Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Mwen pa esklav vyolans ankò”

“Mwen pa esklav vyolans ankò”
  • Ane li fèt: 1956

  • Peyi kote li soti: Kanada

  • Anvan: Li te desi ak lavi a, li te imoral e l te vyolan

VI MWEN T AP MENNEN

 Mwen fèt nan vil Kalgari, nan Albèta, nan peyi Kanada. Paran m yo te divòse lè m te toupiti, se sa k fè mwen menm ak manman m t al rete lakay paran manman m yo. Granparan m yo te renmen nou, e m te gen anpil kè kontan. Sa toujou fè m kontan lè m sonje bèl moman sa yo nan anfans mwen lè lavi a te bèl e l te pezib.

 Lè m te gen setan, manman m ak papa m te remarye. Nou t al viv Senlwi, nan Misouri, Ozetazini. Bagay yo te vin difisil pou mwen. Mwen te vin rann mwen kont papa m se yon moun ki brital. Pa egzanp, apre premye jou m nan nouvo lekòl mwen, papa m te vin aprann timoun yo te ban m kou e mwen pa t defann mwen. Sa te fè l fache anpil e l te ban m pi gwo kou pase timoun lekòl yo! Mwen te tire leson nan sa l te fè m nan, e malgre m te gen sèlman setan, mwen te kòmanse goumen ak lòt timoun.

 Move tanperaman papa m te fè manman m vin gen gwo san e yo te konn fè gwo kont toutan. Mwen te kòmanse bwè alkòl epi pran dwòg lè m te gen 11 an. Tikras pa tikras, mwen te vin pi vyolan e mwen te konn goumen ak moun nan lari souvan. Lè m te fini lekòl segondè, mwen te gentan yon moun ki vyolan anpil.

 Lè m te gen 18 an, mwen te vin antre nan lame, nan pati yo rele Marin, Ozetazini. Nan lame a, fòmasyon mwen te jwenn nan te fè l pi fasil pou mwen, yon moun vyolan, pou m touye moun. Apre senk an, mwen te kite lame a pou m al etidye sikoloji, paske m te vle jwenn yon travay nan Biwo federal envestigasyon, Ozetazini. Mwen te kòmanse etid mwen nan inivèsite Ozetazini, e m te kontinye yo lè m te retounen Kanada.

 Sa m te aprann nan inivèsite a te fè m pa gen konfyans nan pèsonn. M te wè jan moun yo egoyis, jan tout bagay nan monn nan te sanble san sans, e sanble pwoblèm lèzòm pa t gen solisyon. Mwen pa t kwè gen moun ki te ka amelyore monn nan.

 Piske m pa t gen okenn objektif nan lavi m, tout sa m te fè se te bwè alkòl, pran dwòg, epi kouri dèyè lajan ak sèks. Lavi m se te sot nan yon fèt al nan yon lòt, kouche ak tout fi m te jwenn. Fòmasyon m te jwenn nan lame a te fè m gen plis konfyans pou m goumen. M te panse mwen ka detèmine sa ki byen ak sa ki mal, donk, kèlkeswa moun mwen te panse ki te fè lòt moun enjistis, mwen te goumen avè l. An reyalite, mwen te vin esklav vyolans.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 Yon jou, pandan mwen menm ak yon zanmi m te nan sousòl lakay mwen, nou te fin pran dwòg e nou t ap prepare yon kantite mariwana pou nou voye al vann yon fason ilegal, zanmi m nan mande si m kwè nan Bondye. Mwen di l: “Si se Bondye ki responsab soufrans ki nan monn nan, mwen pa bezwen konnen l!” Nan demen, premye jou m nan yon nouvo travay, gen yon kòlèg travay la ki Temwen Jewova ki mande m: “Èske w panse se Bondye ki responsab soufrans ki gen nan monn nan?” Mwen te sezi tande kesyon l lan etandone nan lavèy mwen te pale sou sa ak zanmi m nan. Se sa k fè, mwen te vle konn plis. Pandan sis mwa, nou te gen anpil konvèsasyon e li te montre m repons Bib la bay pou kèk nan kesyon difisil mwen te konn poze sou lavi a.

 Nan epòk sa a, mwen te fiyanse e nou t ap viv ansanm men, fiyanse m nan pa t vle m pale sou sa m t ap aprann yo avè l. Yon jou dimanch, mwen di l mwen envite Temwen yo lakay la pou yo etidye Labib avèk nou. Nan demen, lè m sot travay, mwen wè l leve tout bagay nan kay la epi l ale, li kite m. Mwen te soti deyò epi m pran kriye. Mwen te priye Bondye tou, mwen te sipliye l pou I ede m. Se te premye fwa m te itilize non Bondye, Jewova, nan priyè m. — Sòm 83:18.

