Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI

Lè mari ak madanm pa wè bagay yo menm jan

Lè mari ak madanm pa wè bagay yo menm jan

 Sa ka deja difisil pou de moun marye antann yo lè yo pa toujou enterese nan menm bagay, lefètke yo pa gen menm abitid ak menm pèsonalite. Men, li ka pi difisil toujou pou yo pale sou kèk sijè tankou:

  •   Kantite tan pou yo pase ak fanmi yo

  •   Fason pou yo jere lajan

  •   Si wi ou non y ap gen timoun

 Ki sa w ka fè si ou menm ak moun ou marye a pa wè bagay yo menm jan?

 Sa w dwe konnen

 Antann nou ak yon moun pa vle di nou panse menm jan. Menm mari ak madanm ki antann yo pi byen youn ak lòt pa toujou wè bagay yo menm jan, menm bagay ki vrèman enpòtan yo.

 “Mwen te grandi nan yon fanmi ki te vrèman pwòch. Lè wikenn, nou te konn pase tan ak gran paran m yo, ak tonton m yo, matant mwen yo ak kouzen m yo. Fanmi mari m pa t gen abitid fè bagay sa yo. Se sa k fè, nou pa wè bagay yo menm jan sou kantite tan nou dwe pase ak fanmi nou oswa kantite tan nou dwe pase ap kominike ak fanmi nou yo ki abite lwen.” — Tamara.

 “Akoz fason mwen menm ak madanm mwen leve, nou pa toujou dakò sou fason pou n fè depans. Pandan kèk mwa apre maryaj nou, nou te fè plizyè diskisyon sou sijè sa a. Nou te oblije pale plizyè fwa sou sijè a anvan nou te rive antann nou.” — Tyler.

De moun ka ap gade menm bagay la men, yo chak wè l yon fason ki diferan. Se menm bagay la tou pou yon kesyon kote de moun marye pa antann yo sou li.

 Gen kèk pwoblèm yon senp konsesyon pa ka rezoud. Pa egzanp, ki sa n ap fè si youn nan paran nou malad e l bezwen nou pran swen l? Oswa youn nan nou vle gen timoun, men lòt la pa vle? a

 “Mwen menm ak madanm mwen te gen kèk bonjan konvèsasyon sou kesyon gen timoun nan. Men, li panse ak sa souvan sèjousi, e nou vin kòmanse pa wè bagay yo menm jan an ditou. Mwen pa wè solisyon.” — Alex.

 Lefètke nou pa wè bagay yo menm jan, sa pa vle di maryaj nou pap reyisi. Gen kèk espè ki fè konnen si w pa ka antann ou ak moun ou marye avè l la sou yon pwen ki enpòtan, ou ta dwe fè tout sa ki nesesè pou w jwenn sa w vle a, menmsi sa mande pou w kite moun nan. Men, si w ta chwazi swadizan solisyon sa a, ou t ap bay santiman w plis enpòtans pase ve ou te fè devan Bondye a lè w te pwomèt lòt moun nan w ap rete avè l kèlkeswa sa k rive.

 Sa w ka fè

 Pran detèminasyon pou w onore ve w te fè lè w t ap marye a. Si w detèmine pou w kenbe ve w te fè lè w t ap marye a, sa ap ede w travay ansanm ak moun ou marye avè l la kòtakòt olye youn kanpe anfas lòt.

 Prensip Bib la bay: “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Matye 19:6.

 Kalkile konbyen sa ap koute. Pa egzanp, ann sipoze youn nan nou vle gen timoun men lòt la pa vle. Gen kèk bagay pou n konsidere, tankou:

  •   Si relasyon nou solid.

     Èske relasyon nou solid ase pou n sipòte strès sa bay pou n leve yon timoun?

  •   Responsablite ki genyen nan leve timoun.

     Leve timoun vle di plis pase bay manje, rad ak kay.

  •   Sitiyasyon ekonomik nou.

     Èske n ka fè ekilib ant travay, fanmi ak lòt obligasyon?

 Prensip Bib la bay: “Kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l?” — Lik 14:28.

 Egzamine tout aspè nan kesyon an. Nou ka rive antann nou sou kèk kesyon. Pa egzanp, si kesyon an se pou n deside si n ap gen timoun, moun ki pa vle gen timoun nan ka mande tèt li:

  •   ‘Èske se kounye a mwen pa vle gen timoun oswa mwen pa vle gen timoun ditou?’

  •   ‘Èske se paske m pè pou m pa yon bon paran ki fè m pa vle gen timoun?’

  •   ‘Èske m pè pou moun mwen marye avè l la pa neglije m?’

 Yon lòt bò, moun ki vle gen timoun nan ka poze tèt li kèk kesyon, tankou:

  •   ‘Èske nou pare pou responsablite sa mande pou n leve yon timoun?’

  •   ‘Èske nou gen ase kòb pou n leve yon timoun?’

 Prensip Bib la bay: “Sajès ki sot anwo a se yon sajès [...] ki rezonab.” — Jak 3:17.

 Chèche wè sa ki bon nan fason moun ou marye avè l la wè bagay yo. De moun ka ap gade menm bagay la men, yo chak wè l yon fason ki diferan. Se konsa tou, de moun marye kapab egzamine yon pwoblèm, tankou fason pou yo depanse kòb, e yo chak wè l yon fason ki diferan. Lè n ap pale sou kesyon kote nou pa wè bagay yo menm jan, kòmanse pale sou pwen nou wè menm jan yo.

  •   Sou ki pwen nou antann nou?

  •   Ki avantaj ki genyen nan fason ou wè bagay yo ak nan fason moun ou marye avè l la wè yo?

  •   Èske youn nan nou oswa nou toude pa ka ajiste fason nou wè bagay yo pou n ka sove maryaj nou?

 Prensip Bib la bay: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 Korentyen 10:24.

a Nou ta dwe pale sou kesyon enpòtan yo anvan nou marye. Malgre sa, gen kèk sitiyasyon nou pa prevwa ki ka rive, oswa rive yon lè, fason youn nan nou te wè bagay yo ka chanje. — Eklezyas 9:11.