Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Pat estrawòdinè chatwouj la genyen yo

Pat estrawòdinè chatwouj la genyen yo

 Enjenyè k ap fè wobo yo ap chèche fabrike yon seri ekipman ki pral ede doktè yo fè operasyon kote ki pa gen anpil espas lib nan kò a san yo pa bezwen dekoupe twòp pati kote y ap opere moun nan. Gen yon envansyon yo reyisi fè, se kopye yo kopye sou fason bra bèt yo rele chatwouj la fleksib.

 Fè yon ti reflechi: Chatwouj la ka kenbe e li ka peze nenpòt objè grasa uit bra li genyen yo, yo konn rele bra sa yo tantakil tou, paske li ka lonje yo oswa bouje yo nan sans li vle a, menmsi se nan yon ti espas li ye. Chatwouj la pa sèlman ka lonje bra li yo nan nenpòt direksyon li vle men tou, li kapab gonfle yon pati ladan yo si l ta bezwen gen plis fòs nan pati sa a nan bra l yo.

 Moun k ap fè rechèch yo wè si yo ta kapab fè yon wobo ki fleksib e ki mou menm jan an, sa t ap itil anpil pou fè operasyon sou moun san yo pa bezwen fann moun nan twòp nan pati y ap opere a. Kalite ekipman sa yo t ap pèmèt pou yo opere malad yo pi fasil, san se pa yon operasyon konplike yo ta bezwen fè.

 Gade jan chatwouj la kapab bouje bra li yo nan tout direksyon byen fasil.

 Moun k ap fè rechèch yo reyisi fè yon wobo ki fonksyone tankou bra sa yo e y ap fè tès avè l pou yo wè kòman li kapab ede fè yon operasyon. Nan bra sa a ki mezire 13,5 santimèt longè, gen yon pati ki kapab leve yon ògàn anndan kò moun nan san l pa domaje l, pandan yon lòt pati nan bra a ap fè operasyon an. Men sa Tommaso Ranzani, ki gen yon doktora nan domèn fè wobo, e ki te fè pati gwoup ki devlope ekipman sa a, di: “Yo panse ekipman sa a se kòmansman yon seri ekipman k ap vin pi pèfeksyone nan vèsyon k ap vini yo grasa amelyorasyon yo pral fè yo.”

Yon wobo ki fleksib e ki mou menm jan ak bra chatwouj la t ap itil anpil pou fè operasyon sou moun.

 Ki sa w panse? Èske bra bèt yo rele chatwouj la egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?