Al gade sa k anndan l

Èske m dwe atann m ap vin yon Temwen Jewova si m etidye Labib ak yo?

Èske m dwe atann m ap vin yon Temwen Jewova si m etidye Labib ak yo?

 Non, ou pa oblije nan okenn fason. Gen plizyè milyon moun ki pran plezi nan pwogram etid biblik nou an san yo pa vin fè pati kongregasyon nou yo a. Objektif pwogram nan se montre w ki sa Labib anseye. Sa w deside fè ak konesans sa a depann de ou. Nou rekonèt lafwa se yon bagay pèsonèl. — Jozye 24:15.

Èske m ka sèvi ak pwòp Bib mwen pandan etid la?

 Wi. Byenke nou renmen sèvi ak Bib Tradiksyon monn nouvo a ki sèvi ak yon langaj modèn e n ap ba w youn gratis si w vle, n ap byen kontan si w sèvi ak pwòp Bib ou. Ou ka aprann mesaj espwa ak delivrans ki nan Bib la nan prèske nenpòt tradiksyon.

Poukisa n ap etidye ak moun ki pap vin Temwen Jewova ?

  •   Se lanmou n gen pou Jewova Dye ki pouse n fè travay sa a, li menm ki vle pou kretyen yo anseye lòt moun sa yo aprann nan (Matye 22:37, 38; 28:19, 20). Nou santi pa gen okenn privilèj ki pi gran pase privilèj nou genyen pou n vin “konpayon travay Bondye” lè n ede moun yo aprann sa Pawòl li a anseye. — 1 Korentyen 3:6-9.

  •   Lanmou nou gen pou pwochen n pouse n fè travay la tou (Matye 22:39). Nou kontan pataje bèl bagay nou aprann yo ak lòt moun. — Travay 20:35.

a Dapre pwogram etid nou an, pandan ane 2023 nou te kondui 7 281 212 etid biblik chak mwa e anpil nan yo te fèt ak plizyè moun alafwa. Sepandan, se sèlman 269 517 moun ki te batize antanke Temwen Jewova nan ane sa a.