Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 15

Pale ak konviksyon

Pale ak konviksyon

1 Tesalonisyen 1:5.

SA POU W FÈ: Montre w kwè toutbon sa w ap di a se laverite e w kwè sa w ap di a enpòtan.

FASON POU W FÈ SA:

  • Byen prepare. Etidye sijè a jiskaske w konprann ki jan ide ki nan Ekriti yo ka mennen nan yon sèl konklizyon ki lojik. Eseye sèvi ak kèk mo senp pou w prezante pwen prensipal ki nan sijè a. Konsantre w sou fason y ap ede moun k ap koute w yo. Priye pou w jwenn lespri sen.

  • Sèvi ak mo ki montre w gen konviksyon. Olye w repete mo yo egzakteman jan yo ye nan rechèch ou te fè nan piblikasyon yo, sèvi ak pwòp mo pa w. Chwazi mo ki montre w gen asirans nan sa w ap di a.

  • Pale ak tout kè w e avèk senserite. Pale ak yon volim vwa ki apwopriye. Kote sa pa yon pwoblèm, gade moun k ap koute w yo nan je pou w kenbe kontak ak yo.