Temwen Jewova — Kiyès nou ye?

Terms of Use

Kreyòl ayisyen
Terms of Use
/assets/ct/28ada02fb0/images/syn_placeholder_sqr.png

Terms of Use

Terms of Use

Mizajou 23 Mas 2023

Yo fè Aplikasyon an ki gen anpil enfòmasyon (“Aplikasyon an’’ oubyen “Ap”) pou ede w aprann pi byen konnen Bondye, Bib la ak Temwen Jewova yo. Ou ka li, gade epi telechaje sa ki enterese w ladan l. Nou vle pou lòt moun pwofite Aplikasyon an tou, men ou pa ka kopye sa k sou li yo al met sou yon lòt sit Entènèt oubyen sou yon aplikasyon. Ou ka pataje sa w aprann yo lè w ankouraje lòt moun telechaje Aplikasyon an.

Kondisyon pou moun sèvi ak Aplikasyon an (“Akò” sa a) se yon akò legal ant Watchtower Bible and Tract Society of New York, Inc., yon kòperayson nan New York ki pa pou pwofi (“Watchtower,” oswa “nou,”) ak ou menm, yon itilizatè (“ou”) ak Aplikasyon an.

Tout mizajou, tout amelyorasyon, tout bagay nouvo pou l fonksyone ak/oswa tout sa ki ajoute nan pwopriyète Aplikasyon an, yo dwe soumèt anba Akò sa a. Akò sa a te ka revize, modifye oswa tèmine a nenpòt moman depi nou vle fè sa. Ou dakò ak tout revizyon, modifikasyon oswa tèminasyon ki ka afèkte posiblite w genyen pou sèvi ak Aplikasyon an. Depi ou kontinye sèvi ak Aplikasyon an aprè nenpòt nan modifikasyon sa yo montre ou dakò ak modifikasyon yo.

Si kondisyon sa yo pa respekte nan Akò sa a (nou menm pou deside), swa yon pati oswa konpletman, se yon vyolasyon de kodisyon yo ki ka fè w pap gen aksè pou w itilize Aplikasyon an ankò. W ap dakò lè nou tèmine aksè w genyen pou w itlize Aplikasyon an lè nou deside pou nenpòt rezon oswa si nou pa gen yon rezon.

OU DAKÒ AK KONDISYON POU MOUN SÈVI AK APLIKASYON AN LÈ W KLIKE SOU BOUTON “AKSEPTE” A NAN AKÒ A OUBYEN LÈ W TELECHAJE, ENSTALE, KOPYE OSWA SÈVI AK APLIKASYON AN. PÈMISYON OU GENYEN POU W ITILIZE APLIKASYON AN SE PASKE W TE DEJA AKSEPTE AKÒ A. SI W PA DAKÒ KONDISYON SA YO NAN AKÒ SA A, OU PA DWE ENSTALE, KOPYE, ITILIZE APLIKASYON AN E OU DWE EFASE TOUSUIT TOUT KOPI APLIKASYON YO SOU APARÈY OU A.

1. AKÒDE OTORIZASYON. Aplikasyon sa a se yon otorizasyon, li pa t pou vann pou w te achte l, yo ba w itlize l sèlman selon kondisyon Akò a. Piske w te konfòme e w kontinye konfòme ak tout sa ki nan Akò a, Watchtower akòde w grasa Akò sa a yon dwa ki ka konplèman anile, limite, non transfère, ni ou pa ka bay otorizasyon an, ni bay aksè ak otorizasyon an a yon lòt moun pou yo itilize, enstale, egzekite, stoke, afiche e fè aparèy ou yo fonksyone daprè rezon yo bay nan Akò sa a oswa jan sa dekri pa ekri ak Watchtower. Tèm ki nan Akò sa a aplike pou tout mizajou Watchtower bay pou ranplase, ajoute oswa fè Aplikasyon orijinal la konplè, sòf mizajou a gen yon lòt otorizasyon ki ansanm ak li, ki gen tèm pa l. Gen sa ki konpoze Aplikasyon an ki ka regle pa otorizasyon open-source oswa lòt otorizasyon pa yon twazyèm pati. Si gen konfli ant tèm ki nan Akò sa a ak lòt otorizasyon yo, otorizasyon sa yo gen priyorite.

