Al gade sa k anndan l

Ki lè Bondye te kòmanse kreye linivè a?

Ki lè Bondye te kòmanse kreye linivè a?

Repons Bib la bay

 Bib la pa di ki lè Bondye te kòmanse kreye linivè a, ni konbyen tan sa te pran pou l kreye l. Bib la sèlman di: “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” ​(Jenèz 1:1). Li pa di ki lè “Okòmansman” an te ye. Men, jan nou wè sa nan liv Jenèz la, okòmansman an se te anvan sis peryòd, oswa “jou” Bondye te fè ap kreye a.

 Èske sis jou kreyasyon yo se te jou ki te dire 24 èdtan?

 Non. Lè yo itilize mo “jou” a nan Bib la, li pa fòseman vle di yon peryòd ki dire 24 èdtan. Selon kontèks la, mo “jou” a ka vle di yon peryòd ki dire plis tan. Pa egzanp, yon lòt vèsè dekri tout peryòd Bondye te fè ap kreye a kòm yon sèl jou. — Jenèz 2:4.

 Ki sa ki te pase pandan sis jou kreyasyon yo?

 Bondye te fè tè a ‘ki te vid e ki te san fòm’ vin tounen yon kote moun, bèt ak plant te kapab viv (Jenèz 1:2). Apre sa, li te kreye lavi sou tè a. Bib la fè n konnen diferan evènman ki te pase yo pandan sis jou Bondye te fè ap kreye yo:

  •  1ye Jou: Bondye te fè gen limyè sou tè a, konsa te vin gen lajounen ak lannuit. — Jenèz 1:3-5.

  •  2yèm Jou: Bondye te fè gen yon separasyon, oswa yon espas ant dlo ki te sou tè a ak dlo ki te anlè espas la. — Jenèz 1:6-8.

  •  3yèm Jou: Bondye te fè tè sèk vin parèt. Li te kreye plant ak pyebwa. — Jenèz 1:9-13.

  •  4yèm Jou: Bondye te fè solèy la, lalin nan ak zetwal yo parèt pou yo klere tè a. — Jenèz 1:14-19.

  •  5yèm Jou: Bondye te kreye bèt nan dlo ak bèt k ap vole nan syèl la. — Jenèz 1:20-23.

  •  6yèm Jou: Bondye te kreye bèt ak moun sou tè a. — Jenèz 1:24-31.

 Apre sizyèm jou a, Bondye te pran repo nan tout travay li te fè yo, sa vle di li te sispann kreye. — Jenèz 2:1, 2.

 Èske sa liv Jenèz la di egzak nan domèn syantifik?

 Sa nou li nan Bib la konsènan kreyasyon monn nan pa fòseman bay detay syantifik sou fason tout bagay te vin egziste. Olye de sa, Bib la esplike kreyasyon an yon fason senp, konsa menm moun ki t ap li Bib la nan tan lontan yo t ap ka konprann etap Bondye te itilize yo pou l kreye tout bagay. Sa Bib la di sou kreyasyon an pa kontrè ak sa lasyans di. Men sa yon syantifik ki rele Robert Jastrow ekri: “Ni liv Jenèz la ni lasyans dakò sou yon pwen enpòtan anrapò ak fason lavi te kòmanse sou tè a. Yo toude dakò tout sa ki te pase anvan lòm te egziste sou tè a te rive byen vit, sanzatann e yo te rive nan yon moman byen presi.”

 Ki lè Bondye te kreye solèy la, lalin nan ak zetwal yo?

 Lè Bondye te kreye syèl la “okòmansman” an, li te kreye solèy la, lalin nan ak zetwal yo tou (Jenèz 1:1). Men, yo pa t rive klere tè a paske atmosfè ki antoure tè a te pwès anpil lè sa a (Jenèz 1:2). Donk, menm lè te gen limyè depi premye jou a, li pa t posib pou wè kote limyè sa a soti. Sanble se nan katriyèm jou a, atmosfè a pa t pwès ankò e limyè a te kapab rive sou tè a. Bib la di solèy la, lalin nan ak zetwal yo te kòmanse “klere tè a”, sa ki fè n konprann si te gen moun sou tè a, yo t ap kapab wè kote limyè sa a soti. — Jenèz 1:17.

 Konbyen tan Bib la di tè a genyen depi l egziste?

 Bib la pa di depi konbyen tan tè a egziste. Jenèz 1:1 di tou senpleman linivè a, san wete tè a, te gen yon kòmansman. Sa Bib la di pa kontrè ak sa lasyans di, ni li pa kontrè ak sa syantifik yo kwè anrapò ak konbyen tan tè a genyen depi l egziste.