Al gade sa k anndan l

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

KI SA K te ede yon moun ki te konn jwe mizik wòk e ki te rebèl pou l aprann renmen lòt moun e pou l chèche ede yo? Ki sa k te pouse yon mesye nan peyi Meksik chanje vi imoral li t ap mennen? Poukisa yon japonè ki te konn fè kous bisiklèt te kite afè kous la pou l vin sèvi Bondye? Ann gade sa moun sa yo gen pou yo di nou.

“Mwen te brital, mwen te awogan e m te agresif.” — DENNIS O’BEIRNE

ANE LI FÈT: 1958

PEYI KOTE L SOTI: ANGLETÈ

ANVAN: LI TE RENMEN MIZIK WÒK E LI TE REBÈL

VI MWEN T AP MENNEN: Sou bò papa m, fanmi m se moun Ilann, e m te grandi nan relijyon katolik peyi Ilann nan. An jeneral, m te oblije al legliz poukont mwen. M pa t renmen al legliz. Malgre sa, m te anvi konnen bagay ki gen rapò ak Bondye. M te konn resite priyè Nòtrepè a toutan, e m sonje m konn kouche sou kabann mwen leswa pandan m ap reflechi sou siyifikasyon priyè sa a. M te konn separe l an plizyè pati, epi m te konn chèche konprann ki sa chak pati vle di.

Lè m te adolesan, m te antre nan mouvman Rasta a. Epitou, m te enterese nan yon seri revandikasyon politik, tankou revandikasyon Lig anti-nazi a. Men, m te antre fon nan mouvman rebèl wòk la. M te konn pran dwòg, sitou mariwana. M te konn fimen l prèske chak jou. M pa t konn bay anyen enpòtans, se sa k fè m te konn bwè, m te konn met lavi m an danje e m pa t twò gen sousi pou lòt moun. M te rebèl, e m pa t konn gen konvèsasyon ak moun, sof si sa y ap di a te enpòtan pou mwen. Menm foto m mwen pa t dakò moun fè. Lè m gad dèyè, m ka wè mwen te brital, mwen te awogan e m te agresif. Se sèl ak moun ki pwòch mwen m te montre m janti e se avèk yo sèlman m te konn pataje sa m genyen.

Lè m te nan ventèn mwen, m te vin enterese nan Bib la. Gen yon zanmi m ki te dilè dwòg ki te kòmanse etidye Bib la detan l nan prizon. M te pase yon bon tan ap pale avè l sou relijyon, sou legliz ak wòl Satan jwe nan monn nan. M te achte yon Bib e m te kòmanse etidye l poukont mwen. Zanmi m nan avè m te konn li kèk pati nan Bib la e nou te konn rankontre pou n pale sou sa n te aprann yo e sou sa nou te konprann yo vle di. Nou te fè plizyè mwa ap fè sa.

Men kèk bagay nou te konprann: N ap viv nan dènye jou yo, kretyen yo dwe preche bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a, yo pa dwe fè pati monn nan ni mele nan zafè politik, e Bib la se yon gid moral nou ka fè konfyans. Nou te vin konprann pawòl ki nan Bib la se laverite e dwe gen yon vrè relijyon. Men, ki relijyon sa a? Toudabò, nou te panse ak gwo relijyon pifò moun konnen yo. Nou te reflechi sou gwo seremoni yo konn òganize yo ak jan yo mele nan politik, e sa te fè n konprann yo pa t ap mache sou tras Jezi. Piske n te sèten yo pa anba direksyon Bondye, nou te deside konsantre n pito sou relijyon moun pa twò konnen yo pou n te wè sa yo anseye.

Nou te konn reyini ak moun ki fè pati relijyon sa yo e nou te konn poze yo yon seri kesyon. Etandone nou te konn repons Bib la bay sou kesyon sa yo, li te fasil pou n konnen si repons yo baze sou Bib la. Apre chak reyinyon sa yo, m te konn priye Bondye, m te konn di l: “Si moun sa yo fè pati vrè relijyon an, tanpri, fè m anvi rewè yo ankò.” Men, apre plizyè mwa, m pa t jwenn youn nan gwoup moun sa yo ki te sèvi ak Bib la pou reponn kesyon nou yo e m pa t anvi rewè youn ladan yo ankò.

