ANN APRANN NAN MEN JEZI

Vyolans se pa vrè solisyon an

Vyolans se pa vrè solisyon an

 Gen plis moun jodi a ki panse lè gen konfli oswa pwoblèm se vyolans ki solisyon an. Men, panse sa a depaman nèt ak sa Jezi te anseye e ak fason l te konn aji. Ann egzamine kèk bagay li te di ak kèk bagay li te fè.

Sa Jezi te di

 Nan diskou Jezi te bay sou mòn nan, yon diskou anpil moun byen konnen, li te fè konnen kòlè ak vyolans pa solisyon lè gen konfli. Li te di:

  •   “Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” (Matye 7:12; Lik 6:31). Prensip sa a, yo konn rele Règ annò a a, ankouraje nou aji ak lòt moun jan nou ta renmen yo aji avèk nou. Etandone nou youn pa ta renmen yo aji ak vyolans avèk nou, èske nou pa ta dwe fè efò pou n demontre respè pou tout moun e pou n aji byen avèk yo, menm lè nou pa antann nou sou yon bagay?

  •   “Si yon moun ba w yon kalòt sou bò figi dwat ou, vire lòt bò a ba li.” (Matye 5:38, 39; Lik 6:29). Se pa ankouraje Jezi t ap ankouraje moun pou yo aksepte moun aji mal avèk yo. Se korije li t ap korije yon move ide moun yo te genyen, e sanble se kèk chèf relijye ki te anseye sa, kòmkwa li nòmal pou moun fè vanjans. Donk, Jezi t ap di disip li yo yo pa dwe fè vanjans, men pito, yo dwe reyaji avèk dousè lè moun pwovoke yo. b

  •   “Kontinye renmen ènmi nou.” (Matye 5:43, 44; Lik 6:27). Jezi te fè konnen nou dwe janti ak moun ki rayi nou oswa ki aji mal avèk nou. Li pa t vle di pou nou dakò ak sa yo fè ki pa bon an.  c Men, lè nou aji byen ak moun ki rayi nou, sa ka bese kòlè yo e sa ka menm ankouraje yo pou yo byen aji avèk nou tou.

Sa Jezi te fè ak sa l pral fè

 Jezi te fè konnen vyolans pa solisyon pou rezoud pwoblèm e se pa t sèlman pawòl nan bouch, fason l te aji te montre sa tou. Nan nuit lè yo te vin arete Jezi a, gen youn nan disip li yo ki te rale yon epe pou l defann Jezi, men Jezi te di l: “Mete epe w la nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe.” (Matye 26:52). Jezi te montre li renmen ènmi l yo lè l te padone moun ki te maltrete l yo,e l te menm priye pou yo! — Lik 23:33, 34; 1 Pyè 2:23.

  Bib la fè konnen talè konsa, Jezi, antanke Prens lapè a, pral mete fen nan tout vyolans (Ezayi 9:6, 7). Pou w aprann plis sou bèl avni sa a, li atik “Fason lagè ak vyolans pral fini.”

a Pou w aprann plis, li atik “Ki sa Règ annò a ye?

b Pou w aprann plis, li atik “Ki sa lwa ‘je pou je’ a vle di?

c Pou w aprann plis, li atik “Ki sa ‘renmen ènmi nou’ vle di?