Kreyòl ayisyen
Esplikasyon sou Pwovèb 17:17 — “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan”
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/502300100/univ/art/502300100_univ_sqr_xl.jpg
ijwbv atik 60

Esplikasyon sou kèk vèsè

Pwovèb 17:17 — “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan”

Pwovèb 17:17 — “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan”

“Yon bon zanmi demontre lanmou toutan. E li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17, Labib — Tradiksyon monn nouvo a.

“Yon bon zanmi p’ap janm trayi. Jou malè l’ap tankou yon frè pou ou.” — Pwovèb 17:17, Bib la.

Sa Pwovèb 17:17 vle di

 Yon Bon zanmi se yon moun ou ka fè konfyans. Menm jan ak frè ak sè ki pwòch youn ak lòt, yo fidèl e yo gen sousi pou ou, sitou nan moman difisil.

 “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan.” Men yon lòt fason yo ka tradui fraz sa a: “Zanmi toujou demontre lanmou.” Mo ebre yo mete “lanmou” pou li nan fraz sa a vle di plis pase santiman yon moun genyen pou yon lòt moun. Se yon lanmou yon moun demontre pou yon lòt moun pa mwayen aksyon l (1 Korentyen 13:4-7). Zanmi ki gen yon lanmou konsa youn pou lòt rete fidèl lè gen bagay ki rive ki te ka kraze amitye a, tankou lè youn mal konprann lòt oswa lè lavi a ap malmennen yo. Youn padone lòt ak tout kè (Pwovèb 10:12). Yon zanmi pa anvye sò zanmi l lè bagay yo mache byen pou zanmi an. Olye de sa, li kontan pou li. — Women 12:15.

 “Yon bon zanmi […] se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” Pwovèb sa a chita sou ide frè ak sè nan menm fanmi kapab pwòch anpil youn ak lòt. Se sa k fè, lè nou fè tout sa n kapab pou n ede yon zanmi k ap pase yon moman difisil, nou fè egzakteman sa yon frè l oswa yon sè l toutbon t ap fè pou li. Anplis de sa, pwoblèm pap rive kraze amitye de zanmi ki gen yon lyen konsa. Olye de sa, pwoblèm yo fè vin gen yo vin gen plis lanmou ak respè youn pou lòt.

Kontèks Pwovèb 17:17

 Liv Pwovèb la gen anpil gwo panse ladan l ki tou kout, men ki fè yon moun reflechi. Wa Salomon ekri yon bon pati nan liv sa a ki nan Bib la. Li ekri nan stil lang ebre a fè pwezi: olye li sèvi ak pawòl ki fini menm jan, li sèvi ak pawòl ki mache ansanm oubyen ki kontrè ak lòt. Pa egzanp, Pwovèb 17:17 se yon pwezi kote pawòl yo mache ansanm, dezyèm pati vèsè bay plis detay sou premye pati a. Pwovèb 18:24 li menm se yon egzanp kote pawòl yo kontrè youn ak lòt. Li di: “Gen zanmi ki prèt pou kraze youn lòt, men, gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè.”

 Li posib pou lè Salomon t ap ekri Pwovèb 17:17 la, li t ap panse ak zanmitay ki te genyen ant David, papa l, ak Jonatan ki te pitit wa Sayil (1 Samyèl 13:16; 18:1; 19:1-3; 20:30-34, 41, 42; 23:16-18). Menm lè David ak Jonatan pa t nan menm fanmi, yo te gen pi bon relasyon antre yo pase frè ki nan menm fanmi. Jonatan te menm riske vi l pou zanmi l, David, ki te jèn lè sa a a.

Jan lòt tradiksyon tradui Pwovèb 17:17

 “Yon zanmi toujou demontre lanmou e l vin tankou yon frè lè gen pwoblèm.” — The Bible in Basic English.

 “Yon zanmi toujou yon zanmi, li se yon frè ki fèt pou lè gen tètchaje.” — The Moffatt Translation of the Bible.

 “Yon zanmi montre li se yon zanmi toutan — se pou tètchaje yon frè [konsa] fèt.” — The Complete Jewish Study Bible.

 Gade yon ti videyo tou kout ki bay yon apèsi sou liv Pwovèb la.