Finalman, zanmi m nan avè m te pran kontak ak Temwen Jewova yo. Nou te poze yo menm kesyon nou te abitye poze lòt moun yo, men yo menm yo te sèvi ak Bib la pou yo reponn nou. Repons yo te bay yo te menm ak sa nou te aprann yo. Nou te pwofite poze kesyon nou potko jwenn repons yo nan Bib la, pa egzanp, kesyon konsènan sa Bondye panse sou sigarèt ak dwòg. Yo te kontinye sèvi ak Bib la pou yo reponn nou. Nou te dakò pou n al asiste yon reyinyon nan Sal Wayòm nan.

Li pa t fasil pou m te asiste yon reyinyon. M te tèlman pa sosyab, m pa t apresye lefètke tout moun sa yo ki te byen abiye te amikal avè m. M te di tèt mwen kèk nan yo gen move entansyon oswa move mobil, e poutèt sa m pa t vle asiste lòt reyinyon. Men, jan m te abitye fè sa, m te priye Bondye pou m te mande l pou l fè m anvi rewè moun sa yo ankò, si yo fè pati vrè relijyon an. Apre sa, m te vin gen gwo anvi pou m etidye Labib ak Temwen yo.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: M konnen m te dwe sispann pran dwòg, e li pa t difisil pou m te fè sa. Sa k te pi difisil pou mwen, se te kite fimen sigarèt. M te eseye plizyè fwa, men sa pa t mache. Lè m te aprann gen moun ki te kite fimen byen rapid, m te pale sou sa ak Jewova pou l ede m. Pi devan, grasa èd li, m te kite fimen. Sa te aprann mwen li enpòtan pou n ouvri kè n bay Jewova e pou n priye l avèk senserite.

M te fè gwo chanjman tou nan fason m te konn abiye ak fason m te konn fè cheve m. Premye fwa m t al nan reyinyon nan Sal Wayòm nan, m te gen yon koup wòk ak yon koulè ble nan cheve m. Annapre, m te met yon koulè flamenngo nan cheve m. M te mete yon djin ak yon djakèt an kui ki gen slogan sou li. M pa t wè nesesite pou m chanje aparans mwen, menmsi Temwen yo te konn rezone sou sa avè m avèk jantiyès. Finalman, m te reflechi sou 1 Jan 2:15-17, kote Bib la di: “Pa renmen monn nan, ni bagay ki nan monn nan. Si yon moun renmen monn nan, lanmou pou Papa a pa nan li.” M te rann mwen kont aparans mwen te montre m renmen monn nan. M te dwe chanje si m te vle demontre lanmou pou Bondye, e se sa m te fè.

Annapre, m te vin konprann se pa Temwen yo sèlman ki te vle m asiste reyinyon yo. Pawòl ki nan Ebre 10:24, 25 yo montre m Bondye vle m fè sa. M te kòmanse asiste reyinyon yo regilyèman epi m te aprann konnen frè ak sè yo. Apre sa, m te deside vwe lavi m bay Jewova e m te batize.

BYENFÈ MWEN JWENN: Sa te gen gwo efè sou mwen lè m te wè jan Jewova pèmèt nou gen yon relasyon sere avè l. Lè m te wè jan l gen konpasyon ak sousi pou nou, sa te pouse m imite l epi suiv tras Jezi Kris, Pitit li a (1 Pyè 2:21). M te aprann, toutpandan m ap fè efò pou m gen pèsonalite kretyen an, m ka toujou gen stil pa m. M te fè efò pou m vin gen lanmou ak afeksyon pou lòt moun. M chèche imite Kris nan fason m trete madanm mwen ak pitit gason m nan. M gen bonjan sousi pou frè m ak sè m yo nan kongregasyon an. Lefètke m ap suiv tras Kris, m vin santi m gen valè, m vin gen respè pou tèt mwen, epitou sa fè m kapab demontre lanmou pou lòt moun.

