Al gade sa k anndan l

Lefètke Temwen Jewova yo preche kay an kay, èske sa vle di yo se moun ki merite sove pou sa?

Lefètke Temwen Jewova yo preche kay an kay, èske sa vle di yo se moun ki merite sove pou sa?

 Non. Se vre nou preche kay an kay, men nou pa panse nou merite sove pou sa (Efezyen 2:8). Poukisa nou di sa?

 Ann pran yon egzanp: Imajine gen yon mesye ki donan anpil, li pwomèt l ap bay chak moun yon kado ki chè anpil si y al nan yon lokal kèlkonk nan yon dat kèlkonk. Si w kwè sa mesye a di a vre, èske w pa t ap fè sa l di w fè yo? Se sèten ou t ap fè yo! E ou t ap fè ni zanmi w ni fanmi w konn sa, konsa yo menm tou yo t ap ka jwenn yon kado. Malgre sa, se pa paske w fè sa mesye a di w fè yo ki fè w merite kado a pou sa. Ou jwenn kado sa a paske mesye a te vle ba ou l.

 Konsa tou, Temwen Jewova yo kwè nan pwomès Bondye fè pou l bay tout moun ki obeyi l lavi etènèl (Women 6:23). Nou fè anpil efò pou nou pataje kwayans nou ak lòt moun, konsa yo menm tou y ap ka benefisye pwomès Bondye fè yo. Sepandan, nou pa panse nou merite sove paske nou preche kay an kay (Women 1:17; 3:28). An reyalite, kèlkeswa sa yon moun ta fè li pa dwe janm met nan tèt li li merite gwo benediksyon sa a nan men Bondye. “Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou.” — Tit 3:5, Bib La.