Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Frè Aleksey Berchuk ak Anna, madanm li; frè Dmitriy Golik ak Kristina, madanm li.

9 MAS 2021
LARISI

Yo lage akizasyon kriminèl sou do frè Aleksey Berchuk ak frè Dmitriy Golik nan vil Blagovetchensk

Yo lage akizasyon kriminèl sou do frè Aleksey Berchuk ak frè Dmitriy Golik nan vil Blagovetchensk

MIZAJOU | Tribinal rejyonal la rejte apèl la

Nan dat 2 septanm 2021 an, tribinal rejyonal Amou an rejte apèl frè Aleksey Berchuk ak frè Dmitriy Golik te fè a. Yo kenbe menm santans lan pou Aleksey, men yo redui santans Dmitriy la, kounye a se dis mwa prizon. Talè konsa, y ap kite kote yo te mete yo pandan jijman an pou y al nan prizon.

Tribinal la bay de frè nou yo yon santans prizon ki pami pi gwo santans prizon yo bay Temwen yo depi 2017

Nan dat 30 jen 2021 an, tribinal vil Blagovetchensk, nan rejyon Amou, kondane frè Aleksey Berchuk pou uitan prizon e li kondane frè Dmitriy Golik pou setan prizon. Anvan sa, setan edmi prizon se te pi gwo santans prizon yo te bay yon Temwen Jewova nan peyi Larisi depi lè yo te entèdi òganizasyon an an 2017. Yo te mennen toude frè yo nan prizon menm kote a.

Enfòmasyon pèsonèl

Aleksey Berchuk

  • Dat ak kote li fèt: 1975 (Katali, nan rejyon Tchelyabensk).

  • Byografi: Li te travay nan konstriksyon e li se bòs ebenis. Li te kòmanse etidye Labib nan ane 1990 yo. Li te sispann pratike spò ki vyolan. Kounye a, li renmen jwe foutbòl ak zanmi l yo. Li te batize an 1998. Li te marye ak Anna an 2008.

Dmitriy Golik

  • Dat ak kote li fèt: 1987 (Tokòy, Repiblik Bouryati).

  • Byografi: Li travay kòm tradiktè soti nan lang chinwa al nan lang ris. Li renmen bat fè, li renmen jwe foutbòl e l renmen jwe gita.

    Tout fanmi l te kòmanse etidye Labib nan ane 1990 yo. Li te batize an 2002. Lè yo te mande pou l fè sèvis militè, li te mande pou l fè sèvis sivil nan plas sèvis militè. Yo te voye l travay nan yon mezon retrèt. Li te marye ak Kristina nan ane 2012. Yo toule de te aprann anglè ak chinwa ansanm pou yo ka fè plis nan travay predikasyon an.

Sa k te pase

Byen bonè nan ane 2018 la, ajan gouvènman an te enstale ekipman odyo ak videyo an sekrè pou siveye kay frè Golik. Nan mwa jen 2018, ajan Sèvis sekirite federal la (FSB) te rantre nan sèt kay Temwen Jewova ki nan vil Blagovetchensk. Kòm rezilta, yo te ouvri yon ankèt kriminèl kont frè Dmitriy Golik ak frè Aleksey Berchuk. Yo te akize yo kòm moun k ap òganize aktivite ki swadizan ekstremis.

Yo pa t fè Aleksey konnen yo ouvri ankèt kriminèl kont li. Nan dat ki te 21 janvye 2019 la, yo te arete l nan ayewopò Domodedovo nan Moskou pandan yo t ap verifye paspò moun k ap vwayaje yo. Yon anketè FSB te mennen Aleksey tounen nan vil kote l soti a, e li te vin pa gen otorizasyon pou l kite vil la.

Toule de frè yo te esplike enpòtans sa genyen pou nou prepare alavans pou pèsekisyon. Dmitriy di: “Li pi bon pou w atann ou w ap jwenn pèsekisyon, menmsi w ta renmen sèvi Jewova lib e libè.” Men sa l di ankò: “Nòmalman, sa ede yon moun anpil lè l prepare lespri l pou pèsekisyon. Men, sa k pi enpòtan an se prepare nan domèn espirityèl. Lè nou anba pèsekisyon, sa k pi enpòtan se pa eseye fè kou entèlijan oswa eseye jwenn yon mwayen pou n ka chape anba moun k ap pèsekite nou yo, men, se rete fidèl ak Bondye. Jezi te ka fè yon jan pou ènmi l yo pa t jwenn li, men se pa t sa l t ap chèche. Antanke disip li, objektif nou se pa evite jwenn pwoblèm, men se fè fas ak yo avèk kouraj.”

Aleksey di: “Nou t ap fè erè si n ta di tèt nou: ‘Nou pap jwenn pèsekisyon.’ Li klè Jewova kite nou jwenn pèsekisyon. Si depi alavans nou reflechi sou sa, e n chèche vin gen yon atitid pozitif, ebyen lè n jwenn pèsekisyon l ap pi fasil pou n aksepte sa e pou n andire l, toutpandan nou konte sou Jewova.”

Nou konnen frè nou yo nan peyi Larisi, tankou frè Aleksey ak frè Dmitriy, ansanm ak madanm yo ap kontinye santi yo menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri Sòm yo ki te di: “Tande! Se Bondye k ap ede m. Jewova avèk moun k ap soutni m yo.” — Sòm 54:3, 4.