Al gade sa k anndan l

ANNOU IMITE LAFWA YO | ELI

Li te andire jiska lafen

Li te andire jiska lafen

 Eli aprann wa Ahab mouri. Nou ka imajine pwofèt la, ki aje, k ap reflechi, je l ap gade byen lwen, l ap sonje tout ane kote li te annafè ak wa mechan sa a. Eli te sibi anpil pèsekisyon! Li te jwenn menas, li te nan mawon e wa Ahab ak madanm li Jezabèl te menm manke touye l. Wa a pa t fè anyen pou l te anpeche Jezabèl bay lòd touye plizyè pwofèt Jewova. Ahab ak madanm li te fè plan e yo te touye Nabòt, yon moun ki jis, ansanm ak pitit gason l yo pou yo te ka satisfè anbisyon yo. Poutèt sa, Eli te pote bay Ahab mesaj jijman Jewova a, pou li menm ansanm ak tout wayòm li an. Kounye a, Pawòl Bondye a te reyalize. Ahab te mouri jan Jewova te di li t ap mouri a. — 1 Wa 18:4; 21:1-26; 22:37, 38; 2 Wa 9:26.

 Sepandan, Eli konnen li te dwe kontinye andire. Jezabèl te toujou vivan, e li te toujou gen gwo enfliyans sou fanmi l e sou pèp la tou. Eli t ap vin fè fas ak plis pwoblèm, e l te gen anpil bagay pou l anseye Elize, konpayon l lan ki t ap gen pou ranplase l. Kounye a, ann egzamine twa dènye asiyasyon Eli te resevwa yo. Toutpandan n ap wè jan lafwa Eli te pèmèt li andire, n ap ka wè pi byen fason pou n fòtifye lafwa nou nan moman difisil n ap viv jodi a.

Jijman Ahazya a

 Ahazya, pitit gason Ahab ak Jezabèl la, te vin wa ann Izrayèl. Olye l te aprann nan erè paran l yo te fè, li te pran menm move wout avèk yo (1 Wa 22:52). Menm jan avèk yo, Ahazya te adore Baal. Relijyon sa a te fè moun yo fè tout sa ki pa bon, li te ankouraje pwostitisyon nan tanp lan ak sakrifis timoun. Èske gen yon bagay ki t ap ka fè Ahazya chanje epi fè pèp la retounen vin suiv Jewova?

 Sanzatann, gen yon malè ki te rive jèn wa sa a. Li te tonbe nan yon twou ki te nan chanm sou tèt kay li a epi li te blese grav. Aktout lavi l te menase, li pa t tounen vin jwenn Jewova pou l jwenn èd. Olye de sa, li te voye moun al nan vil Ekwon, yon vil ki te pou ènmi l yo, pou yo mande Baalzeboub, dye Filisten yo, si te gen espwa pou l geri. Jewova te vin bouke avè l. Li te voye yon zanj kot Eli pou l di Eli al rankontre mesaje yo. Pwofèt la te voye yo tounen kot wa a ak yon move nouvèl. Ahazya te fè yon peche grav paske li te aji kòmsi Izrayèl pa t gen Dye. Jewova te deside Ahazya pa t ap janm leve sou kabann li te kouche a. — 2 Wa 1:2-4.

 Men sa Ahazya te mande: “Mesye ki te vin rankontre nou an e ki di nou pawòl sa yo, esplike m ki jan l te ye?” Mesaje yo te ba l deskripsyon rad ki te sou li a, yon rad byen senp pwofèt yo te konn mete sou yo, epi menm kote a Ahazya di: “Se Eli.” (2 Wa 1:7, 8). Sa enteresan pou n wè fason senp Eli te viv ak fason l te konsantre sou sèvis li a te pèmèt moun rekonèt li byen fasil grasa rad senp li te gen sou li a. Men, nou pa ka di sa pou Ahazya ak paran li yo, ki te ava dèyè bagay materyèl. Egzanp Eli a ede n suiv konsèy Jezi te bay la pou n mennen yon vi ki senp, lè n fikse je n sou bagay ki pi enpòtan yo. — Matye 6:22-24.

