Al gade sa k anndan l

ATIK PRENSIPAL

Fason pou w byen sèvi ak tan w

Fason pou w byen sèvi ak tan w

“Si m te gen plis tan!” Petèt ou di sa souvan. Nan yon sans, tan an mete tout moun egal, paske moun ki gen pouvwa ak moun ki rich pa gen plis tan pase moun ki pòv ak moun ki pa gen pouvwa. Epitou, ni moun rich la ni moun pòv la pa ka sere tan. Yonfwa l fin ale, li ale nèt. Se sa k fè, li saj pou n byen sèvi ak tan nou. Ki jan n ka fè sa? Ann egzamine kat bagay anpil moun fè pou yo byen jere tan yo.

Premyèman: Se pou nou byen òganize tan nou

Fikse priyorite. Men ki konsèy Bib la bay: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” (Filipyen 1:10). Fè yon lis tout bagay ou gen pou w fè ki enpòtan oswa ki ijan, oubyen ki enpòtan e ki ijan. Sonje, yon bagay kapab enpòtan men l pa ijan, tankou fè pwovizyon pou w fè manje demen ka pa vrèman ijan. E yon bagay ou ka panse ki ijan kapab pa enpòtan, tankou gade yon match. *

Planifye. Eklezyas 10:10 fè konnen: “Si yon rach pa file e yon moun pa file l, moun k ap sèvi avè l la pral oblije fè yon pakèt efò. Men, sajès fè moun reyisi nan sa y ap fè.” Ki sa sa aprann nou? Nan sans sa a, file rach nou vle di planifye sa n ap fè alavans yon fason pou nou ka byen sèvi ak tan nou. Planifye pou n fè sa ki pa nesesè yo yon lòt lè, oswa pa fè yo ditou, paske bagay sa yo ka fè nou pèdi tan ak enèji. Si w wè w gen tan devan w paske w fini ak travay ou te gen pou w fè, petèt ou ka kòmanse fè yon travay ki te gen pou fèt apre. Lè w planifye, sa pèmèt ou fè plis travay, menm jan ak yon travayè ki gen sajès ki file rach li.

Senplifye lavi w. Si gen bagay ki pa enpòtan oubyen k ap fè w pèdi tan, l ap bon pou w annik pa fè yo. Lè w gen twòp aktivite ak twòp randevou sa ka fè w gen plis strès san nesesite e sa ka fè w pèdi jwa w.

Dezyèmman: Evite bagay k ap fè nou pèdi tan

Lè nou toujou ap di “n a gentan” ak lè nou gen de lide. “Moun ki ret ap gade van pap plante e moun ki ret ap gade nyaj yo pap fè rekòt.” (Eklezyas 11:4). Ki sa sa aprann nou? Si nou toujou ap di “n a gentan” nonsèlman sa ap fè nou pèdi tan, men tou, sa ap anpeche nou fè tout sa nou te ka fè. Yon kiltivatè k ap tann pou tan an ta jan l vle a ka pa janm simen oswa rekòlte. Menm jan an tou, nou ka pa pran yon seri desizyon paske n ap tann pou tout bagay ale jan n ta vle a. Oswa, nou ka santi nou dwe tann pou nou gen tout detay nèt anvan nou pran yon desizyon. Natirèlman, anvan nou pran yon desizyon enpòtan, li nòmal pou n fè rechèch e pou n byen reflechi. Pwovèb 14:15 fè konnen: “Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” Men, an reyalite, anpil fwa lè n ap pran desizyon nou pa ka prevwa tout sa k pral rive. — Eklezyas 11:6.

Lè nou vle pou tout sa nou fè pafè. Jak 3:17 di: “Sajès ki sot anwo a [oswa ki soti nan Bondye a] [...] rezonab.” Natirèlman, li bon pou nou vle byen fè tout sa n ap fè! Men, pafwa, nou ka tèlman egzijan ak tèt nou, sa ka fè n dekouraje e nou ka menm echwe. Pa egzanp, yon moun k ap aprann yon lòt lang dwe konnen l ap fè erè kanmenm e li dwe aprann nan erè sa yo. Men, yon moun ki vle pou tout sa l fè pafè ka pè pou l pa mal di yon bagay, e sa ka anpeche l fè pwogrè nan lang nan. Li bon pou n pa atann twòp bagay de tèt nou! Pwovèb 11:2 di: “Se moun ki konn limit yo ki gen sajès.” Epitou, moun ki konn limit yo e ki gen imilite pa bay tèt yo twòp enpòtans, e yo konn ri tèt yo lè yo fè yon erè.

“An reyalite, sa w peye vre pou yon bagay se pa lajan se tan.” — Sa w dwe fè ant lè w fèt ak lè w mouri (anglè).

