Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w swaf pou w wè pwomès Wayòm nan reyalize?

SEKSYON 7

Pwomès Wayòm nan: Fè tout bagay vin tounèf

Pwomès Wayòm nan: Fè tout bagay vin tounèf

APRE W fin keyi yon bèl pòm, ou pran sant li anvan w mete l nan pànye w. Sa gen plizyè èdtan depi w ap travay, men, ou santi w anfòm e w santi w ka kontinye travay toujou. Ou voye je w, ou wè manman w ki kanpe toupre yon pyebwa, e l ap pale ak fanmi w, ak zanmi w. Yo tout ap travay ansanm. Ou wè manman w parèt jèn menm jan l te ye lè w te timoun, sa gen plizyè ane. Ou pa ka fin kwè w te wè jan manman w te vin yon ti granmoun nan monn ki te disparèt sa gen plizyè ane a. Ou te wè jan maladi te fin ak manman w, ou sonje lè w te kenbe men l lè l t ap rann dènye souf li. Se pa ti kriye w te kriye lè yo t ap antere l. Men kounye a, manman w la avè w, li ansanm ak anpil lòt moun ki vin vivan ankò e yo gen bonjan lasante!

Talè konsa, se nou tout ki pral konnen moman sa yo. Nou konnen sa pral fèt paske pwomès Bondye yo toujou reyalize. Nan seksyon sa a, nou pral egzamine fason Bondye pral reyalize pwomès li yo talè konsa, sa ki pral mennen nan lagè Amagedòn nan. Anplis de sa, nou pral fè yon ti pale sou kèk nan bèl pwomès Bondye fè ki pral reyalize apre gè sa a. Ala bèl sa pral bèl pou n wè moman sa a kote Wayòm Bondye a pral dirije sou tout kò tè a, e li pral fè tout bagay vin tounèf!

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 21

Wayòm Bondye a pral detwi tout ènmi l yo

Ou ka prepare w kounye a pou batay Amagedòn nan.

CHAPIT 22

Wayòm nan fè volonte Bondye fèt sou tè a

Ki jan w ka gen konfyans pwomès Jewova yo ap reyalize?