 Ahazya te tèlman vle vanje tèt li, li te voye yon chèf ki te alatèt 50 sòlda al arete Eli. Lè yo jwenn Eli “chita sou tèt mòn nan” a chèf lame a pale avè l byen di nan non wa a pou mande l “desann”, konsa yo t ap tou al avè l pou yo touye l. Imajine sa! Aktout yo te konnen Eli se te “sèvitè vrè Dye a”, sòlda sa yo te panse yo te gen dwa fè l pè epi menase l. Se pa ti erè yo te fè! Eli te reponn chèf lame a: “Enben, si m se yon sèvitè Bondye, se pou dife sot nan syèl la li kankannen ni ou menm ni 50 sòlda ki sou lòd ou yo.” Epi Bondye te fè sa vre, “dife sot nan syèl la, li kankannen ni chèf la ni 50 sòlda ki te sou lòd li yo.” (2 Wa 1:9, 10). Fason terib sòlda sa yo te mouri a fè n sonje Jewova pa pran alalejè lè moun derespekte sèvitè li yo, lè yo manke yo dega epi lè yo menase yo. — 1 Kwonik 16:21, 22.

 Ahazya te voye ankò yon chèf ki te alatèt 50 lòt gason. Dezyèm chèf la te pi ensousyan pase premye a. Li pa t aprann anyen nan lanmò 51 mesye ki te mouri anvan l yo, aktout li posib pou l te wè rès kò yo sou wout la. Epi, nonsèlman li te rele sou Eli pou di l “desann” menm jan premye chèf la te fè sa men anplis, li te di l “fè vit”! Ala sòt li te sòt! Se sa k fè li menm ak mesye l yo te mouri menm jan ak premye gwoup la. Wa a li menm te pi mal toujou. Kòmsi sa pa t di l anyen, li te voye yon lòt gwoup sòlda ankò. Erezman twazyèm chèf la li menm te pi saj. Avèk imilite, li te mande Eli pou l gen pitye pou li menm ak sòlda l yo. Eli, sèvitè Bondye a, te fè chèf la gras akoz imilite li te genyen an, jan Jewova konn fè sa. Zanj Jewova a te di Eli pou l te ale ak sòlda yo. Eli te fè sa, epi li te repete jijman Jewova te anonse pou wa a. Ahazya te mouri jan Jewova te di sa. Li te dirije pandan dezan sèlman. — 2 Wa 1:11-17.

Eli te fè chèf la gras akoz imilite li te genyen, jan Jewova konn fè sa.

 Ki jan Eli te fè andire aktout moun toutotou l yo te gen tèt di e yo te rebèl? Kesyon sa a enpòtan pou nou jodi a, pa vre? Èske sa pa janm rive w pou w fache paske yon moun ou renmen refize tande lè yo pale avè l epi li kontinye aji mal? Ki jan n ka reyaji lè n jwenn desepsyon konsa? Yon bagay ki ka ede nou, se lè nou sonje kote sòlda yo te jwenn Eli a, sa vle di “sou tèt mòn nan”. Nou pa fin konnen ki rezon ki fè Eli te la, men sa nou konnen, antanke moun ki te konn priye anpil, li te twouve kote sa a te pèmèt li rete poukont li e l te ba l bonjan posiblite pou l pwoche kot Bondye li renmen an (Jak 5:16-18). Menm jan an tou, nou ka kreye tan pou n rete poukont nou ak Bondye, pou n site non l lè n ap pale avè l epi pou nou di l ki pwoblèm ak enkyetid nou genyen. Sa ap pèmèt nou gen andirans lè moun ki antoure n yo montre yo ensousyan e y ap aji yon fason k ap mennen yo nan malè.