2. REZEVASYON DWA AK PWOPRIETE; KONTNI TWAZYÈM PATI, NON AK LOGO. Watchtower rezeve tout dwa anrapò ak Aplikasyon an ki pa akòde byen klè nan Akò sa a. Aplikasyon an jwenn pwoteksyon grasa dwadòtè e lòt lwa pwopriyete entèlektyèl yo ak kontra yo. Ant ou menm e Watchtower, se Watchtower ki posede tout dwa yo, tit ak enterè ki gen rapò ak Aplikasyon an. Sòf sa ki te esplike deja, i) tout sa ki nan Aplikasyon an ak ii) tout non ak logo asosye ak Aplikasyon an se pwopriète Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania (“Watch Tower”). Pou evite dout, tout pwopriyete entèlektyèl ki gen lisans pa yon founisè twazyèm pati pou Watchtower a oswa Watch Tower e ki ladan Aplikasyon an ap rete pwopriyete twazyèm pati a. Ou dakò pou w pa retire, kache oswa modifye nenpòt dwadòtè, non ak logo oubyen lòt avi pwopriète oswa modifye dwa otè a, oswa sous ki idantifyan andan oubyen asosye ak Aplikasyon an (sa gen ladan l men pa limite ak sa ki site nan endikasyon lisans open source yo) (“Endikasyon yo”). Nou pa kapab ni nou pa ka bay aksè asire pou enfòmasyon ak lòt sous ki pou yon twazyèm pati ki aksèsib pou w nan Aplikasyon an (si li aplikab).

Se Adobe Systems Incorporated ki gen dwa pou l itilize non ak logo Adobe a ansanm ak non ak logo Acrobat la. Se Apple Inc. ki gen dwa pou l itilize non ak logo iTunes ansanm ak non ak logo iPod la. Se Microsoft Inc. ki gen dwa pou l itilize non ak logo Microsoft la, ansanm ak non nenpòt lojisyèl oswa pwodui Microsoft fè, sa gen ladan l Microsoft Office ak Microsoft Office 365. Se Google LLC ki gen dwa pou l itilize non ak logo Android la. Wobo Android la baze sou yon desen Google te kreye e li pataje selon prensip yo bay nan Creative Commons 3.0 Attribution License (https://creativecommons.org/licenses/by/3.0/us/). Tout lòt non ak logo yo, se moun ki gen dwa pou sa ki ka itilize yo.

3. KONDISYON AK OTORIZASYON POU MOUN SÈVI AK APLIKASYON AN. Aplikasyon an se pou itilizasyon pèsonel ou, jan yo te esplike nan Akò a oubyen jan Watchtower dekri l pa ekri. Ou dakò pou w pap e w pap pèmet yon lòt moun, dirèkteman oswa endirèkteman: a) louwe, lwaye, prete, vann, revann, transfère, asiye, distribye, repwodui, kopye, pibliye, transmèt, bay lisans lan, distribye, kreye yon imitasyon de yon bagay oswa gaye l, cheche benefis oubyen fè disponib nenpòt pati oswa tout Aplikasyon an, b) repwodui yon bagay ou kopye, repibliye l grasa kèlkeswa lojisyèl la oswa fè l tounen konpozan kèlkeswa lojisyèl la, modifye, adapte, tradui oubyen demonte nenpòt pati oswa tout pati yo nan Aplikasyon an, sa gen ladan l ide enplisit, règ pou fonksyonman oubyen fason li konstwi, ni sèvi ak Aplikasyon an pou kreye lòt aplikasyon, pwogram, pwodui oswa sèvis (sòf li pa konsidere kòm yon restriksyon kont lalwa oubyen si lalwa pèmèt tèm lisans ki detemine usaj de nenpòt konpozan lib ki ladan Aplikasyon an), c) retire oswa modifye non ak logo yo, non komèsyal yo, non sèvis yo, eleman grafik yo, desen yo, logo yo, tit sou tèt paj yo, ikòn yo, tèks yo, mak komèsyal yo, prezantasyon oswa nenpòt dwa pwopriyete ki parèt nan Aplikasyon an (sa gen ladan l e san limit non ak logo “JW” AK “JW.ORG”) oswa nenpòt lòt non ak logo, d) afiche non an, logo a, non ak logo oswa tout lòt fason pou idantifye yon moun oubyen yon antite yon fason ki bay enpresyon moun sa a oswa òganizasyon an se yon èditè oubyen yon distribitè de Aplikasyon an, oswa e) itilize, poste, transmèt oswa entwodi yon aparèy, logisyèl oubyen yon pwogram ki ka nui oswa efò pou nui bon fonksyonman de nenpòt aspè de Aplikasyon an, f) anregistre, eseye anregistre oswa ede yon lòt moun anregistre nenpòt nan non ak logo yo, logo yo, non domenn yo, ak lòt siy espesyal de mak la, dwadòtè oubyen lòt dwa ki asosye ak Watchtower, Watch Tower, oswa nenpòt lòt etablisman ki kolabore ak li, g) retire, kache oswa modifye nenpòt notifikasyon de dwadòtè, de non ak logo oswa lòt endikasyon dwa de pwopriete ki parèt nan oubyen sou nenpòt bagay nan Aplikasyon an, h) transmèt, stoke oswa trete kèk enfòmasyon an matyè de sante ki anba regleman ameriken HIPPA, oubyen i) itlize Aplikasyon an an deyò de kad ki previ pa lisans la ki akòde nan Akò sa a. Ou dwe respekte (e w pa fè esprè vyole) kondisyon pou sèvi ak API de Google.

