Al gade sa k anndan l

Li enterese nan lòt moun malgre li gen pwoblèm sante

Li enterese nan lòt moun malgre li gen pwoblèm sante

 Maria Lúcia, se moun Brezil, li soufri yon maladi yo rele sendwòm Usher. Se yon maladi moun fèt avè l ki lakòz anpil nan moun ki genyen l yo pa tande byen oswa yo vin soud oswa yo vin avèg. Maria Lúcia fèt tou soud e l te aprann lang siy lè l te piti. Apre sa, lè l te gen anviwon 30 an, li te kòmanse pa wè. Malgre pwoblèm sa yo, Maria Lúcia pa t mete tèt li apa. Kounye a, li gen plis pase 70 an, men l kontinye mennen yon vi ki gen sans e ki ba l kè kontan.

 Maria Lúcia te rankontre Temwen Jewova yo an 1977, anvan l te kòmanse pa wè. Men sa l di: “Mwen te rankontre yon ansyen kamarad lekòl ki rele Adriano ki pa t gen lontan depi l te vin Temwen Jewova. Li te pale m de pwomès Bondye fè pou tè a vin yon paradi kote tout moun ap gen yon sante ki pafè. Sa l te di m yo te tèlman gen efè sou mwen, sa te fè m aksepte etidye Labib. Anvan lontan, mwen te kòmanse asiste reyinyon ak yon kongregasyon nan Rio de Janeiro, kote yo te konn entèprete kèk nan reyinyon yo nan lang siy. Grasa èd Jewova, mwen te fè pwogrè e m te batize an jiyè 1978.”

 Apre yon ti tan, Maria Lúcia te deplase al nan yon kongregasyon kote pa t gen Temwen ki konn lang siy. Okòmansman, sa te difisil, paske li pa t kapab konprann sa yo t ap di nan reyinyon yo. Gen de Temwen ki te ede l. Medam yo te konn chita avè l nan reyinyon yo e yo te ekri sa ki te di nan reyinyon yo pou li. Maria Lúcia di: “Lè m rive lakay, mwen te kapab pran san m pou m li nòt yo te pran yo plizyè fwa pou jis mwen konprann sa ki te ekri yo. Annapre, de sè sa yo te aprann lang siy e yo te konn entèprete reyinyon yo pou mwen.”

 Kòm vizyon Maria Lúcia t ap vin pi mal, li pa t kapab wè siy sè yo t ap fè yo ankò. Li te vin oblije fè yon lòt bagay. Men sa l di: “Mwen te mete men m sou men moun k ap entèprete a. Konsa, mwen ka rive konn ki siy li fè.”

 Maria Lúcia gen rekonesans pou travay moun ki entèprete pou li yo fè. Li di: “Yo se kado ki gen anpil valè Jewova ban mwen. Grasa èd yo ban mwen, mwen kapab pwofite reyinyon kongregasyon an, asanble yo ak kongrè yo.”

 Maria Lúcia toujou aktif nan travay predikasyon an. Pou l kominike ak lòt moun soud, li mete men l sou men yo pou l ka konprann siy y ap fè yo. Yo toujou kontan wè tout efò li fè pou l rive fè yo jwenn bon nouvèl la. Pandan pandemi COVID-19 la, Maria Lúcia te ekri plizyè lèt voye bay moun ki soud. José Antônio, yon ti frè l ki soud e ki avèg tou, te ede l. a

 Ki jan l rive fè sa? Li di: “Mwen sèvi ak yon moso plastic plat ki gen fòm yon L. Sa ede m ekri dwat e m rive gen diferan paragraf. José Antônio gen yon trè bon memwa. Li pwopoze m yon sijè ak vèsè biblik ki mache ak sijè a, e mwen mete yo nan lèt la. Mwen eseye ekri yon fason pou moun soud yo ka konprann. Se pa tout moun soud ki alèz nan lekti.”

 Byenke Maria Lúcia avèg nèt kounye a, li toujou travay di. Men sa Karoline, youn nan sè ki entèprete pou li yo, di: “Maria Lúcia fè tout travay nan kay li e kay la pwòp, tout bagay annòd. Li renmen prepare manje pou l pataje ak zanmi l.”

 Jefferson, youn nan ansyen nan kongregasyon Maria Lúcia, di: “Maria Lúcia renmen Jewova anpil. E li renmen moun. Li toujou ap fè yon seri bagay pou ede lòt moun. Li vrèman enterese nan lòt moun.” — Filipyen 2:4.

a José Antônio te vin Temwen Jewova apre Maria Lúcia, li te batize an 2003. Menm jan ak Maria Lúcia, li te fèt tou soud e l te vin avèg pi devan.