“Yo te trete m avèk respè.” — GUADALUPE VILLARREAL

ANE LI FÈT: 1964

PEYI KOTE L SOTI: MEKSIK

ANVAN: YON VI IMORAL

VI MWEN T AP MENNEN: M fèt Èmosiyo, yon zòn ki pòv anpil nan Sonora nan peyi Meksik. M grandi nan yon fanmi ki gen sèt pitit. Papa m te mouri pandan m te timoun toujou. Manman m te oblije travay di pou pran swen nou. Anpil fwa m te konn mache pye atè paske n pa t gen lajan pou n achte soulye. M te kòmanse travay byen bonè pou m te ka patisipe nan depans k ap fèt nan kay la. Menm jan ak anpil fanmi, nou t ap viv pil sou pil nan yon ti espas.

Pifò pati nan jounen an, manman m pa t la pou veye sou nou. Lè m te gen 6 an, gen yon jèn gason 15 an ki te kòmanse fè abi seksyèl sou mwen. E sitiyasyon sa a te dire pandan anpil tan. Youn nan konsekans sa te genyen sèke m te vin gen gwo konfizyon nan domèn seksyèl. M te twouve l nòmal pou gason atire m. M te chèche èd nan men kèk doktè ak kèk responsab legliz, men yo te di m santiman m yo te nòmal, m pa t gen okenn pwoblèm.

Lè m te gen 14 an, m te pran desizyon afiche m antanke omoseksyèl. M te fè sa pandan 11 an, e m te menm viv pandan tan sa yo ak plizyè gason. M te aprann pran swen cheve e m te ouvri yon stidyo bote. Men, m pa t gen kè kontan. M te fè fas ak anpil soufrans ak trayizon. M te santi vi m t ap mennen an pa t bon. M te kòmanse ap mande tèt mwen si gen bon moun ki egziste, moun ki merite pou moun konnen yo.

Mwen te vin kòmanse ap panse ak sè m nan. Li te etidye Labib ak Temwen Jewova yo e li te batize. Li te konn pataje sa l aprann yo avè m men m pa t konn prete atansyon ak sa l t ap di yo. Sepandan, m te renmen lavi l t ap mennen an ak lavi fanmi li te genyen an. M te wè jan li menm ak mari l te renmen youn lòt ak jan yo te gen respè youn pou lòt. Yo te trete youn lòt avèk jantiyès. Rive yon lè, m te aksepte etidye Bib la ak Temwen Jewova yo. Okòmansman, sa pa t twò enterese m, men sa te vin chanje.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Temwen yo te envite m nan youn nan reyinyon yo konn fè yo e m te ale. Se te yon nouvo eksperyans pou mwen. Temwen yo pa t pase m nan rizib jan lòt moun te konn fè sa. Yo te salye m avèk jantiyès e yo te trete m avèk respè. Sa te touche m.

M te vin plis apresye Temwen yo lè m te asiste youn nan asanble yo. M te remake, menm nan okazyon kote yo te reyini an foul, yo se moun ki sensè menm jan ak sè m nan. M te mande tèt mwen si m pa t jwenn gwoup bon moun sa yo, moun ki merite pou moun konnen yo m t ap chèche depi lontan an. M te enpresyone devan lanmou ak inite yo gen antre yo, ak fason yo te toujou itilize Bib la pou reponn chak kesyon. M te vin konprann Bib la jwe yon gwo wòl nan lavi yo. E m te reyalize tou, m t ap bezwen fè anpil chanjman pou m vin menm jan avèk yo.

Anfèt, m te dwe fè yon chanjman total paske m t ap viv tankou fi. M te dwe chanje tout bagay: fason m te konn pale, stil mwen, zanmi m yo, abiman m, fason m te konn penyen. Zanmi m yo te fawouche m, yo te konn di m: “Poukisa w ap fè sa? Ou pa t gen anyen jan w te ye a. Pa etidye Bib la, ou gen tout sa w bezwen.” Men, sa ki te pi difisil pou mwen se te pou m sispann pratike imoralite seksyèl.