Byenke w aksepte konfòme w ak restiksyon pou sèvi yo, ki mansyone pi wo a, ou kapab mande otorizasyon an patikilye pou repwodui oswa kopye, dekonpoze, modifye, adapte, tradui oswa disimile nenpòt pati oswa tout pati nan Aplikasyon an, sa gen ladan l san limit nenpòt nan ide enplisit yo, règ pou fonksyonman, strikti yo, oubyen sèvi ak Aplikasyon an pou kreye kèk nouvo aplikasyon, pwogram, pwodui, oswa sèvis. Watchtower ap pèmet sa jan l vle. Pou mande pèmisyon an patikilye, tanpri, kontakte Watchtower pa imel a DeveloperSupport@jw.org.

Si Watchtower oswa ou menm pa fè yon reklame strik sou règ aplikasyon an nan Akò sa a, oubyen si Watchtower oubyen ou menm pa reklame dwa w oubyen rektifikasyon ou gen dwa genyen daprè sa ki mansyone aprè oswa sa ki mansyone anvan pap konsidere kòm yon eliminasyon e se pa yon eksepsyon pou obligasyon yo etabli nan Akò sa a. Yon eliminasyon de yon neglijans pap yon eliminasyon de yon lòt anilasyon. Pap gen yon bagay anile ki dekri nan Akò sa a ki pap sèvi sòf li site nan bagay ki ka anile yo e ni Watchtower ni ou menm konnen lòt moun te fè pa ekri.

4. KONDISYON AK OTORIZASYON POU MOUN SÈVI AK APLIKASYON AN E/OSWA SA KI LADAN APLIKASYON AN.

Daprè restriksyon ki dekri anba, ou kapab:

  • Gade, telechaje oswa enprime imaj ki gen dwadòtè Watch Tower sou yo, piblikasyon elektwonik, mizik, foto, tèks ak videyo ki nan Aplikasyon an pou itilizasyon pèsonèl ou e pa nan objektif pou w fè komès.

  • Pataje lyen oswa fè kopye piblikasyon elektwonik, videyo oswa pwogram odyo ki telechaje sou Aplikasyon sa a.

Ou pa kapab, ni otorize yon lòt:

  • Pran imaj, piblikasyon elektwonik, non ak logo, mizik, foto, atik oswa videyo ki sou Aplikasyon an pou w poste l sou Entènèt (kèlkeswa sit Entènèt la, sit ki pataje fichye, sit ki pataje videyo oswa rezo sosyal).

  • Pran imaj, piblikasyon elektwonik, non ak logo, mizik, foto, tèks, oswa videyo ki sou Aplikasyon an epi repibliye l grasa kèlkeswa lojisyèl la oswa fè l tounen konpozan kèlkeswa lojisyèl la (sa gen ladan mete materyèl sa yo sou yon sèvè pou yon lojisyèl sèvi avèk yo).

