Al gade sa k anndan l

Frè Rasul Rozbayev.

23 MAS 2021
TIKMENISTAN

Yo mete frè Rasul Rozbayev, ki gen 21 an, nan prizon yon dezyèm fwa poutèt li pa vle fè sèvis militè akoz konsyans li

Yo mete frè Rasul Rozbayev, ki gen 21 an, nan prizon yon dezyèm fwa poutèt li pa vle fè sèvis militè akoz konsyans li

Desizyon yo pran

Nan dat 16 mas 2021, yon tribinal nan Tikmenistan fè konnen desizyon li pran nan ka frè Rasul Rozbayev. Yo kondane l pou dezan prizon poutèt li pa vle fè sèvis militè akoz konsyans li. Sa fè dezyèm fwa yo kondane l poutèt li pa vle mele nan zafè monn nan.

Enfòmasyon pèsonèl

Rasul Rozbayev

  • Dat ak kote li fèt: 1999 (Khalang).

  • Byografi: Li gen de gran sè ak yon ti frè. Apre l te fin lekòl, li t al aprann kwafè. Li renmen jwe foutbòl ak volebòl, e l renmen naje.

    Paran l yo te vin Temwen Jewova lè l te toupiti. Li te batize an 2013.

Sa k te pase

Premye fwa yo te kondane frè Rasul Rozbayev pou al nan prizon poutèt li pa vle sèvis militè akoz konsyans li se te 19 desanm 2017. Yo te kondane l pou dezan travo fòse. Yo te ba l kiltive yon moso tè; li te plante ble ladan l e l te dwe bay Leta 20 pousan nan rekòt la. Moso tè a te lwen lakay li anpil. E piske li pa t gen machin, li te konn bat wout la apye.

Selon lalwa nan peyi Tikmenistan, otorite yo ka kondane yon moun ki pa vle fè sèvis militè akoz konsyans li de fwa. Se sa k fè, 22 avril 2020, yo te konvoke frè Rasul nan yon biwo militè, men yon lòt fwa ankò li te refize antre nan lame. Se konsa, pandan plizyè mwa, yo te plede konvoke l nan biwo militè a, pase l entèwogatwa, fè doktè egzamine l, e yo t ap plede di l y ap voye l nan prizon, y ap pini l. Yo te voye ka l la nan biwo komisè gouvènman an 22 janvye 2021.

Rasul te jwenn kouraj lè l te medite sou egzanp lòt frè ak sè k ap fè fas ak menm difikilte sa yo. Men sa Rasul di: “Egzanp yo bay ede m konte sou Jewova [...] e yo ban m fòs pou m andire eprèv mwen jwenn. M ap ka fè kè Jewova ak kè Jezi kontan si m ret fidèl.” Sitiyasyon sa a se yon eprèv tou pou lafwa tout fanmi Rasul. Manman l te esplike ki sa ki te ba l fòs pandan peryòd sa a: “Grasa egzanp ki nan Bib la ak videyo nou yo, m te konnen se pa mwen sèlman k ap fè fas ak kalite eprèv sa a. Gen lòt frè ak sè k ap fè fas ak eprèv konsa, e yo pot laviktwa sou yo. Bèl egzanp yo bay ban m fòs pou m andire.”

Youn nan vèsè sitou ki te bay frè Rasul fòs se Sòm 37:23, 24. Avèk èd Jewova, nou konnen ni li menm ni lòt jèn frè nou yo, ki gen anpil kouraj, ap ret solid nan lafwa e y ap kenbe fidelite yo ak kè kontan yo.