Twazyèmman: Se pou nou gen ekilib e se pou nou reyalis

Fè ekilib ant travay ak detant. “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” (Eklezyas 4:6). Byen souvan, moun ki travay san pran souf yo pa pwofite rezilta “travay di” yo fè a. Paske, yo pa rete tan oswa enèji pou sa. Alòske moun ki parese a pito pase tout tan l ap repoze, e konsa, li pèdi yon tan ki gen anpil valè. Bib la ankouraje nou gen ekilib nan fason nou wè bagay yo: nou dwe travay di e nou dwe pran plezi nan fwi travay nou. E sa se “kado Bondye bay”. — Eklezyas 5:19.

Dòmi ase. Gen yon moun ki te patisipe nan ekri Bib la ki di: “M ap kouche e m ap dòmi ak kè poze.” (Sòm 4:8). Pifò moun bezwen pase anviwon uit èdtan ap dòmi pou yo ka an sante, pou yo ka anfòm nan domèn afektif e pou sèvo yo ka byen fonksyone. Vrèmanvre, lè nou dòmi, se yon bon fason nou sèvi ak tan nou. Paske, lè nou dòmi nou plis ka konsantre, nou vin gen yon pi bon memwa, konsa n ap ka aprann pi byen. Alòske, lè nou manke dòmi nou pap aprann byen, sa ka lakòz nou fè aksidan, nou fè erè e sa ka fè nou kontrarye pou ti krik ti krak.

Fikse objektif ou ka reyalize. “Li pi bon pou w pwofite sa w gen devan je w pase pou w anvi sa w pa ka genyen.” (Eklezyas 6:9). Ki sa sa aprann nou? Yon moun ki gen sajès pap kite sa l anvi kontwole l, sitou si sa l anvi yo pa reyalis. Konsa, li pa pran nan pyèj bèl reklam ak kredi yo ofri l. Men, li aprann mete djakout li kote men l ka rive, sa vle di l kontante l ak sa l ka reyalize oswa sa l “gen devan je [l]”.

Katriyèmman: Kite bon prensip dirije nou

Egzamine prensip ou genyen yo. Prensip ou genyen yo ap ede w rekonèt sa ki bon, sa ki enpòtan ak sa ki gen valè. Se prensip ou genyen yo ki bay lavi w direksyon. Kidonk, lè w gen bon prensip, sa ap ede w gen bonjan priyorite nan lavi a, e sa ap ede w byen sèvi ak tan w chak jou. Ki kote w ka jwenn bon prensip sa yo? Anpil moun al chèche nan Bib la, paske yo rekonèt sajès ki ladan l lan siperyè pase tout lòt sajès. — Pwovèb 2:6, 7.

Toujou demontre lanmou. Kolosyen 3:14 fè nou konnen lanmou “se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. Nou pa ka gen kè kontan toutbon ni nou pa ka santi nou byen toutbon si pa gen lanmou sitou nan fanmi nou. Yon moun ki pa rekonèt sa, petèt k ap kouri dèyè richès oswa ki bay karyè l priyorite, pap gen kè kontan. Vrèmanvre, Bib la gen rezon lè l fè konnen se lanmou ki pi enpòtan, li pale de li plizyè santèn fwa. — 1 Korentyen 13:1-3; 1 Jan 4:8.

Rezève tan pou w chèche konn Bondye. Gen yon mesye ki rele Geoffrey ki te gen yon madanm ki renmen l, de timoun ki gen kè kontan, bon zanmi ak yon bon travay antanke sekouris. Akoz travay li, souvan, li te konn wè moun k ap soufri e k ap mouri. Li te mande: “Èske se konsa lavi a dwe ye?” Yon lè, li te li kèk piblikasyon Temwen Jewova yo fè, e li te jwenn bonjan repons pou kesyon li t ap poze yo.

Geoffrey te esplike madanm li ak pitit li yo sa l t ap aprann yo, e yo menm tou yo te vin enterese. Fanmi an te kòmanse etidye Labib, sa te bay lavi yo plis sans e sa te ede yo pi byen sèvi ak tan yo. Mete sou sa, sa yo te aprann nan Bib la te ba yo yon bèl espwa anpalan de lavi ki pap janm fini sou tè a, nan yon monn ki pa gen soufrans e kote lavi a gen sans. — Revelasyon 21:3, 4.

Eksperyans Goeffrey a fè nou sonje pawòl Jezi Kris te di nan Matye 5:3: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” Èske w dispoze rezève yon ti tan pou w chèche konn Bondye? Yon bagay ki sèten, sèke pa gen okenn lòt bagay ou ka fè k ap ba w sajès pou w byen sèvi ak tan w chak jou, e pou tout rès vi w.

^ Gade “20 façons de libérer du temps”, ki nan Reveye n! avril 2010 la (fransè).