Toutfwa, m te konnen chanjman sa yo posib, paske pawòl nou jwenn nan 1 Korentyen 6:9-11 yo te touche kè m: “Èske se konnen nou pa konnen moun ki enjis yo pap benefisye Wayòm Bondye a? Pa twonpe tèt nou. Moun k ap fè imoralite seksyèl, moun k ap adore zidòl, moun k ap fè adiltè, gason ki dakò lòt gason kouche yo, gason k ap kouche ak gason [...] pap benefisye Wayòm Bondye a. Epoutan, se sa kèk nan nou te ye. Men, yo lave nou.” Jewova te ede moun nan tan lontan yo pou yo fè yon seri chanjman e li te ede m tou. M te pase plizyè ane ap lite pou m fè chanjman sa yo, men, konsèy Temwen yo ak lanmou yo te demontre anvè m te ede m anpil.

BYENFÈ MWEN JWENN: Jodi a, m ap mennen yon vi ki nòmal. M marye, e madanm mwen avè m aprann pitit gason nou an pou l suiv prensip biblik yo. Lavi m t ap mennen anvan an lwen m kounye a. M ap sèvi kòm ansyen nan kongregasyon m, e m ede plizyè moun aprann verite ki nan pawòl Bondye a. Manman m te tèlman kontan chanjman m te fè yo, li te aksepte etidye Bib la e li te vin batize. Gen yon lòt sè m ki t ap mennen yon vi imoral ki te chanje e ki te vin Temwen Jewova tou.

Kèk nan moun ki te konnen m anvan yo admèt mwen vrèman chanje, m vin yon bon moun. E m konnen kiyès ki ede m fè chanjman sa yo. Anvan sa, m te chèche èd nan men yon seri pwofesyonèl ki te ban m vye konsèy. Men, Jewova li menm te ede m toutbon. Menmsi m te santi m pa gen okenn valè, Jewova te wè m e li te trete m avèk lanmou e avèk pasyans. Sa te vle di anpil bagay pou mwen lefètke Bondye nou an ki gen anpil lanmou ak sajès te gen sousi pou mwen e li te vle m gen yon pi bon vi.

“Mwen pa t gen kè kontan, m te santi m poukont mwen e lavi m pa t gen sans.” — KAZUHIRO KUNIMOCHI

ANE LI FÈT: 1951

PEYI KOTE L SOTI: JAPON

ANVAN: LI TE KONN PATISIPE NAN KOUS BISIKLÈT

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen fèt nan vil Chizwoka nan peyi Japon, yon vil byen kalm ki gen yon pò ladan l. Fanmi m te gen uit moun, e nou t ap viv nan yon ti kay. Papa m te gen yon magazen bisiklèt. Depi m te toupiti, li te konn mennen m al gade kous bisiklèt, e se konsa spò sa a te kòmanse atire m. Papa m te kòmanse ap planifye pou m vin yon pwofesyonèl nan domèn nan. Pandan m te nan lekòl primè, li te kòmanse fè m fè antrènman. Lè m vin nan klas segondè, m te genyen nan konkou nasyonal kous bisiklèt pandan twa ane youn apre lòt. M te jwenn òf pou m al etidye nan yon inivèsite, men m te chwazi al nan yon lekòl ki t ap pèmèt mwen vin pi fò nan kous bisiklèt. M te vin yon pwofesyonèl nan kous bisiklèt lè m te gen 19 an.

M te vin gen objektif pou se mwen ki pi fò nan kous bisiklèt nan peyi Japon. M te vle gen anpil lajan pou m ka pèmèt fanmi m viv yon vi ki stab e pou yo byen viv. M te bay tout mwen menm nan antrènman yo pou m atenn objektif mwen. Chak fwa m te vle dekouraje akoz jan antrènman yo te di oswa pandan yon pati difisil nan kous la, m te toujou konn ap di tèt mwen se pou m te ka patisipe nan kous bisiklèt ki fè m te fèt, donk, m dwe kontinye kèlkeswa jan sa ye. E sa te konn ankouraje m pou m kontinye. M te kòmanse jwi rezilta travay mwen. M te ranpòte premye pri nan konkou pou nouvo patisipan nan kous bisiklèt. Ane ki vin apre a, m te kalifye pou m patisipe nan konkou k ap nome moun ki pi gwo pwofesyonèl nan kous bisiklèt nan peyi Japon. Pandan sis fwa, mwen te ranpòte dezyèm pri nan kous sa a.

