Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa pou m fè lè yo kritike m?

Ki sa pou m fè lè yo kritike m?

CHAPIT 21

Ki sa pou m fè lè yo kritike m?

“Manman m tankou yon polis, li toujou ap chèche erè m fè. Mwen poko menm fin fè travay nan kay la, li gentan ap enspekte, l ap chèche sa m pa fè byen.” — Craig.

“Paran m toujou ap pale nan tèt mwen pou yon bagay. Yo di sanble mwen pa ka òganize lavi m. Yo pale pou tout sa m fè nan lekòl, lakay, nan kongregasyon an. Yo pa janm lage m yon may.” — James.

ÈSKE W gen enpresyon sa w fè pa janm bon ase pou paran w? Èske w gen enpresyon y ap veye tout sa w fè kòmsi yo gen yon loup epi y ap gade w, y ap kritike w, nan je yo anyen w fè pa janm bon?

Nan fraz ki vin apre yo, kiyès ladan yo ou tande plis?

□ Chanm ou toujou gaye.

□ Ou gade televizyon twòp.

□ Ou dòmi twò ta.

□ Ou pa janm leve nan kabann ou alè.

Nan liy ki apre a, ekri pawòl oswa kritik paran w di w ki plis deranje w.

․․․․․

Se vre, lè yo toujou ap pase w lòd oswa yo toujou ap kritike w, sa ka enève w. Men, imajine si paran w pa t janm ba w okenn konsèy, okenn koreksyon, èske w t ap panse yo renmen w (Ebre 12:8)? An reyalite, lè paran w ba w disiplin sa montre yo renmen w. Labib di yon papa ap korije “yon pitit li renmen”. — Pwovèb 3:12.

Donk, ou ka gen rekonesans lefètke paran w renmen w ase pou yo korije w. Dayè, kòm ou jèn e w pa gen twòp eksperyans, yon lè kanmenm w ap bezwen yo korije w. Si yo pa ede w, li ka fasil pou “dezi ki natirèl lakay jèn yo” pran pye sou ou. — 2 Timote 2:22.

Men, sa fè mal!

Natirèlman, “pa gen okenn disiplin ki sanble bay kè kontan menm kote a. Sanble li bay lapenn pito”. (Ebre 12:11.) Sa ka pi difisil lè w jèn. E se pa etonan! Pèsonalite w ap devlope, w ap grandi pou w vin yon granmoun e pou w aprann konn ki moun ou ye. Kidonk, lè yo kritike w, menmsi moun nan te byen reflechi sou sa l pral di a e li te fè sa yon fason ki janti, sa ka fè w fache.

Reyaksyon sa a nòmal, paske sa lòt moun di sou ou fasil gen efè sou fason w wè tèt ou. E sa pi enpòtan toujou lè se paran w. Kidonk, lè paran w korije w oswa yo plenyen pou fason w fè yon bagay, sa kapab kraze w.

Èske w ta dwe kouri panse ou pa janm fè anyen ki bon oswa ou pap janm reyisi tou senpleman paske paran w fè w wè kèk bagay ki pa bon? Non. Pa gen moun ki pa fè erè (Eklezyas 7:20). E lè w fè erè sa ede w vin yon moun ki responsab (Jòb 6:24). Men, e si paran w sanble toujou pale anpil lè w fè yon bagay mal men yo prèske pa di anyen lè w fè yon bon bagay? Sa ka fè w mal. Poutan, sa pa fòseman vle di ou echwe.

Ki sa ki lakòz yo kritike w?

Pafwa paran w ka sanble kritike w anpil, men se pa paske w fè yon bagay ki mal, se senpleman paske nan moman an yo ka pa fin sou san yo. Petèt manman w te pase yon move jounen oswa l ap lite ak yon maladi. Se sa k fè, li ka gen tandans pran abò w si chanm ou pa byen pwòp e byen ranje. Petèt se pwoblèm ekonomik fanmi an ki fè papa w fache e ki fè l pale san reflechi, sa ki fè pawòl ki sot nan bouch li “tankou kout epe”. (Pwovèb 12:18.) Se vre, lè yo kritike w san rezon konsa sa ka fè w fache. Men, olye w ret konsantre sou sa, sa ki ka fè w vin pi fache, eseye pase sou sa yo fè w la pito. Sonje sa: “Nou tout nou bite tanzantan. Si yon moun pa bite nan pawòl li, li se yon moun pafè.” — Jak 3:2.

Antanke moun ki enpafè, paran w kapab santi yo pa fè anyen ki bon tou. Dayè, lè w echwe sa ka fè yo santi se yo menm ki echwe a. Pa egzanp, yon manman ka kritike pitit fi l ki pa fè bèl nòt lekòl. Men, sa k ka fè manman an reyaji konsa se petèt paske li panse se paske li pa fè devwa pa l antanke manman ki fè ou menm ou pa reyisi.

Rete kalm lè y ap kritike w

Kèlkeswa rezon ki fè yo kritike w la, kesyon an se: Ki jan pou w reyaji? Premye bagay la se fè atansyon pou w pa reponn mal. Men sa Pwovèb 17:27 di: “Yon moun ki gen konesans kontwole sa l ap di, e yon moun ki gen bon konprann ap rete kalm.” Ki jan w ka “rete kalm” lè y ap kritike w? Eseye fè sa ki vin annapre yo:

Koute. Olye pou w kouri ap defann tèt ou oswa fè konnen ou pa fè anyen ki mal, eseye kenbe santiman w epi koute sa paran w gen pou yo di. Disip Jak te di kretyen yo pou yo “dispoze koute, yo pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè”. (Jak 1:19.) Si w kouri fache epi w koupe paran w lapawòl, y ap panse ou pap koute yo. Sa ap fè yo fache e se sèten y ap pale plis.

