Al gade sa k anndan l

“M fè sa m kapab”

“M fè sa m kapab”

 Irma prèske gen 90 an e li abite nan peyi Almay. Apre de gwo aksidan ak plizyè operasyon li te oblije fè, li vin pa kapab preche kay an kay jan li te konn fè anvan sa. Kounye a, pou l pale ak lòt moun de kwayans li, li ekri lèt voye bay fanmi l ak lòt kontak li genyen. Irma konn fè lèt pou l ankouraje moun e pou l konsole yo lè yo pèdi yon moun pwòch yo, e moun yo tèlman apresye lèt li yo, souvan yo konn rele l pou mande l ki lè pwochen lèt la ap vini. Li jwenn repons moun li ekri yo voye ba li pou di l mèsi e pou mande l kontinye ekri yo. Men sa Irma di: “Tout bagay sa yo fè kè m kontan e yo pèmèt mwen ret aktif nan domèn espirityèl.”

 Irma voye lèt bay moun k ap viv nan rezidans yo fè pou pran swen moun aje. Men sa li rakonte: “Gen yon dam aje ki te telefone m pou l di m jan lèt mwen an te ba l rekonfò apre lanmò mari l. Li di m li kenbe lèt la nan Bib li e souvan, li li l lè l pral kouche. Gen yon lòt dam mari l mouri tou dènyèman ki di m lèt mwen an te ede l plis pase diskou prèt la te fè nan jou antèman an. Dam sa a di m li gen anpil kesyon li ta renmen konn repons yo e li mande m si l te ka pase lakay mwen.”

 Lè youn nan moun Irma konn ekri yo ki pa Temwen Jewova t ap kite zòn nan pou l al abite yon lòt kote byen lwen, li te mande Irma pou li ekri l. Men sa Irma di: “Dam nan te kenbe tout lèt mwen te ekri l yo. Apre li mouri, gen yon pitit fi l ki rele m pou l di m li te li tout lèt yo tou e li mande m si m t ap dakò ekri menm kalite lèt sa yo ki pale de Bib la pou m voye ba li tou.”

 Irma vrèman apresye travay predikasyon an jan l fè l la. Men sa l di: “Mwen sipliye Jewova pou l ban m fòs pou m ka kontinye sèvi l. Se vre, m pa ka al preche kay an kay ankò, men m fè sa m kapab.”