Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 20

Fè yon bon konklizyon

Fè yon bon konklizyon

Eklezyas 12:13, 14.

SA POU W FÈ: Nan dènye pawòl w ap di yo, chofe moun k ap koute w yo pou yo aksepte sa yo aprann yo e pou yo aplike yo.

FASON POU W FÈ SA:

  • Konekte konklizyon w lan ak sijè w sot prezante a. Repete pwen prensipal yo ak tèm nan ankò oswa di yo yon lòt fason.

  • Ankouraje moun k ap koute w yo. Montre moun k ap koute w yo sa pou yo fè ak rezon ki fè yo dwe fè sa. Pale ak tout kè w e avèk konviksyon.

  • Fè yon konklizyon ki senp e ki kout. Pa ajoute lòt pwen prensipal. Pa sèvi ak anpil mo, e lè w ap fini, ankouraje moun yo pou yo aji.