Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 121

Nou bezwen gen metriz

Nou bezwen gen metriz

(Women 7:14-25)

  1. 1. Bondye konnen byen nou renmen’l anpil.

    Men’n bezwen gen metriz: nou peche fasil.

    Se yon tandans ki ka fè’n peri.

    Si’n suiv lwa Bondye, n’ap jwenn lavi.

  2. 2. Satan eseye tante’n toulejou,

    E peche ki nan nou vle dirije nou.

    Grasa Jewova n’ap ka chape,

    Pawòl li pi fò pase peche.

  3. 3. Aksyon nou poze ka sal non Bondye,

    Se pou’n fè gwo efò pou sa pa rive.

    Chak jou, annou fikse objektif

    Pou’n metrize nou, pou’n veyatif.