Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Fason estrawòdinè po bèt yo rele konkonm lanmè a ye

Fason estrawòdinè po bèt yo rele konkonm lanmè a ye

 Konkonm lanmè a se yon bèt k ap viv nan fon lanmè ak sou resif koray yo. Po yo kapab vin tankou yon bagay ki gen yon seri grenn, douk oswa menm pikan. Kò l tèlman fleksib, li kapab vin mou tankou pat moun fè pen oswa li kapab vin di tankou yon bout bwa nan kèk minit sèlman oubyen menm nan kèk segonn. Kapasite sa a konkonm lanmè a genyen an pèmèt li glise kò l nan ti espas li jwenn nan resif yo epi li fè kò l vin di yon fason pou bèt ki bezwen manje l pa ka rale l soti. Kapasite sa a konkonm lanmè a genyen an soti nan fason estrawòdinè po l fèt.

 Fè yon ti reflechi: Po konkonm lanmè a kapab vin twa fason. Li ka vin di, li ka vin plizoumwen di e l ka vin mou. Pou konkonm lanmè a ka chanje de yon etap ak yon lòt etap konsa, se swa li konekte oswa dekonekte yon seri ti eleman nan po l ki rele fib. Konsa, pou l ka fè po l vin di oswa mou, li sèvi ak diferan pwoteyin nan kò l.

 Diferan pwoteyin ki fè po l vin di a fòme plizyè ti pon oswa plizyè ti chenn ant fib yo ak tisi li gen nan kò l yo, sa ki pèmèt po a vin pi di. E diferan lòt pwoteyin ki fè po l vin mou an dekonekte fib ki nan po l yo, sa ki pèmèt po a vin pi mou. Po konkonm lanmè a kapab vin tèlman mou, yon moun ka panse se fonn l ap fonn tankou glas.

 Syantifik yo ap eseye fè yon seri materyo ki kapab gen menm kapasite ak po konkonm lanmè a. Youn nan objektif yo genyen se rive fabrike plizyè sikui elektrik byen solid, yon fason pou yo ka enstale sikui yo nan sèvo moun y ap opere, men ki kapab vin mou nan tèt la apre operasyon an fin fèt. Si sikui elektrik yo gen kapasite sa, ap gen plis posibilite pou yo rive reyisi operasyon an.

 Ki sa w panse? Fason estrawòdinè po bèt yo rele konkonm lanmè a fèt la egziste grasa evolisyon oswa se fè yo te fè l avè l?