Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 3

Ou dwe aprann konnen Bondye

Ou dwe aprann konnen Bondye

Pou w vin zanmi Bondye, ou bezwen aprann konnen kiyès li ye. Èske zanmi w yo konn non w? Èske se nan non w yo rele w? Pa gen dout nan sa! Menm jan an tou, Bondye vle pou w konnen non l e pou w rele l nan non l. Non Bondye se Jewova (Sòm 83:18; Matye 6:9). Epitou, ou dwe konnen sa l renmen ak sa l pa renmen. W ap bezwen konnen kiyès ki zanmi l ak kiyès ki lènmi l. Sa mande tan pou w rive konnen yon moun. Bib la di li saj pou nou pran tan pou nou aprann konnen Jewova. — Efezyen 5:15, 16.

Zanmi Bondye yo chèche fè l plezi. Reflechi sou zanmi w yo. Si w mal aji avèk yo, epi w fè bagay yo pa renmen, èske y ap kontinye rete zanmi w? Non! Menm jan an tou, si w vle zanmi Bondye, ou dwe fè sa k fè l plezi. — Jan 4:24.

Se pa tout relijyon k ap ede nou vin zanmi Bondye. Jezi se pi bon zanmi Bondye genyen. Li te fè konnen gen de wout. Youn ladan yo, se yon wout laj ki foul ak moun. Wout sa a mennen nan destriksyon. Lòt wout la jennen e li pa gen anpil moun ladan l. Wout sa a mennen nan lavi ki pap janm fini an. Sa siyifi si nou vle Bondye kòm zanmi, nou dwe aprann adore l kòrèkteman. — Matye 7:13, 14.