Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Mwen te gen plis kesyon pase repons”

“Mwen te gen plis kesyon pase repons”
  • ANE LI FÈT: 1976

  • PEYI KOTE LI SOTI: Ondiras

  • ANVAN: Yon Pastè Legliz

VI MWEN T AP MENNEN

 Mwen fèt nan vil La Ceiba nan peyi Ondiras, m se dènye nan senk timoun e se sèl mwen ki gason. Se sèl mwen menm nan fanmi an ki soud. Mwen menm ak fanmi m t ap viv nan yon katye ki danjere e nou te pòv anpil. Bagay yo te vin pi mal pou nou apre papa m te mouri nan yon aksidan nan travay li lè m te gen anviwon katran.

 Manman m te fè tout sa l kapab pou l pran swen mwen menm ak sè m yo, men souvan li pa t gen ase lajan pou l achte rad pou mwen. Lè l te konn fè lapli, m te toujou frèt paske m pa t gen rad pou chofe m.

 Toutpandan m t ap grandi Ondiras, m te aprann lang siy Ondiras la, sa te ede m kominike ak lòt moun ki soud. Men, manman m ak sè m yo pa t pale lang siy, yo te ka sèlman fè kèk jès ak kèk siy pa yo pou yo kominike avè m. Sepandan, manman m te renmen m anpil e li te pwoteje m kont danje. Avèk ti siy li te konnen yo, li te di m pou m evite fimen ak bwè alkòl. Kòm rezilta, m rekonesan paske m pa t vin esklav bagay sa yo.

 Lè m te jèn, manman m te konn mennen m nan Legliz katolik, men m pa t konprann anyen paske pa t gen moun pou entèprete pou mwen. M te santi m raz, se sa k fè m te sispann ale legliz lè m te gen dizan. Men, m te toujou vle aprann plis bagay sou Bondye.

 An 1999, lè m te gen 23 an, m te rankontre yon dam ki soti Ozetazini ki te manm yon Legliz evanjelik. Li te fè kou sou Bib la pou mwen e li te aprann mwen Lang siy ameriken (ASL). M te tèlman renmen sa m t ap aprann sou Bib la, m te deside vin yon pastè. Donk, m t al rete Pòtoriko pou m al nan yon lekòl kretyen yo fè pou moun ki soud. Lè m te retounen La Ceiba an 2002, m te fè yon legliz pou moun soud grasa èd kèk zanmi m te ban mwen. Youn nan zanmi sa yo ki rele, Patricia, te vin madanm mwen.

 Antanke pastè nan legliz la, m te konn bay diskou nan lang siy, m te konn montre foto kèk istwa nan Bib la, e m te konn prezante istwa yo yon fason pou moun soud yo ka konprann. M te konn vizite moun soud k ap viv nan vil toupre yo pou m ankouraje yo e pou m ede yo ak pwoblèm yo. M te menm vwayaje antanke misyonè pou m al Ozetazini ak nan peyi Zanbi. Men an reyalite, m pa t konn twòp bagay sou Bib la. M te sèlman di yo sa lòt moun te konn di m ak sa m te konprann sou foto yo. Men, m te gen plis kesyon pase repons.

 Yon lè, kèk manm legliz la te kòmanse simaye manti sou mwen. Yo te di m se yon tafyatè e m te konn twonpe madanm mwen. M te desi e m te fache. Yon ti tan annapre, Patricia avè m te kite legliz la.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 Temwen Jewova yo te konn toujou vizite mwen menm ak Patricia, men nou pa t janm koute yo. Sepandan, apre nou te kite legliz la, Patricia te dakò etidye Labib ak yon koup Temwen Jewova ki rele Thomas ak Liccy. M te apresye yo paske menm lè yo pa soud, yo te konnen lang siy. Donk, sa pa t pran tan pou m te patisipe nan etid la ak Patricia.

 Pandan plizyè mwa nou te itilize videyo lang siy nan etid la. Men, lè kèk nan zanmi nou yo te di nou Temwen Jewova yo se moun k ap suiv lèzòm, nou te kanpe etid la. Byenke Thomas te montre m bonjan prèv Temwen Jewova yo pap suiv yon moun ki sou tè a, m pa t kwè l.

 Kèk mwa annapre, Patricia te fè yon gwo depresyon, li te priye Bondye pou Temwen yo retounen lakay li. Annapre, yon vwazen ki te yon Temwen Jewova te vizite Patricia e l te di l ap mande Liccy vizite l. Liccy te montre l se yon bon zanmi. Li te vizite Patricia chak semèn pou l ankouraje l e pou l etidye Bib la avè l. M te toujou gen dout sou Temwen Jewova yo.

 An 2012, Temwen Jewova yo te fè yon kanpay espesyal kote yo t ap ofri videyo Èske w ta renmen konn verite a? nan lang siy yo pale Ondiras la. Liccy te pote youn nan videyo yo pou nou. Lè m te gade l, m te sezi aprann plizyè nan doktrin m te konn anseye yo, tankou dife lanfè ak nanm ki pa ka mouri, pa t nan Bib la.

 Yon semèn annapre, m t al nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo pou m te pale ak Thomas. M te di l m te vle anseye moun soud verite ki nan Bib la, men pa antanke Temwen Jewova. M te panse fè legliz pa m pou moun soud. Thomas te felisite m, men li te montre m Efezyen 4:5, ki montre kongregasyon kretyen an dwe fè yon sèl.

 Thomas te ban m videyo Les Témoins de Jéhovah — La foi en action, 1re partie: La sortie des ténèbres nan lang siy ameriken. Videyo sa a montre fason yon gwoup gason te egzamine Bib la pou yo konprann verite de baz yo. Toutpandan m t ap gade videyo a, m te ka konprann fason mesye sa yo te santi yo. Menm jan avèk yo, m t ap chèche laverite. Videyo sa a te konvenk mwen Temwen yo t ap anseye laverite paske kwayans yo te baze sèlman sou Bib la. Donk, m te rekòmanse etid la, epi an 2014, mwen menm ak Patricia te batize antanke Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN

 M renmen kongregasyon Temwen Jewova yo paske li pwòp nan domèn moral, menm jan ak Bondye. Temwen yo pwòp nan fason yo pale ak nan fason yo boule ak youn lòt. Yo renmen fè lapè e yo ankouraje youn lòt. Temwen yo fè yon sèl, yo tout anseye menm verite ki nan Bib la nan kèlkeswa peyi y ap viv oswa kèlkeswa lang yo pale.

 M kontan aprann sa Bib la anseye toutbonvre. Pa egzanp, m te aprann Jewova se Dye Toupisan an, li menm ki souvren sou tout tè a. Li renmen ni moun ki soud ni moun ki pa soud. M bay lanmou Bondye genyen pou mwen an anpil valè. M te aprann tou tè a pral vin yon bèl paradi e nou gen posiblite pou n viv pou toutan san nou pa janm malad. Se pa ti tann m pa ka tann jou sa a!

 Mwen menm ak Patricia renmen pale ak lòt moun ki soud sou Bib la. Kounye a, n ap etidye Bib la ak plizyè manm nan ansyen legliz nou an. M pa gen dout ankò sou sa m ap anseye yo, jan m te genyen lè m te pastè a. Finalman, m jwenn repons kesyon mwen yo lefètke m t ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo.