Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Yon nouvo ribrik pou nou kòmanse konvèsasyon

Yon nouvo ribrik pou nou kòmanse konvèsasyon

Depi mwa janvye 2016, nan dènye paj nan Toudegad piblik la, gen yon ribrik ki rele: “Ki sa Bib la di?” Yo fè nouvo ribrik sa a pou ede nou kòmanse konvèsasyon ak lòt moun sou yon seri sijè nan Bib la. Yo prezante atik sa yo menm jan yo prezante sijè ki nan feyè nou yo. Toudabò, yo poze yon kesyon pou moun nan bay opinyon l, apre sa, yo bay yon repons ki soti nan Bib la, epi yo bay lòt pwen pou konvèsasyon an.

Byen souvan, bèl konvèsasyon nou fè sou sijè nan Bib la ak moun yo konn ban nou posiblite pou n etidye Labib ak yo. Sèvi ak nouvo ribrik sa a pou n ede plis moun toujou ki grangou nan domèn espirityèl jwenn satisfaksyon. — Mt 5:6.

FASON POU NOU ITILIZE RIBRIK SA A:

  1. Mande moun nou rankontre a opinyon l sou youn nan kesyon yo

  2. Koute moun nan e montre w apresye repons li bay

  3. Li vèsè ki nan soutit “Men sa Bib la di” a, epi mande moun nan sa l panse sou vèsè a. Si l gen tan, kontinye konvèsasyon an, sèvi ak yon pwen nan soutit “Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?”

  4. Ofri peryodik la

  5. Pran randevou pou w tounen vin egzamine dezyèm kesyon an avè l