Li bay rad pwofèt li a

 Moman an te rive pou Eli te kite asiyasyon li te genyen an. Gade ki sa li te fè. Pandan li menm ak Elize t ap kite vil Gilgal, Eli te mande Elize pou l tann li la, pandan l t apral Betèl ki te nan yon distans 11 kilomèt poukont li. Elize te reponn li byen fèm: “Menm jan li klè Jewova vivan e menm jan li klè ou vivan, mwen fè sèman mwen pap kite w.” Apre yo te fin rive Betèl, Eli te fè Elize konnen li t apral Jeriko ki te nan yon distans 22 kilomèt poukont li. Elize te reponn menm jan ak anvan. Lè yo rive Jeriko, nan yon distans 8 kilomèt anvan yo travèse Rivyè Jouden an, Eli te di menm bagay la pou twazyèm fwa. Elize te fè konnen yon lòt fwa ankò li pap kite Eli. — 2 Wa 2:1-6.

 Elize te montre li gen lanmou fidèl, yon kalite ki enpòtan anpil. Se menm lanmou sa Rit te gen pou Nawomi, yon lanmou ki vrèman atachan e ki pa bay vag fasil (Rit 1:15, 16). Tout sèvitè Bondye yo bezwen kalite sa jodi a plis pase anvan sa. Èske nou wè enpòtans kalite sa a menm jan ak Elize?

 Pa gen dout lanmou fidèl Elize te genyen an te touche Eli. Grasa sa, Elize te gen privilèj pou l wè dènye mirak Eli t apral fè a. Sa te rive nan Rivyè Jouden an, ki konn vin fò epi ki konn fon kèk kote. Eli te fann dlo a ak rad ki te sou li a. Dlo a te fann de bò! Te gen “50 nan pwofèt yo” ki t ap gade tou, petèt yo te fè pati yon gwoup mesye ki t ap pran fòmasyon pou pran latèt nan vrè adorasyon an (2 Wa 2:7, 8). Sanble se Eli ki t ap bay fòmasyon sa a. Te gen yon epòk, li te santi se sèl li menm antanke fidèl ki te rete nan peyi a. Men, Jewova te rekonpanse andirans Eli te demontre a. Li te pèmèt li wè plis moun vin pran pozisyon pou vrè adorasyon an. — 1 Wa 19:10.

 Apre yo te fin travèse Rivyè Jouden an, Eli te mande Elize: “Di m ki sa w ta renmen m fè pou ou anvan Bondye pran m bò kote w la.” Eli te konnen lè pou l ale a te rive. Li pa t jalou pou privilèj jèn zanmi l la t apral resevwa yo ak onè li t apral jwenn annapre. Men, Eli te chofe pou l ede l toutotan li te kapab. Elize te jis mande l: “Tanpri, èske m ka jwenn de pòsyon nan lespri Bondye ba ou a?” (2 Wa 2:9). Li pa t mande pou l te gen de fwa kantite lespri sen Eli te genyen an. Men li t ap mande l yon eritaj ki sanble ak sa yon premye pitit gason konn resevwa, jan Lalwa te di sa, pou l te ka ranpli responsablite l antanke chèf fanmi (Detewonòm 21:17). Antanke moun ki t apral ranplase Eli, Elize te konprann li t ap bezwen kouraj Eli te genyen an pou l fè travay la.

 Avèk imilite, Eli te kite repons lan nan men Jewova. Si Jewova te pèmèt Elize wè Eli lè l t aprale a, sa t ap vle di Jewova dakò. Epi apre sa, pandan de zanmi yo t ap mache kòtakòt, “yo t ap pale”, gen yon bagay estrawòdinè ki te rive! — 2 Wa 2:10, 11.

Bèl amitye Eli ak Elize te genyen an te ede yo nan difikilte yo te rankontre.

 Gen yon gwo limyè ki te sot nan syèl la e ki t ap pwoche. Nou ka imajine gen yon gwo bri ki fèt e gen yon bagay klere ki t ap vin sou mesye yo, li te oblije yo separe, epi petèt yo te fè bak, tèlman yo te sezi. Yo te wè yon charyo ki tankou dife. Eli te konnen moman pa l la te rive. Èske l te leve pye l pou l monte sou charyo a? Istwa a pa di nou. Sa nou konnen, li te kite yo monte avè l byen wo nan syèl la nan yon van tanpèt.