  • Repwodui, fè doub, kopye, distribye oswa fè nenpòt lòt bagay ak imaj, logo, piblikasyon elektwonik, non ak logo, mizik, foto, tèks, videyo oswa nenpòt lòt bagay ki nan Aplikasyon an nan objektif pou fè komès oswa pou w fè lajan (menm lè w pap fè benefis).

  • Kreye kèlkeswa lojisyèl, aplikasyon ak pwogram, zouti oswa teknik ki fèt pou pran, pou kopye, pou telechaje, pou rale oswa ranmase enfòmasyon ak done, kòd HTML, imaj oswa tèks ki sou Aplikasyon an nan entansyon pou w distribye yo. (Sa pa entèdi moun distribye aplikasyon ki gratis, ki pa fèt pou fè komès men ki fèt pou telechaje fichye elektwonik tankou fichye EPUB, PDF, MP3 ak MP4 nan pati piblik ki sou Aplikasyon an.)

  • Mal sèvi ak Aplikasyon an oswa ak sèvis Aplikasyon an lè w itilize yon metòd ki diferan ak sa yo bay la pou w deranje fason Aplikasyon an fonksyone oswa pou w monte sou li.

  • Sèvi ak Aplikasyon an nan nenpòt fason k ap lakòz oswa ki ka lakòz Aplikasyon an gen pwoblèm oswa ki ka fè Aplikasyon an pa parèt oubyen ki ka fè l difisil pou yon moun monte sou li. Ni ou pa dwe sèvi ak Aplikasyon an yon fason ki kont lalwa, ki ilegal, pou w fè fwod oswa pou w fè lòt moun mal ni sèvi avè l nan yon objektif oubyen yon aktivite ki kont lalwa, ki ilegal, pou w fè fwod oswa pou w fè lòt moun mal.

  • Sèvi ak Aplikasyon an oswa nenpòt nan imaj, piblikasyon elektwonik, non ak logo, mizik, foto, tèks oswa videyo ki sou li nan kèlkeswa aktivite ki gen rapò ak komès.

  • Sèvi ak Aplikasyon an ak lòt bagay ladan l nan objektif pou fè komès oswa pwopose pou vann kèk pwodui komèsyal oswa sa ki site pi ba: dwòg lalwa pèmèt; dwòg kont lalwa ak trafik dròg la; zam; materyèl distribye oubyen kopye yon fason ilegal, enstriksyon pou fabrike, rasanble, oswa resevwa bagay ki kont lalwa pou atake moun; enfòmasyon pou vyole dwadotè (yo), vyole non ak logo (yo), oswa detwi pwopriyete entelektyèl oubyen enfòmasyon ki fèt pou fè moun oswa bèt mal; oubyen pònografi, kò moun ki toutoni, sèvis ki gen rapò ak sèks, oubyen tout lòt sèvis ki fèt sèlman pou moun ki granmoun.

  • Sèvi ak Aplikasyon an oswa ak sa ki ladan l pou vyole dwa legal lòt moun oubyen ankouraje sa (pa egzanp, vyolasyon ak detounman dwa pwopriète entelektyèl lòt moun daprè Digital Millennium Copyright Act).

  • Sèvi ak Aplikasyon an pou voye oswa distribye viris, vè, Trojan horses, fichye kowonpi, desepsyon malveyan, oubyen lòt bagay ki gen karaktè pou detwi oswa twonpe.

  • Sèvi ak Aplikasyon an pou nènpòt aktivite nou panse oswa nou ka panse ki kont lalwa.

  • Sèvi ak Aplikasyon an pou poste, transmèt, afiche, oswa distribye yon langaj obsèn, blasfeme, bay moun kout lang, entimidasyon, jouman, oubyen langaj ki menase moun.

  • Sèvi ak Aplikasyon an oswa ak sa ki ladan l pou nenpòt bagay kont lalwa, san pèmisyon, vyolasyon, difamatwa, oubyen ki gen fwòd (pa egzanp, twonpe moun, biznis pou pwomèt moun lajan nan sistèm pyramid la, kopye yon sit Entènet).