Etandone m te rete nan tèt klasman pami tout lòt moun ki te kalifye yo, yo te vin rele m “janm ki pi solid nan Tokay”, ki se yon zòn nan peyi Japon. M te gen yon gwo espri konpetisyon lakay mwen. Rive yon lè, yo te pè m paske m te san pitye nan kous la. M te vin gen plis kòb e m te ka ofri tèt mwen tout sa m te vle. M te achte yon kay ki gen yon sal spò ak tout aparèy m t ap gen bezwen pou m antrene. M te achte yon machin ki sot nan yon lòt peyi ki koute m prèske menm kantite kòb ak yon kay. Pou m asire avni m, m te envesti lajan nan byen imobilye e m te envesti nan lòt bagay ki te ka pèmèt mwen gen plis lajan.

Epoutan, mwen pa t gen kè kontan, m te santi m poukont mwen e lavi m pa t gen sans. M te marye e m te gen twa pitit gason, men m pa t konn pran pasyans avèk fanmi m. M te konn fache sou madanm mwen ak pitit mwen yo pou ti krik ti krak. Se pou rezon sa a, yo te konn gade vizaj mwen pou yo wè lè m pa sou san m.

Anpil bagay te vin chanje lè madanm mwen te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Li te vle asiste reyinyon yo, e m te deside nou prale an fanmi. Jis kounye a, m sonje yon jou swa, gen yon ansyen te vin lakay nou e li te kòmanse etidye Labib avè m. Sa m te aprann yo te gen gwo efè sou mwen.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: M pap janm bliye jan m te santi m lè m te li Efezyen 5:5. Li di: “Ni moun k ap fè imoralite seksyèl, ni moun ki nan salte, ni moun ki ava, sa vle di yon moun ki nan idolatri, pap gen eritaj nan Wayòm ki pou Kris ak Bondye a.” M te vin konprann kous bisiklèt makònen ak jwèt aza e li fè moun vin ava. Konsyans mwen te twouble. M te santi si m te vle fè Jewova plezi, m te dwe abandone kous bisiklèt. Men, se pa t yon desizyon ki te fasil pou m pran.

M te apèn fini yon ane konpetisyon ki te vrèman ban m satisfaksyon e m pa t vle kanpe la. Etid m t ap fè nan Bib la te fè m gen yon espri ki kalm e ki pezib, alòske se pa konsa m te dwe ye si m te vle genyen kous yo. M te patisipe nan kous bisiklèt twa fwa sèlman nan peryòd m te kòmanse etidye Bib la, men spò sa a te toujou ret nan kè m. Yon lòt kote, m pa t konn ki jan m t apral pran swen fanmi m. Se tankou de pye m te mare, m pa t ka ni avanse, ni fè bak. Anplis, fanmi m yo t ap pèsekite m akoz lafwa m te vin genyen an. Papa m te fache anpil. M te santi m kraze, m te strese anpil e m te vin soufri ilsè lestomak.

Sa k te ede m nan moman difisil sa yo se te etid m te kontinye fè nan Bib la ak reyinyon yo m te kontinye asiste. Tikras pa tikras, lafwa m te vin pi solid. M te mande Jewova pou l tande priyè m yo e pou l ede m wè li tande m. M te vin gen mwens strès toujou lè madanm mwen te ban m asirans li pa bezwen viv nan yon gwo kay pou l gen kè kontan. M te pwogrese tikras pa tikras.

BYENFÈ MWEN JWENN: M te viv verite ki gen nan pawòl nou jwenn nan Matye 6:33 a. Li di: “Kidonk, kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” Vrèmanvre, nou te toujou jwenn “tout lòt bagay” Jezi ap pale yo, anpalan de tout sa n bezwen pou n viv. Menmsi kounye a, kantite kòb mwen fè anviwon 30 fwa mwens pase sa m te konn fè lè m te konn patisipe nan kous bisiklèt yo, fanmi m avè m pa janm manke anyen pandan 20 dènye ane ki pase yo.

Lè m ap patisipe nan aktivite nou fè antanke kretyen yo avèk kwayan parèy mwen yo, m santi m gen yon jwa ak yon satisfaksyon m pa t janm santi anvan sa. Jounen yo pase byen rapid. Fanmi m gen kè plis kontan kounye a. Twa pitit gason m yo ak madanm yo ap sèvi Jewova fidèlman.