Konsantre. Pafwa, ou ka gen enpresyon paran w pa t pale byen avè w ditou. Olye w ret konsantre sou fason yo te pale avè w la, li pi bon pou w konsantre w sou sa yo te di w la. Mande tèt ou: ‘Èske gen yon pati nan sa yo di a ki laverite? Èske paran m pa t plenyen pou sa deja? Ki sa sa ap koute m pou m fè sa yo mande m nan?’ Sonje sa, malgre w ka pa wè sa nan moman an, men se paske paran w renmen w ki fè y ap pale nan tèt ou. Si yo te rayi w, yo pa t ap disipline w ditou. — Pwovèb 13:24.

Di l ak mo pa w. Si w redi sa paran w sot di w la ak mo pa w e si w fè sa avèk respè, sa ap montre ou te tande sa yo te di a. Pa egzanp, paran w ka di w: “Chanm ou toujou sal, si w pa netwaye l, m ap pini w.” Pou ou menm, chanm nan ka parèt nòmal. Men, si w ta di sa, sa pa t ap ranje sitiyasyon an. Eseye wè bagay yo menm jan ak paran w. Li t ap pi bon pou w di, avèk respè: “Ou gen rezon. Chanm nan sal. Ou vle m netwaye l kounye a oubyen èske m ka fè sa lè m fin manje?” Lè w montre paran w ou konprann yo konsa, l ap pi fasil pou w kalme sitiyasyon an. Natirèlman, w ap bezwen fè sa paran w te di w fè a vre. — Efezyen 6:1.

Tann. Si w gen yon bagay pou w di, tann lè w fin fè sa paran w mande w fè a anvan. Labib di: “Yon moun ki pridan kontwole bouch li.” (Pwovèb 10:19). Lè paran w fin wè ou koute yo toutbon, y ap pi dispoze koute w.

Ekri kiyès nan etap sa yo ou plis bezwen travay sou li. ․․․․․

Sa vo lapèn

Èske w pa t ap dispoze soufri pandan yon ti tan si w konnen ou pral jwenn yon ja lajan pi devan? Ebyen Labib fè konnen sajès gen plis valè lontan pase kèlkeswa trezò a (Pwovèb 3:13, 14). Ki jan w ap fè vin gen sajès? Pwovèb 19:20 di: “Koute konsèy epi aksepte disiplin pou w ka vin gen sajès demen.” Se vre, konsèy ak disiplin kapab mete w malalèz. Men, si w rive konprann sajès ki gen nan kritik yo e w aplike l, w ap jwenn yon trezò ki gen plis valè pase lò.

Li klè, kritik fè pati lavi a. Ou deja kòmanse ap fè fas ak kritik paran w ak pwofesè w. Pi devan, w ap gen pou w fè fas ak kritik patwon w oswa lòt moun. Si depi kounye a w aprann byen jere kritik ou jwenn lakay, w ap vin yon elèv k ap pwogrese, yon anplwaye patwon w ap renmen e w ap vin gen plis konfyans nan tèt ou an jeneral. Se sèten, sa vo lapèn pou w andire yon ti kritik pou w ka jwenn tout bon rezilta sa yo!

NAN LÒT CHAPIT LA:

Èske w santi règ nan kay la limite w? Aprann konn ki jan pou w kontante w ak libète ou genyen an e aprann ki jan w ka menm jwenn plis libète.

VÈSÈ KLE

“Yon moun ki gen sajès konn koute e li vin gen plis konesans.” — Pwovèb 1:5.

MEN YON IDE

Sa pou w fè pou w ka aksepte koreksyon paran w

Se pou w rekonesan pou kèlkeswa bon remak yo fè w pandan y ap kritike w.

Si w pa sèten ou konprann sa ki pwoblèm nan oswa sa yo swete a, mande yo pou yo esplike w.

ÈSKE W TE KONNEN?

Gen kèk manman ak papa ki twouve li difisil pou yo byen boule ak pitit yo paske paran pa yo pa t byen boule avè yo.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè pwochèn fwa paran m kritike m ․․․․․

Men sa m ap fè si m santi paran m kritike m twòp ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

Poukisa w ka twouve li difisil pou w aksepte kritik?

Ki sa k ka lakòz paran w kritike w?

Ki sa w ka fè pou w jwenn byenfè nan kèlkeswa konsèy yo ba w?

[Antrefilè nan paj 177]

“Pandan tout vi m, manman m te toujou ap rele sou mwen e mwen menm mwen te konn reponn li. Men, kounye a mwen eseye fè sa Pawòl Bondye a di e sa mache. Manman m kòmanse chanje. Lefètke mwen aplike konsèy mwen jwenn nan Bib la, mwen vin konprann li pi byen. Nou vin gen yon pi bon relasyon.” — Marleen.

[Foto nan paj 180]

Si w chèche konprann sajès ki genyen nan chak kritik ou jwenn, w ap jwenn yon trezò ki gen plis valè pase lò.