  • Sèvi ak Aplikasyon an pou kreye, distribye, pibiye oswa fè fasil yon imèl an gwo san ou pa mande sa, pwomosyon, piblisite ak lòt solisitasyon (“spam”).

  • Patisipe nan nenpòt aktivite ki, daprè nou menm ki ka deranje, entèwonp, manipile, oswa fè domaj ak (oubyen menase pou deranje, anpeche, fè domaj oswa danjere) pou Aplikasyon an, sèvis nou yo, oubyen kapasite lòt moun genyen pou l itilize Aplikasyon an yon fason ki efikas.

Watchtower pa responsab pou nenpòt fason nou itilize tout sa ki entèdi oswa pou sa ki fèt pou entimide, pou nenpòt menas, abi, ofans, oubyen mesaj ilegal oubyen kominikasyon ou resevwa petèt w ap sèvi ak Aplikasyon an.

Piske w ap sèvi ak Aplikasyon an, ou dwe i) respekte tout lwa federal, local, e nasyonal, e ii) obsève tout lwa ki gen rapò ak dwadotè yo ki gen rapò ak mizik, videyo, jwèt, foto, ekriti, e ak tout lòt medya swa pèsonèl, oswa enfòmasyon ki pwodui nan fòm elektwonik.

5. ANILE. Akò sa a valab jiskaske ou menm oubyen Watchtower anile l. Dwa w yo anile otomatikman si w pa respekte fason pou w sèvi ak Aplikasyon an. Watchtower kapab anile tousuit Akò sa a ak ou e/oswa lisans ou genyen pou sèvi ak Aplikasyon an a nenpòt moman pou yon rezon swa pa gen rezon san obligasyon anvè ou menm. Lè Akò sa a anile, ou pap kapab itilize Aplikasyon an ditou, e w dwe desentale e efase Aplikasyon an nan tout aparey ou yo ak medya ki stoke a. Watchtower pap janm responab pa lalwa deske Akò sa a anile oswa lè li anpeche w gen aksè ak Aplikasyon an.

6. SEKSYON MEDIKAL

Sa yo mete nan Seksyon medikal Aplikasyon an (“Seksyon medikal”) la pou bay enfòmasyon sèlman, se pa konsèy medikal yo ye e yo pa la pou ranplase konsèy pwofesyonèl yon doktè ak avi lasante yo, dyagnostik yo fè ak tretman yo bay. Seksyon medikal la pa rekòmande ni soutni okenn tès, doktè, pwodui, metòd, opinyon oswa lòt enfòmasyon ki ka parèt nan Seksyon medikal la.

Enfòmasyon ou jwenn nan Seksyon medikal la, pa fèt pou l enkouraje ni otorize w sèvi avè l pou yon kondisyon medikal ki gen repò ak lavi w ni desizyon konsenan lavi w, pwosedi yo, oubyen nan nenpòt fason ou vle sèvi avè l. Toujou konsilte yon doktè oubyen yon lòt pwofesyonèl sante ki kalifye si w gen kèlkeswa kesyon konsènan yon pwoblèm sante oswa yon tretman. Aplikasyon an, pa pran responsablite pou kèlkeswa erè oswa enfòmasyon ki manke nan Seksyon medikal la. Si w sèvi ak enfòmasyon ki nan Seksyon medikal la kèlkeswa sa k rive se responsablite pa w.

