Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 150

Chèche Bondye pou l ka delivre w

Chèche Bondye pou l ka delivre w

(Sofoni 2:3)

  1. 1. Tout nasyon yo kanpe,

    Yo kont Jezi ak Bondye.

    Lèzòm pap gouvène ankò,

    Se sa Bondye dekrete.

    Wi, tan lèzòm fini.

    Wayòm Bondye a tabli.

    Talè Kris pral kraze ènmi’l yo,

    Yo pa gen okenn avni.

    (REFREN)

    Chèche Bondye, l’ap delivre’n,

    Nou mèt gen konfyans, l’ap sove’n.

    Chèche fè sa’k bon

    Nan tout okazyon.

    Souvrènte li nou dwe soutni.

    Konsa, n’ap wè jan’l pral sove’n

    Grasa pisans li.

  2. 2. Moun yo sou tout tè a

    Rive jwenn bon nouvèl la.

    Yo ka koute’l, yo ka rejte’l,

    Se yo ki pou fè yon chwa.

    Lè gwo eprèv met pye,

    Sa pa dwe fè nou tranble.

    Jewova pran swen fidèl li yo,

    Lè nou rele’l li tande.

    (REFREN)

    Chèche Bondye, l’ap delivre’n,

    Nou mèt gen konfyans, l’ap sove’n.

    Chèche fè sa’k bon

    Nan tout okazyon.

    Souvrènte li nou dwe soutni.

    Konsa, n’ap wè jan’l pral sove’n

    Grasa pisans li.