Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

PATI 2

Enkyetid — “Nou nan eto tout jan”

Enkyetid — “Nou nan eto tout jan”

“Mwen menm ak mari m te divòse apre 25 an maryaj. Timoun mwen yo te kite laverite. Mwen te vin gen plizyè pwoblèm sante grav epi m te fè depresyon. Mwen te santi lavi m tèt anba e m pa t ka sipòte anyen ankò. Mwen te sispann asiste reyinyon e m te vin inaktif.” — June.

SE TOUT moun k ap fè fas ak enkyetid, menm moun ki fè pati pèp Bondye a. Gen yon salmis ki te di: “Enkyetid te anvayi m.” ​(Sòm 94:19). Epi, Jezi te fè konnen nan tan lafen an “tètchaje ki gen nan lavi a” te ka fè l difisil pou yon moun sèvi Jewova (Lik 21:34). E ou menm? Èske w santi w dekouraje akoz pwoblèm ekonomik, pwoblèm fanmi ak pwoblèm sante? Ki jan Jewova ka ede w?

“Pisans ki depase yon pisans nòmal”

Nou pa ka fè fas ak enkyetid yo poukont nou. Apot Pòl te fè konnen: “Nou nan eto tout jan. [...] Nou pa konn sa pou n fè. [...] Yo lage nou atè.” Sepandan, li te di tou, “nou pa kwense nan pwen pou nou pa ka bouje”, “nou pa fin sanzespwa nèt” epi “nou pa detwi”. Ki sa k ede n andire? Se “pisans ki depase yon pisans nòmal” Jewova, Bondye Toupisan an, ban nou an. — 2 Korentyen 4:7-9.

Fè yon ti reflechi ak fason w te resevwa “pisans ki depase yon pisans nòmal” la. Èske w sonje jan yon diskou ankourajan te fè w gen plis apresyasyon pou lanmou fidèl Jewova gen lakay li? Èske w te vin gen plis lafwa nan pwomès Jewova yo lè w te konn fè lòt moun konnen esperans pou yo viv nan Paradi a? Lè n asiste reyinyon yo e n pataje lafwa nou ak lòt moun n ap jwenn fòs pou n fè fas ak tètchaje ki gen nan lavi a e n ap santi n anpè yon fason pou n ka sèvi Jewova ak kè kontan.

“Goute e n a wè jan Jewova bon”

Nòmalman, ou ka santi y ap rale w nan plizyè direksyon alafwa. Pa egzanp, Jewova mande pou n chèche Wayòm nan an premye epi pou n kenbe yon bon abitid nan domèn espirityèl (Matye 6:33; Lik 13:24). Sepandan, e si opozisyon, pwoblèm sante oswa pwoblèm fanmi ta limite w nan sa w ka fè? E si travay ou mande pou w envesti tan ak enèji ou ta ka bay kongregasyon an? Fas ak tout bagay sa yo, vin jwenn ou pa gen ase tan ak enèji, ou ka santi w pa kapab ankò. Petèt ou te menm mande tèt ou si Jewova pa mande w fè twòp.

Jewova gen bon konprann. Li pa janm mande n fè plis pase sa n ka fè. E l konnen sa mande tan pou yon moun reprann li apre l fin fè fas ak sitiyasyon ki te afekte l nan domèn fizik ak nan domèn afektif. — Sòm 103:13, 14.

Ann fè yon ti pale sou fason Jewova te montre l gen sousi pou pwofèt Eli. Lè Eli te kouri al nan dezè a paske l te dekouraje e l te pè anpil, èske Jewova te reprimande l epi l te ba l lòd retounen nan asiyasyon l? Non. Pandan de fwa, Jewova te voye yon zanj al reveye Eli tou dousman pou ba l manje. Aktout sa, apre 40 jou Eli te toujou dekouraje e l te toujou pè. Ki sa Jewova te fè ankò pou ede l? Premyèman, Jewova te montre li ka pwoteje l. Dezyèmman, Jewova te rekonfòte l ak “yon vwa kalm ki te byen ba”. Finalman, Jewova te fè l konnen gen plizyè milye lòt moun k ap adore l fidèlman. San pèdi tan, Eli te retounen vin zele nan travay li antanke pwofèt (1 Wa 19:1-19). Ki leson n aprann? Lè enkyetid te anvayi Eli, Jewova te demontre pasyans ak konpasyon anvè l. Jewova pa chanje. Li sousye l menm jan an pou nou tou.

Lè w ap reflechi sou sa w ka bay Jewova, ou dwe montre w reyalis. Pa konpare sa w ka fè kounye a ak sa w te konn fè lontan. Ann pran yon egzanp: Yon atlèt ki pa antrene pandan plizyè mwa oswa plizyè ane pa ka atann pou l annik rejwenn abitid li te genyen yo. Olye de sa, l ap kòmanse fikse ti objektif k ap pèmèt li rejwenn fòs ak andirans. Kretyen yo menm jan ak yon atlèt. Yo antrene ak yon objektif klè nan lespri yo (1 Korentyen 9:24-27). Poukisa w pa fikse yon objektif espirityèl ou kapab atenn kounye a? Pa egzanp, ou ka fikse objektif pou w asiste yon reyinyon epi mande Jewova ede w atenn li. Toutpandan w ap rejwenn fòs nan domèn espirityèl, w ap ‘goute e w ap wè jan Jewova bon’. (Sòm 34:8.) Pa bliye kèlkeswa sa w fè pou w demontre lanmou w anvè Jewova gen anpil valè pou li, menmsi sa w fè a ka parèt piti. — Lik 21:1-4.

Jewova pa janm mande n fè plis pase sa n ka fè.

“Boustè m t ap tann nan”

Ki jan Jewova te bay June fòs pou l retounen? Men sa June di: “M te kontinye priye Jewova pou m mande l èd. Apre sa, bèlfi m nan te fè m konnen gen yon asanble ki t ap fèt nan vil kote m te rete a. M te deside asiste yon jou asanble. Se pa ti byen m te santi m byen pami pèp Jewova a! Asanble sa a te ban m boustè m t ap tann nan. Kounye a, m ap sèvi Jewova ak kè kontan ankò. Lavi a vin gen plis sans pou mwen. Plis pase nenpòt lòt lè, m konnen m pa ka izole tèt mwen e m pa ka ret poukont mwen. M kontan dèske m te toujou gen tan pou m retounen.”