpil mirak?’ Men, lè sa a, m ap di yo: ‘Mwen pa t janm konnen nou! Rale kò nou sou mwen, nou menm k ap vyole lalwa.” — MATYE 7:21-23.