Al gade sa k anndan l

Sa gen 50 an depi y ap fè rekòt nan fèm Watchtower a

Sa gen 50 an depi y ap fè rekòt nan fèm Watchtower a

Gen yon fèm ki jwe yon wòl enpòtan nan travay ansèyman biblik Temwen Jewova yo ap fè nan lemonnantye a ki twouve l nan anviwon 145 kilomèt nan nò vil Nouyòk, toupre yon ti bouk nan Nouyòk ki rele Wòlkil. Sa gen anviwon 50 an depi yo te achte premye fèm tout moun rele jodi a fèm Watchtower a. Yo te achte l nan dat 2 janvye 1963.

David Walker, ki se youn nan Temwen Jewova k ap travay Wòlkil depi okòmansman, esplike rezon ki fè yo te achte fèm sa a, men sa l di: “Temwen Jewova ki nan syèj mondyal la, nan Bwouklin, Nouyòk, t ap ogmante, e nou te bezwen ba yo manje san nou pa t depanse anpil kòb pou sa. Lòt fèm Temwen Jewova yo te itilize a twouve l nan zòn anwo nan Nouyòk e pou yon moun sot Nouyòk pou l ale la l ap fè ant sis a uit èdtan nan wout. Poutan, yon moun te ka fè dezèdtan sèlman nan wout pou l al Wòlkil. Se sa k fè l te yon kote ki te vrèman apwopriye.” Finalman, Temwen Jewova yo itilize fèm sa a pou yo ka fè plis fwi ak legim e yo te fè elvaj poul, kochon ak bèf e yo te pwodui bagay ki fèt ak lèt tou. Tank tan ap pase, yo te vin ajoute lòt fèm ankò.

Yon dizèn ane annapre, akwasman ki vin egziste pami Temwen Jewova yo vin fè yo agrandi Wòlkil. Nou pa t fè rekòt nan sans literal sèlman men tou nou te kòmanse pwodui piblikasyon ki t apral kontribye nan rekòt senbolik Jezi te pale a (Mat. 9:37; Lik 10:2; Jan 4:35, 36). Ann fè yon ti pale sou kèk travay ki te fèt nan Wòlkil.

Enprimri: Pandan mwatye 20èm syèk la, yo pwodui pifò nan piblikasyon ki baze sou Bib la nan enprimri ki nan Bwouklin, Nouyòk la. Men, tank te gen demann pou plis piblikasyon, enprimri Bwouklin nan te vin twò piti. Se sa k fè, nan ane 1973, Temwen Jewova yo te fin konstwi yon lòt enprimri nan Wòlkil. Depi lè sa a, pandan plizyè fwa, yo te fè plizyè agrandisman nan bilding yo te konn enprime piblikasyon yo, e an 2004 yo te fè yon dènye agrandisman.

Enfòmatik: Nan ane 1979, yon gwoup Temwen Jewova nan Wòlkil te kòmanse fè yon pwogram, ki rele MEPS (Multilanguage Electronic Publishing System). Grasa zouti sa a, yo pwodui piblikasyon ki baze sou Labib nan plis pase 600 lang.

Ansèyman: Nan ane 1988, yo te deplase lekòl biblik Galaad la nan Bwouklin yo te vin mete l Wòlkil, e premye klas lekòl la te fèt 17 oktòb nan menm ane a. Annapre, apati mwa avril 1995, yo te vin mete Lekòl la nan sant edikasyon ki nan Patèsonn, nan Nouyòk.

Menm jan ak lòt fèm, pandan senk ane ki te pase yo, metòd ak fason yo òganize fèm Watchtower a te chanje. Sa vle di, yo fè gwo efò pou yo bay Temwen Jewova ki nan Betèl peyi Etazini yo manje.

Kounye a, Temwen Jewova yo ap fè nouvo konstriksyon pou biwo, chanm akouche ak atelye nan Wòlkil. Anplis de sa, y ap fè renovasyon nan bilding ki te la deja yo. Tout travay sa yo pral pèmèt fèm Watchtower a kontinye konble bezwen espirityèl plis moun toujou k ap vin mete sou kantite Temwen Jewova ki deja egziste nan zòn sa a ki nan monn nan.

Men sa David Walker, nou te pale de li pi wo a, di: “Pandan 50 ane ki sot pase yo, m te kontan anpil lè m t ap gade jan ti enstalasyon Wòlkil yo te vin agrandi e jan yo te kontribye nan efò n ap fè pou nou anseye moun tout kote sou tè a mesaj ki nan Bib la.”