Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 24

Vini sou mòn Jewova a

Vini sou mòn Jewova a

(Ezayi 2:2-4)

  1. 1. Leve je nou gade,

    N’a wè mòn ki pi wo a.

    Se mòn Jewova Dye a,

    Ki byen wo jodi a.

    Gen moun ki sot byen lwen,

    Toupatou, sou tout tè a.

    Youn di lòt: ‘Ann ale!

    Ann al sèvi Jewova.’

    Wi, kouny’a, se moman

    Pou nasyon ki piti a vin gwo.

    Akwasman sa’ fè’n wè

    Jewova beni sèvitè’l yo.

    Anpil moun ap vini

    Pou adore Jewova.

    Yo vle rete fidèl,

    Yo vle soutni souvrènte’l.

  2. 2. Men lòd Jezi te bay:

    Ale! Preche Pawòl la.

    Mesaj Wayòm nan gaye

    Toupatou jodi a.

    Kouny’a, Kris nan syèl la,

    L’ap dirije, l’envite

    Tout moun ki tande vwa’l

    Vin suiv Pawòl Bondye a.

    Gad ki jan nou kontan

    Pou’n wè gwo foul la k’ap ogmante!

    E nou tout fè efò

    Pou nou ede lòt moun konn Bondye.

    Annou leve vwa nou,

    N’ap rele tout moun, n’ap di:

    ‘Vini sou mòn Bondye a,

    San nou pa fè reta.’