7. NOU PA BAY GARANTI E RESPONSABLITE NOU LIMITE. LÈ OU ITILIZE APLIKASYON AN AK SA KI LADAN L SA KA GEN RISK. APLIKASYON AN SE “JAN LI YE A”, “JAN LI DISPONIB LA,” E AK TOUT DEFO LI GENYEN. NAN TOUT MEZI OTORIZE NAN LALWA, WATCHTOWER KONTESTE TOUT KONTRA A PREZAN, TOUT GARANTI, TOUT REPREZANTASYON, AK TOUT KONDISYON, KÈLKESWA JAN LI SITE, PREZANTE, PÈMI, SA GEN LADAN L, MEN SE PA SA SÈLMAN, KÈLKESWA GARANTI, RESPONSABLITE, OSWA KONDISYON KE SA AP FONKSYONE, SAN VYOLASYON, KALITE DE MACHANDIZ LA, KONDISYON YO RANPLI SA YO DI L KA FÈ, FIABILITE E DISPONIBILITE, VRÈ E KONPLÈ, KALITE, SI SE SAN DANJE, APWOPRIYE, KONPETAN, SAN VIRIS, PA NEGLIJAN, OSWA APLIKASYON AN AP FONKSYONE YON FASON OUBYEN PWODUI YON SÈTEN REZILTA, OSWA APLIKASYON AN AP FONKSYONE YON FASON AN PATIKILYE OSWA PWODUI YON SÈTEN REZILTA LÈ W SÈVI AK APLIKASYON AN OSWA YON LÒT MOUN. WATCHTOWER PA BAY GARANTI PAP GEN ENTÈFERANS PANDAN WAP ITILIZE APLIKASYON AN, JAN LI FONKSYONE AK SÈVIS YO, KE APLIKASYON AN AP SATISFÈ W, OSWA APLIKASYON AN PAP GEN ENTÈFERANS OSWA SAN PWOBLÈM, SAN RETA, PÈT, ATAK, PIRATAJ, OSWA LÒT PWOBLÈM SEKIRITE. WATCHTOWER PA RESPONSAB NONPLIS DE YON SIPÒ OSWA SÈVIS OUBYEN MANK DE SIPÒ OSWA SÈVI KI GEN REPÒ AK APLIKASYON AN. LÈ W TELECHAJE E ITILIZE TOUT LOGISYÈL SA GEN RISK, E WATCHTOWER AVÈTI W POU W KONPRANN TOUT RISK KI KA FÈT ANVAN OU TELECHAJE, ENSTALE, OSWA ITLIZE APLIKASYON AN. WATCHTOWER NI LÒT ANTITE KI KOLABORE AK WATCHTOWER NI ADMINISTRATÈ YO, DIRÈKTÈ YO, OFISYE YO, VOLONTÈ YO, MANM YO, MOUN KI BAY LISANS YO, FOUNISÈ YO, MANAJÈ YO, AJAN YO OSWA REPREZANTAN YO, (“TOUT ANSANM YO MENM KI FÈ PATI WATCHTOWER YO”) PA RESPONSAB OKENN DOMAJ OU MENM AK YON LÒT SIBI AKÒZ OU TELECHAJE, ENSTALE, DESENSTALE, MODIFYE OSWA PANDAN W AP SÈVI AK APLIKASYON AN OUBYEN TOUT SA KI LADAN APLIKASYON AN.

8. RESPONSABLITE A LIMITE. NAN TOUT MEZI LALWA PÈMÈT, WATCHTOWER NI LÒT PATI WATCHTOWER PAP RESPONSAB DOMAJ ESPESYAL, SEGONDÈ, AKSIDANTAL, REZILTA, DOMAJ AKÒZ YON KÒRÈKSYON KÈLKESWA JAN LI YE A, (SA GEN LADAN L MEN SE PA SA SÈLMAN SI GEN PÈT NAN PWOFI YO, PÈT NAN LOJISYÈL, BIZNIS OSWA CHARITE, POU YON PÈT DE PWOFI ANTISIPE, BIZNIS OSWA CHARITE, POU YON PÈT DE ENFÒMASYON KONFIDANSYÈL OSWA LÒT ENFÒMASYON, BIZNIS KI DERANJE, YON MANK NAN OBLIGASYON SWA AK BON ENTANSYON OU DILIJANS REZONAB, NEGLIJANS, AK TOUT LÒT PÈT DE LAJAN KÈLKESWA FASON AN) AKÒZ OU T AP SÈVI AK APLIKASYON AN E/OSWA SA KI GEN LADAN L (OSWA SI W PAP KAPAB SÈVI AK APLIKASYON AN E/OSWA YON PATI LADAN APLIKASYON AN) OUBYEN SA KI RAPÒ AK AKÒ SA A. TOUT SA KI SÒT DI A APLIKAB KÈLKESWA FÒT LA SÒTI NAN SA YO DI NAN KONTRA A, GARANTI, FÒT (SA GEN LADAN L E SAN LIMITE NEGLIJANS), PWOBLÈM AK PWODUI A, RESPONSAB KONSEKANS YO, FÒT, VYOLASYON DE GARANTI A, VYOLASYON DE KONTRA, OSWA LEKONTRÈ, MENMSI WATCHTOWER OSWA NENPÒT NAN PATI WATCHTOWER YO TE AVÈTI TE KA GEN DOMAJ. MALGRÈ NENPÒT DOMAJ KE W TE JWENN POU NENPÒT REZON AK APLIKASYON AN (SA GEN LADAN L MEN SE PA SA SÈLMAN, NENPÒT DOMAJ YO TE PALE DE LI DEJA), TOUT RESPONSABLITE PATI WATCHTOWER ANSANM YO, E DEDOMAJMAN, SÈLMAN AP LIMITE A ($10). LIMIT RESPONSABLITE A APLIKE SAN KONSIDERASYON SI LÒT PATI AKÒ SA A PA T EFIKAS.