 Elize t ap gade, bouch ouvè. Li te konnen Jewova t ap ba l “de pòsyon” nan lespri Eli te genyen an, yon lespri ki t ap ba l kouraj, paske Jewova te pèmèt li wè bagay sa yo. Men, Elize te twò tris pou l reflechi sou sa. Li pa t konnen kote vye zanmi l lan t aprale, e sanble li pa t espere wè Eli ankò. Li di byen fò: “Papa, papa! Gade charyo Izrayèl la ak kavalye Izrayèl yo!” Li t ap gade pandan mèt li a t ap disparèt, apre sa li te chire rad li yo epi l tonbe kriye. — 2 Wa 2:12.

 Èske Eli te tande rèl zanmi l lan pandan l t ap monte nan syèl la, èske l te kriye li menm tou? Antouka, li te konnen zanmi sa a te ede l andire kèk nan moman difisil li te rankontre. Nou ka suiv egzanp Eli a lè nou chèche fè zanmi ak moun ki renmen Bondye e ki vle fè volonte l!

Jewova te chanje pwofèt li a asiyasyon.

Dènye asiyasyon an

 Ki kote Eli te ale? Gen relijyon ki fè kwè li t al viv nan syèl ak Bondye. Men sa enposib. Kèk syèk annapre, Jezi te fè konnen pa gen moun ki te monte nan syèl la anvan l (Jan 3:13). Donk lè nou li “Eli monte nan syèl la nan yon van tanpèt”, nou dwe chèche konnen nan ki syèl (2 Wa 2:11). Bib la itilize mo “syèl” la pou l pale de kote Jewova ap viv la men tou, pou pati anlè tè a, nan atmosfè a kote zwazo yo vole (Sòm 147:8). Se nan pati sa a, nan syèl la Eli te ale. Men, ki sa ki te pase apre sa?

 Jewova te sèlman chanje pwofèt li a asiyasyon, li voye l toupre wayòm Jida a. Bib la pale de travay Eli te akonpli nan zòn nan, petèt setan apre. Se Jeworam, yon wa ki mechan, ki t ap dirije. Jeworam te marye ak pitit fi Ahab te gen ak Jezabèl la, donk moun te ka toujou wè move efè vye aksyon mesyedam sa yo. Jewova te mande Eli pou l ekri yon lèt kondanasyon pou jije Jeworam. Jan sa te anonse a, Jeworam te mouri mal. Sa ki pi mal la, istwa a di: “Pèsonn pa t regret li lè l te mouri.” — 2 Kwonik 21:12-20.

 Sa te diferan nèt pou Eli! Nou pa konn ki lè e ki fason Eli te mouri. Men nou konnen li pa t mouri menm jan ak Jeworam, ki pa t gen pèsonn ki te regrèt li te mouri. Elize te sonje zanmi l lan. Se sèten, lòt pwofèt yo dwe te sonje l tou. Jewova li menm te pale an byen de Eli anviwon 1000 an apre, paske li te sèvi ak imaj pwofèt la nan yon vizyon (Matye 17:1-9). Èske w vle suiv egzanp Eli a pou w devlope yon lafwa k ap pèmèt ou andire anba eprèv yo? Pa bliye fè zanmi ak moun ki renmen Bondye, rete konsantre sou bagay espirityèl yo epi priye ak tout kè w. Nou swete pou w toujou kenbe plas ou nan kè Jewova ki plen lanmou!

a Gen kèk moun ki fè rechèch sou Bib la ki panse mòn y ap pale de li a se te Mòn Kamèl, kote Bondye te bay Eli pouvwa pou l te detwi pwofèt Baal yo kèk ane anvan sa. Men, Bib la pa di sou ki mòn Eli te ye a.