Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon lèt ki soti nan Kolèj santral la

Yon lèt ki soti nan Kolèj santral la

Frè ak sè nou renmen anpil yo:

Jan nou deja konn sa, Bib la se yon liv ki pale de moun anpil. Anpil nan moun sa yo te yon seri gason ak fi fidèl ki te fè fas ak menm difikilte n ap rankontre yo. Yo te “moun menm jan avèk nou”. (Jak 5:17.) Gen kèk nan yo ki te fè fas ak anpil pwoblèm ak enkyetid. Gen lòt menm fanmi yo oswa kwayan parèy yo te blese santiman yo. E gen lòt ankò ki t ap soufri akoz erè yo te fè.

Èske moun sa yo te vire do bay Jewova nèt? Non. Anpil nan yo te santi yo menm jan ak yon salmis ki te di pawòl sa yo nan yon priyè: “Mwen pèdi wout mwen tankou yon mouton ki pèdi. Vin chèche sèvitè w la, paske, mwen pa bliye kòmandman w yo.” ​(Sòm 119:176). Èske w konn santi w menm jan ak salmis la?

Jewova pa janm bliye adoratè l yo ki kite twoupo a. Okontrè, li lonje men ba yo, e byen souvan, li fè sa pa mwayen frè ak sè yo. Pa egzanp, ann wè ki fason Jewova te ede Jòb, yon sèvitè l, ki t ap fè fas ak yon pakèt pwoblèm tankou: pwoblèm ekonomik, lanmò moun li te renmen anpil ansanm ak gwo pwoblèm sante. Mete sou sa, moun ki te sipoze remonte moral li yo t ap plede di l yon seri pawòl ki te fè l mal anpil. Aktout sa, Jòb pa t janm vire do bay Jewova byenke l pa t ka kontwole panse l pandan yon tan (Jòb 1:22; 2:10). Ki jan Jewova te ede Jòb rejwenn ekilib li?

Youn nan fason Jewova te ede Jòb se pa mwayen yon kwayan parèy Jòb ki rele Eliyou. Lè Jòb t ap rakonte l pwoblèm li, Eliyou te koute l e apre sa l te pale. Ki sa Eliyou t apral di? Èske l t apral kritike Jòb oswa èske l t apral eseye pale yon fason pou fè Jòb santi l koupab oubyen wont? Èske Eliyou te panse l pi enpòtan pase Jòb? Okontrè! Lespri Bondye te pouse Eliyou di pawòl sa yo: “Mwen menm jan avè w devan vrè Dye a, se ak tè mwen fèt tou.” Apre sa li te bay Jòb asirans lè l te di l: “Ou pa gen okenn rezon pou w pè m, mwen pap di okenn pawòl pou m kraze w.” ​(Jòb 33:6, 7). Eliyou pa t fè Jòb santi l pi mal pase jan l te santi l la, olye de sa, avèk lanmou, li te bay Jòb konsèy ak ankourajman l te bezwen.

Tanpri, nou vle n konnen se ak menm etadespri sa a nou prepare bwochi a. Toudabò nou te koute yon bon valè moun ki kite twoupo a, nou te byen reflechi sou sitiyasyon yo epi n te pran santiman yo an konsiderasyon (Pwovèb 18:13). Apre sa, nou te priye Jewova toutpandan n ap egzamine istwa ki nan Ekriti yo ki montre fason Jewova te ede sèvitè l yo nan tan lontan lè yo t ap fè fas ak menm sitiyasyon sa yo. Pou fini, pou n te fè bwochi sa a, nou te met istwa sa yo nou jwenn nan Ekriti yo ansanm ak kèk eksperyans lòt moun fè jodi a. Se ak tout kè n nou ankouraje w egzamine bwochi a. Ou mèt gen asirans nou renmen w toutbon.

Kolèj santral Temwen Jewova yo