Al gade sa k anndan l

SENGAPOU

Yo nan prizon pou lafwa yo — Sengapou

Yo nan prizon pou lafwa yo — Sengapou

Nan peyi Sengapou, yo mete disèt jèn gason ki Temwen Jewova nan prizon akoz yo pa vle al nan lame. Apre onz ladan yo te fin pase kantite tan yo te dwe pase nan prizon an, yo te vin kondane yo ankò paske yo te toujou pa vle al nan lame. Pa gen okenn dispozisyon legal nan peyi Sengapou pou ka jèn frè sa yo ye a, paske gouvènman an egzije pou moun al nan lame e li pa rekonèt dwa moun genyen pou l pa fè yon bagay akoz konsyans li.

Nan peyi Sengapou, lè yon jèn gason gen 18 an, yo mande l pou l rantre nan lame. Si l pa vle fè sa akoz konsyans li, yo ka mete l nan prizon nan yon kan militè pou jiska 15 mwa. Lè tan an rive, yo lage l epi yo bay lòd menm kote a pou yo ba l yon inifòm militè pou l ka al nan antrènman lame. Si li refize fè sa, y ap kondane l pou yon dezyèm fwa, men fwa sa a li ka rete pou jiska 30 mwa.

Donk, yon jèn frè Temwen Jewova ki pa vle al nan lame akoz konsyans li ka pran de santans youn dèyè lòt, sa vle di li ka pase plis pase 45 mwa nan prizon.

Peyi Sengapou pa vle soumèt li ak direksyon Nasyonzini bay

Sa fè lontan depi Nasyonzini ap mande peyi ki manm li yo pou yo “rekonèt yo dwe wè kesyon refize al nan lame akoz konsyans lan kòm dwa yon moun genyen pou l gen libète panse, libète pou l aji selon konsyans li ak libète relijyon, jan Deklarasyon inivèsèl dwa moun nan rekonèt sa”. Byenke peyi Sengapou manm Nasyonzini depi 1965, li fè konnen li pa dakò ak Nasyonzini sou kesyon sa a. Nan yon lèt ki gen dat 24 avril 2002, yon lèt otorite nan gouvènman Sengapou a te voye pou Komisyon Nasyonzini pou dwa moun, li te fè konnen “lè kwayans oswa aksyon yon moun kont [dwa defans nasyonal la], sa ki pi enpòtan se dwa pou yon eta pwoteje sekirite peyi l”. Yon fason dirèk, otorite yo te di: “Kesyon refize fè yon bagay akoz konsyans lan pa aplikab pou zafè al nan lame a.”

Dat ak evènman ki te pase

  1. 17 janvye 2022

    Gen 17 Temwen Jewova ki nan prizon akoz konsyans yo pa pèmèt yo al nan lame.

  2. 24 avril 2002

    Otorite nan gouvènman Sengapou a pa rekonèt dwa yon moun genyen pou l refize al nan lame akoz konsyans li.

  3. Fevriye 1995

    Yo bay Temwen Jewova ki se moun Sengapou yo plis pwoblèm, e yo arete yo plis.

  4. 8 out 1994

    Pi gwo tribinal nan peyi Sengapou rejte apèl Temwen yo fè.

  5. 12 janvye 1972

    Gouvènman peyi Sengapou retire Temwen Jewova yo sou lis relijyon Leta rekonèt.