 De jou annapre, m te kòmanse etidye Labib ak yon koup Temwen nan liv ki rele Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis a a. Apre yo te fin ale, mwen te kontinye li liv la, e m te fin li l nan menm nuit la. Sa m te aprann sou Jewova ak Pitit Gason l lan, Jezi Kris, te touche kè m. Mwen te vin konprann Jewova gen konpasyon e lè n ap soufri, sa fè l soufri (Ezayi 63:9). Lanmou Bondye demontre pou mwen ak sakrifis pitit li a te fè pou mwen touche kè m anpil (1 Jan 4:10). Mwen te vin rann mwen kont Jewova te demontre pasyans pou mwen “paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Mwen te santi Jewova te vle m vin zanmi l. — Jan 6:44.

 Nan menm semèn nan, m te kòmanse asiste reyinyon yo fè nan kongregasyon an. Mwen te gen cheve long, mwen te gen zanno e m te gen yon aparans ki fè moun pè, men Temwen yo te trete m tankou yon fanmi yo pa t wè depi lontan. Yo te aji tankou vrè kretyen. M te santi se kòmsi m te retounen lakay granparan m yo, men yon kote ki pi bèl.

 Sa m te aprann nan Bib la te kòmanse chanje lavi m. Mwen te koupe cheve m, m te sispann tout pratik seksyèl imoral, mwen te sispann pran dwòg e m te sispann bwè alkòl (1 Korentyen 6:9, 10; 11:14). M te vle fè Jewova plezi. Donk, lè m te aprann li te rayi bagay mwen t ap fè yo, mwen pa t chèche eskiz. Okontrè, mwen te toujou santi kè m ap fann. Mwen te konn di tèt mwen: ‘Mwen pap janm fè sa ankò.’ San pèdi tan, mwen te fè efò pou m chanje fason m panse ak fason m aji. Kòm rezilta, mwen te kòmanse santi bagay yo ale pi byen pou mwen nan lavi m lè m te fè sa Jewova vle. Jou ki te 29 jiyè 1989 la, sis mwa apre m te aksepte premye etid Labib mwen an, m te batize antanke Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN

 Bib la ede m chanje pèsonalite m. Anvan sa, mwen te konn aji yon fason ki vyolan ak moun ki te mal boule avè m. Men, m fè anpil efò kounye a “pou [m] anpè ak tout moun”. (Women 12:18.) Se pa ak pwòp fòs pa m mwen rive chanje pèsonalite m, men, se grasa lespri sen Jewova ak pouvwa Pawòl li a genyen pou l chanje yon moun. — Galat 5:22, 23; Ebre 4:12.

 Mwen pa esklav dwòg, vyolans ak dezi imoral ankò, kounye a, mwen fè efò pou m fè Jewova plezi e pou m ba li sa m genyen ki pi bon an. Sa gen ladan l, ede lòt moun vin konnen l. Kèk ane apre m batize, mwen te deplase al nan yon lòt peyi kote yo te bezwen plis moun pou preche. Tank ane yo t ap pase, m te kontan anseye anpil moun e m te kontan wè fason Bib la te chanje lavi yo tou. M kontan tou paske manman m vin yon Temwen Jewova, e youn nan bagay ki te ankouraje l fè sa se bèl chanjman li te wè nan atitid mwen ak konduit mwen.

 An 1999, mwen te gradye nan lekòl yo rele kounye a Lekòl pou Evanjelizatè Wayòm nan, nan peyi Salvadò. Lekòl sa a ban m fòmasyon e li te prepare m pou m pran latèt nan travay predikasyon an, e pou m travay kòm ansyen nan kongregasyon an. Nan fen menm ane sa a, mwen te marye ak bèl madanm mwen an ki rele Eugenia. Nou toude ap sèvi antanke sèvitè aplentan nan peyi Gwatemala.

 Menmsi m te desi anpil ak lavi a, kounye a, mwen gen anpil kè kontan. Lefètke m te aplike sa m te aprann nan Bib la, mwen libere anba imoralite seksyèl ak vyolans, e sa pèmèt mwen mennen yon vi ki gen bonjan lanmou ak lapè.

a Kounye a Temwen Jewova yo plis itilize liv Viv ak kè kontan pou toutan an.