Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

mustafahacalaki/DigitalVision Vectors via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Entèlijans atifisyèl: Èske l ap ede oswa l ap lakòz dega? — Ki sa Bib la di?

Entèlijans atifisyèl: Èske l ap ede oswa l ap lakòz dega? — Ki sa Bib la di?

 Pa gen lontan, lidè nan monn nan, syantifik ak moun k ap travay nan teknoloji te kòmanse pale konsènan pouvwa entèlijans atifisyèl (EA) genyen. Toutpandan yo rekonèt li gen enpòtans li, yo fè konnen tou yo enkyè sou fason moun ka mal sèvi avè l.

  •   “EA a se youn nan teknoloji ki pi pisan ki genyen jounen jodi a paske l gen kapasite pou l amelyore lavi moun […]. E anmenmtan, li reprezante yon gwo danje pou sekirite nou, li gen kapasite pou l retire nan dwa sivil nou ak nan vi prive nou, e pou l fè l difisil pou n gen konfyans nan demokrasi a.” — Kamala Harris, vis prezidan Etazini, 4 me 2023.

  •   “Se vre, nan yon sans, entèlijans atifisyèl (EA) kapab ede amelyore kalite swen sante, men yon lòt bò, li reprezante yon danje ni nan domèn fizik ni nan domèn emosyonèl.” Se sa yon gwoup doktè ak espesyalis lasante, ki soti nan diferan peyi e ki gen doktè Frederik Federspiel alatèt yo, te ekri nan yon atik ki te parèt nan dat 9 me 2023 nan BMJ Global Health. a

  •   “Depi kounye a, moun kapab sèvi ak entèlijans atifisyèl (EA) pou gaye move enfòmasyon. Talè konsa, EA kapab pran travay moun. Gen kèk moun k ap travay nan teknoloji ki enkyè anpil e ki panse rive yon lè, li kapab reprezante yon danje pou limanite.” — The New York Times, 1ye me 2023.

 Tank tan ap pase, l ap pi fasil pou n wè si moun byen sèvi ak entèlijans atifisyèl oswa si yo mal sèvi avè l. Ki sa Bib la di?

Poukisa tout efò lèzòm fè lakòz nou pa santi nou an sekirite?

 Labib bay rezon ki fè lèzòm pa ka bay garanti pwogrè ki fèt nan domèn teknoloji yo se sèlman byenfè y ap pote pou tout moun.

  1.  1. Menm lè moun yo gen bon entansyon, yo ka pa wè alavans move efè aksyon yo pral genyen.

    •   “Gen yon wout ki parèt dwat devan yon moun, men, alafen, se nan lanmò li mennen.” — Pwovèb 14:12.

  2.  2. Yon moun pa gen okenn kontwòl sou fason lòt moun pral sèvi ak sa l envante.

    •   “M oblije kite [rezilta travay mwen] dèyè pou moun k ap vin apre m nan. Epitou, sa k konnen si l ap gen sajès oubyen si l ap sòt? Epoutan, li pral gen pouvwa sou tout sa m te fè gwo efò pou m genyen grasa sajès mwen anba solèy la.” — Eklezyas 2:18, 19.

 Lefètke nou pa ka bay garanti sou bagay sa yo, sa montre rezon ki fè nou bezwen Kreyatè nou an dirije nou.

Moun nou kapab fè konfyans

 Kreyatè nou an pwomèt nou li pap janm kite lèzòm oswa okenn teknoloji lèzòm envante detwi ni tè a ni tout moun ki sou tè a.

  •   “Tè a ret la pou toutan.” — Eklezyas 1:4.

  •   “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

 Pa mwayen Bib la, Kreyatè nou an fè nou jwenn direksyon k ap fè nou gen lapè ak sekirite alavni. Pou w aprann plis sou sa Bib la di, li atik “Èske gen yon gid nou ka fè konfyans pou ede nou gen yon avni ki sèten?” ak atik “Bonjan espwa pou lavni.”

a Li soti nan yon atik ki gen tit: “Threats by Artificial Intelligence to Human Health and Human Existence”. Se Frederik Federspiel, Ruth Mitchell, Asha Asokan, Carlos Umana, ak David McCoy ki ekri l.