9. PWOTEKSYON. Ou dwe pwoteje, defann e evite pou Watchtower ak chak lòt pati Watchtower jwenn domaj kont tout e ak nenpòt atestasyon ki fèt pou entimide, movman, aksyon legal, tout demann e nenpòt oswa tout pèt ki fèt, blam, detwiman, pri, sa gen ladan l e san limit rezonab tarif ak peman pou avoka, ki gen rapò ak fason ou itilize Aplikasyon an, ak sa ki gen ladan l men se pa sa sèlman a) vyolasyon Akò sa a, sa gen ladan l lè w itilize Aplikasyon an nan nenpòt fason ki pa entèdi men ki aksèpte daprè sa ki mansyone aprè, b) neglijans pa w oswa move konduit ou, c) si w vyole nenpòt nan lwa yo oswa règ yo, d) nenpòt reprezantasyon oswa garanti ou fè pa rapò ak Aplikasyon an e/oswa sa ki ladan Aplikasyon an, e) nenpòt demann ki gen repò ak aksyon oswa omisyon yon tyès pèsonn ki gen rapò ak Aplikasyon an ak/oswa sa ki ladan Aplikasyon an, f) nenpòt demann ki fèt pa oswa reprezante pa yon tyès pèsonn an rapò ak fason ou sèvi ak Aplikasyon an oswa yon pati ladan l direkteman swa indirekteman.

10. LISANS POU KONTNI AK PWOTEKSYON AN. Ou deklare e fè garanti dèske ou gen dwa e/oswa lisans pou poste nenpòt oswa tout Kontni (jan nou esplike pi ba) poste pa w pa moyen Aplikasyon an. “Kontni” vle di nenpòt oswa tout enfòmasyon ou bay ki gen repò ak Aplikasyon an, sa gen ladan l san limite a, enfòmasyon an, done, mesaj, tèks, fichye, videyo, foto, son, lòt materyèl, ak nenpòt sa ki sòt di a. Ou reprezante e fè garanti dèske Kontni w founi yo e sa nou bay la ak fason ou sèvi ak Kontni yo pap vyole oswa vole nenpòt lisans, dwadòtè, non ak logo, tèknik, oswa dwa de pwopriète yon tyès pèsonn.

Daprè dokiman sa a, ou bay nou yon dwa ak yon lisans pèmanan, ki pa ka chanje, toupatou sou tè a, san restriksyon, ak lib de dwa yo e lisans pou sèvi, konsève, stoke, modifye, kopye, distribye, kominike, pibliye, transmèt, afiche piblikman, egzekite piblikman, repwodui, edite, tradui e refòmate Kontni yo e prepare travay ki sòti de Kontni yo. Ou aksepte defann nou ak lòt pati Watchtower yo ak kòb pa w, kont tout pwosè, aksyon ak lòt aksyon legal de yon pati kont nenpòt lòt nan Pati Watchtower yo ki di gen yon vyolasyon nan nenpòt lisans, dwadotè, non ak logo, tèknik, oswa lòt dwa oubyen vyolasyon de nenpòt lisans oswa lòt dwa de pwopriète, ki base nan Kontni ou bay la; e ou dakò pwoteje, e evite pou lòt pati Watchtower jwenn domaj kont tout jijman, pèt, dèt, domaj, tarif, ak pri yo (sa gen ladan l san limit ak sa, pri ak depans yon avoka ki resonab) akòz oswa pwovoke pa yon vyolasyon. Ou konprann se ou menm ki responsab pou tout sa nan Kontni ki poste, transmèt pa, oswa konèkte ak Aplikasyon an. Ou rekonèt nou pa seleksyone alavans ni apwove Kontni men nou gen dwa (men pa oblije) jan nou vle refize, efase, oswa deplase nenpòt Kontni ki se yon vyolasyon de Akò sa a oubyen pou nenpòt lòt rezon.

