Al gade sa k anndan l

Èske Bondye se yon senp fòs?

Èske Bondye se yon senp fòs?

Repons Bib la bay

 Bondye demontre yon fòs ki depase kèlkeswa fòs moun ka imajine nan tout linivè. Men sa Bib la di sou fason Bondye te kreye dè e dè milyon zetwal, yon kantite moun pa konte: “Leve je nou nan syèl la epi gade. Kiyès ki kreye bagay sa yo? Se Sila a ki dirije yo tankou yon lame, selon kantite yo ye. Li rele yo tout nan non yo. Grasa pakèt fòs li genyen ak pisans li genyen ki fè moun gen lakrentif pou li, pa gen youn ladan yo ki manke.” — Ezayi 40:25, 26.

 Men, Bondye pa yon fòs pisan sèlman, li depase sa lontan. Bib la di Bondye gen santiman, li konn renmen e li konn rayi (Sòm 11:5; Jan 3:16). Li fè nou konnen tou fason lèzòm aji ka gen efè sou Bondye. — Sòm 78:40, 41.