Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Agoch: Yon sè, ki se yon kòlpòtè, k ap preche nan peyi Kore, nan ane 1931; adwat: Jodi a, y ap preche nan lang siy nan peyi Kore.

SEKSYON 2

Predikasyon Wayòm nan: Bon nouvèl la gaye sou tout kò tè a

Predikasyon Wayòm nan: Bon nouvèl la gaye sou tout kò tè a

W AP prepare w pou w al nan predikasyon byen bonè yon jou ou pa al travay. Pandan yon ti tan ou fè yon ti reflechi paske w santi w yon ti jan fatige. Ou di tèt ou yon ti repo maten an t ap bon anpil! Men, ou priye sou sa e ou deside ale. Ou te preche ak yon sè aje ki fidèl, epi andirans li demontre ak jantiyès li te touche kè w. Toutpandan w ap pataje mesaj verite a kay an kay, ou kòmanse rann ou kont se toupatou sou tè a frè ak sè yo ap pataje menm mesaj sa a, y ap sèvi ak menm piblikasyon yo e yo tout jwenn menm fòmasyon. Lè w tounen lakay ou, ou santi w anfòm. Ou kontan anpil dèske w pa t ret lakay ou.

Jodi a, travay predikasyon an se travay ki pi enpòtan pou Wayòm Bondye a. Jezi te fè konnen travay predikasyon an t apral jwe yon gwo wòl nan dènye jou yo (Mat. 24:14). Ki jan pwofesi Jezi te bay la ap akonpli? Nan seksyon sa a, nou pral wè ki moun k ap patisipe nan travay sa a, ki metòd yo itilize pou yo fè travay la ak ki zouti yo itilize ki enpòtan anpil pou yo fè travay la, yon travay k ap ede plizyè milyon moun toupatou sou tè a rive konnen Wayòm Bondye a egziste toutbonvre.

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 6

Moun k ap preche yo — Sèvitè Bondye yo ofri tèt yo volontèman

Ki sa k fè Jezi te gen konfyans li t ap jwenn yon lame moun ki ofri tèt yo volontèman pou preche nan dènye jou yo? Ki jan w montre w ap chèche Wayòm nan an premye?

CHAPIT 7

Metòd yo itilize pou yo preche: Yo itilize tout mwayen pou yo jwenn moun

Aprann kòman pèp Bondye a te sèvi ak teknoloji ki fèk parèt yo pou yo rive fè plis moun posib tande bon nouvèl la anvan lafen an vini.

CHAPIT 8

Zouti pou yo preche: Yo fè piblikasyon pou nou preche sou tout tè a

Ki jan travay tradiksyon an montre Jezi ap dirije nou? Ki jan fason piblikasyon nou yo touche moun yo fè w kwè wayòm nan egziste toutbon?

CHAPIT 9

Rezilta travay predikasyon an: “Jaden yo [...] blanch pou rekòt la”

Jezi te anseye disip li yo de leson enpòtan konsènan gwo rekòt espirityèl la. Ki efè leson sa yo gen sou nou jodi a?