11. EKSPÒTASYON. Ou pa kapab itilize oswa vann lòtbò oubyen lòtbò k ap vann lòtbò Aplikasyon an oswa nenpòt pati ladan l sòf si li otorize pa lalwa Etazini ak lalwa ki anba teritwa nou te jwenn Aplikasyon an. Sitou, men san limit, Aplikasyon an pa ka vann lòtbò oubyen lòtbò k ap vann lòtbò a) nan nenpòt peyi ki gen anbago ak Etazini oswa b) a nenpòt moun ki nan U.S. Treasury Department’s Specially Designated Nationals List oubyen ki sou ministère finans ameriken lis moun oswa òganizasyon ki entèdi. Ou dakò tou w pap itilize Aplikasyon an pou nenpòt bagay kont lalwa.

12. KONFIDANSYÈL. Yo dekri kondisyon yo pou trete enfòmasyon pou idantifikasyon pèsonèl ak lòt enfòmasyon ou bay ki gen rapò ak Aplikasyon an nan Règ Sou Enfòmasyon Konfidansyèl la pou Aplikasyon an.

13. LALWA; REKLAMASYON. Akò sa a gouvène e entèprete daprè lalwa Eta Nouyòk la, sa pa gen ladan l chwa de lalwa aplikab nan Nouyòk la, ak tout reklamasyon akòz oubyen ki gen rapò ak Akò sa a, oswa yon vyolasyon de li, si li fonde sou yon kontra, krim oubyen yon lòt bagay, baze sou sa lwa Eta Nouyòk la, sa pa gen ladan l chwa de lalwa aplikab nan Nouyòk la. Espesyalman, lwa yo rele Conventions Nasyonzini yo baze selon fason yo vann machandiz toupatou sou tè a pa ladan Akò sa pou Aplikasyon an. OU DAKÒ KÈLKESWA DEKRÈ OSWA LWA KI KONTRE, NENPÒT REKLAMASYON, AKSYON LEGAL, OUBYEN AKSYON OU KA GEN KONT NENPÒT NAN PATI WATCHTOWER AKÒZ AKÒ SA DWE PREZANTE ANVAN SIS MWA PASE AN RAPÒ AK EVÈNMAN AN KI BAZE SOU REKLAMASYON AN TE FÈT OSWA SIPOZE TE FÈT.

14. LÒT BAGAY YO. Akò sa a, Règ Sou Enfòmasyon Konfidansyèl la pou Aplikasyon an, ak Endikasyon yo ak nenpòt lòt enstriksyon ki ekri anrapò ak Aplikasyon an founi pa Watchtower fè yon akò konplè ant ou menm e Watchtower konsenan Aplikasyon an, e yo ranplase tout sa ki anvan oswa yon kominikasyon ki oral oubyen ekri, pwopozisyon yo, ak reprezantasyon yo an rapò ak Aplikasyon an oswa nenpòt lòt sijè nan Akò sa a. Watchtower ap jistifye si nan Akò sa a li pa pèfòman akòz anpèchman, reta, oswa bloke pou rezon nou pa ka kontwole. Si nenpòt sèvis nan Akò sa a gen pou l anile, pa valab, aboli, oswa ilegal, bagay sa yo ap modifye pa yon tribinal pou fè konnen pi byen objektif Watchtower, ak tout lòt pati nan Akò sa a ap kontinye konplètman valab. Watchtower kapab konfye oswa transfère Akò sa a a nenpòt nan etablisman yo ki travay ak li. Si gen youn nan kondisyon sa yo Watchtower pa fè demach pou fè w respekte, pa panse li bay vag sou kondisyon sa a oubyen li bay vag sou dwa li genyen pou l fè respekte kondisyon sa a.